Páginas

DIMANCH 11-11-2018


Koulè Vèt.
TRANNDEZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B.
PREMYE LEKTI
"Ak ti farin li an, vèv la fè yon ti pen, li pote bay Eli".
LEKTI PREMYE LIV WA YO 17, 10- 16
Jou sa yo:
Pwofèt Eli leve, l’al Sarepta. Lè l’ rive nan pòt vil la, yon madanm vèv parèt devan l’, madanm nan t’ap ranmase bwa; Eli rele l’, li di l’: "Ban m’ yon ti gout dlo nan yon veso pou m’ bwè". Pandan madanm nan t’a prale pou l’ pote l’, Eli rele l’, li di: "Tanpri, pote yon ti mòso pen nan men ou pou mwen".
Madanm nan reponn: "Sou lavi Granmèt la, Bondye ou la, mwen pa gen pen, sòf yon ti ponyen farin nan yon ja ak yon ti gout luil nan yon boutèy. Men m’ap ranmase de bout bwa pou m’al fè pat pou mwen menm ak pitit mwen an, pou nou manje, aprè sa, n’a mouri".
Eli di: "Ou pa bezwen pè, ou mèt ale, fè jan ou di a; sèlman ak farin  nan, kòmanse fè yon ti pen ou a kuit anba sann pou mwen anvan, epi pote l’ ban mwen; aprè sa, w’a fè pou ou ak pou pitit ou a. Sèke men sa Granmèt la, Bondye Izrayèl la, di: "Ja farin nan p’ap manke, boutèy luil la p’ap bese, jous jou Granmèt la ap voye lapli sou fas tè a".
Madanm nan ale, li fè daprè pawòl Eli a. Eli manje ni li menm, ni madanm nan, ni moun lakay li; depi lè sa a ja farin nan pa manke, boutèy luil la pa bese, daprè pawòl Granmèt la te di pa lentèmedyè Eli a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10 (r.: 1)
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, nam mwen.
Li menm ki kenbe verite a pou tout tan,
ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo,
ki bay moun ki grangou yo manje,
Granmèt la lage prizonye yo.R.

Granmèt la klere avèk yo,
Granmèt la drese sa k’ kraze yo,
Granmèt la renmen sa k’ kòrèk yo,
Granmèt la pwoteje etranje yo.R.

Òfelen an ak vèv la, li soutni yo,
men chemen pechè yo, li gaye yo.
Granmèt la ap kòmande kòm wa pou tout tan,
Bondye ou la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM LEKTI
"Jezikri ofri tèt li yon fwa pou tout, pou l’efase peche pakèt foul moun yo".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 9, 24-28
Jezi pa t’ antre nan yon tanp ki fèt ak men moun, nan pòtre bagay ki vrè yo, men se nan syèl la menm li antre pou l’ parèt koulye a devan fas Bondye pou nou; se pa pou l’ kapab ofri tèt li anpil fwa, tankou prèt an chèf la ki blije antre chak ane nan tanp la ak san ki pa pou li; otreman li ta blije soufri anpil fwa depi kòmansman tè a. Men koulye a, se yon sèl fwa pou tout jous finisman syèk tan yo, li parèt pou l’ detwi peche a.
Menm jan destine moun yo se pou yo mouri yon sèl fwa, epi aprè sa, pou yo parèt pou jijman an, konsa tou Jezikri ofri tèt li yon sèl fwa pou l’efase peche tout foul moun yo, aprè sa, l’ap parèt yon dezyèm fwa, san kesyon peche a, pou delivrans moun yo k’ap tann li a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Pòv vèv sa a mete plis pase tout moun".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 38-44
Lè sa a: Jezi t’ap di foul yo nan ansèyman l’ nan:
"Fè atansyon skrib yo, ki renmen pwomennen nan gran manto, epi ki renmen pou moun yo salye yo sou plas la, yo renmen chita nan premye plas yo nan sinagòg yo, yo renmen plas donè nan resepsyon yo; y’ap devore byen vèv yo, antan yo fè sanblan y’ap fè yon pakèt priyè: moun sa yo ap resevwa pinisyon ki pi rèd".
Jezi chita an fas sal kèt la; l’ap gade kijan foul la t’ap mete lajan nan kèt la; anpil moun rich t’ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive, li mete de ti pyès, ki vo vennsenk kòb.
Jezi rele disip li yo, li di yo: "Amèn, mwen di nou, pòv vèv sa a mete plis pase tout moun ki mete lajan nan kèt la; sèke tout moun, se nan sa yo genyen an twòp yo bay; li menm menm se nan ti sa k’ pa menm kont pou li a li pran, tout sa l’ te genyen, li bay li, tout sa l’ te bezwen pou l’ viv la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Liv Wa yo montre nou kijan Granmèt gen kè sansib pou vèv li yo, pòv li yo, moun ki met konfyans nan li. Atravè rankont pwofèt Eli avèk vèv sa, ki pa t’ gen anpil mwayen pou li te viv ak pitit li a, ti sa l’ te genyen an, li ta pral manje l’aprè sa pou l’ te mouri.
Men li te koute vwa Bondye ki te pale avè l’ pa lantremiz pwofèt la, epi l’ te fè sa pwofèt la te mande l’ fè a, konsa li te jwenn benediksyon ak favè Bondye, ja farin li an ak boutèy lwil li a pa t’ janm fini paske l’ te kwè nan Bondye epil pa t’ pè pataje ti sa l’ te genyen an tou. Yon fason global, pawòl Bondye a mande nou de bagay jodi a : konfyans nan Bondye ; pataje sa nou genyen sitou ak moun kip a genyen.
Sen Ogisten di «nou gen plis kè kontan pou nou bay ke resevwa», lè nou bay se lè a nou resevwa.
Sila ki ekri Lèt pou ebre yo ap fè diferans pou nou ant Jezi kòm Gran Prèt ak lòt gran prèt yo. Gran prèt yo te oblije antre chak ane nan tanp la ak san bèt pou yo ofri sakrifis pou peche pèp la ak peche pa yo tou. Men Jezi li menm antre yon sèl fwa, li disparèt fènwa peche a ; konsa li fè nou konnen se yon sèl fwa n'ap mouri aprè pou nou kapab parèt nan Jijman an, menm jan an tou l'ap retounen pou li vin chèche nou, sila yo ki fè volonte Bondye, sila yo k'ap tann li a. Se pou nou tout e nou chak Jezi te bay lavi l’, konsa nou tout dwe travay pou nou kapab jwenn lavi ki p’ap janm fini an paske Jezi pwomèt ke l’ap tounen vin chèche nou, se nou tout ki dwe fè jefò pou ale avè l’ nan peyi kote Bondye ap kòmande pou tout tan an.
Eskrib yo se espesyalis ak entèprèt ofisyèl pawòl Bondye. Yo te bay tèt yo wòl pou yo konseye moun k’ap pran desizyon nan Lalwa. Kalite fòmasyon sa  yo, Jezi ak disip li yo pa t’ gen chans resevwa yo.
Men Jezi te trè diferan pa rapò avèk yo nan fason yo t’ap konpòte yo. Se sa ki fè ke yo te opoze, youn pa t’ vle wè lòt, Jezi t’ap denonse mechanste yo t'ap fè moun yo, ak fason yo t’ap viv. Se sa k’ fè l’ di nou fòk nou pran prekosyon avèk yo paske yo renmen fè wè, nan fason yo salye moun sou plas piblik, nan jan y’ap kouri pran premye plas nan legliz. Yo te plis atire moun vin jwenn yo ke yo olye yo te kite Bondye atire yo. Sa y'ap di moun fè, yo menm yo pa fè l’,  y’ap pran byen vèv yo, y’ap maltrete yo, yo fè moun enjistis nan pran ti lajan yo.
Se pou sa Jezi demaske ipokrizi yo, epi li di nou pran prekosyon avèk yo. Men moun sa yo gen pou yo peye plis ke sa paske moun pa ka bay Bondye manti, paske li wè kè nou, nou byen transparan devan li. Kay koule twonpe solèy, men li pa ka twonpe lapli.
Nou menm, nou pa dwe aji pou fè moun wè ; se pou nou chèche fè volonte Bondye nan tout sa n'ap fè, tout kote nou ye.
Jezi chita nan tanp la l'ap swiv moun yo k’ap fè ofrann yo, gen moun ki mete gwo pyès lajan, men gen yon vèv ki rive li mete sèlman de ti pyès, se tout sa li te genyen.
Jezi pran lapawòl, li di disip li yo se dam sa ki mete ki mete plis, paske li bay tout sa l’ te genyen an, men lòt moun yo se nan sa yo pa bezwen an yo bay. Sa montre nou ke depi lontan te gen sa yo rele inegalite nan klas sosyal yo, men Jezi vle fè nou wè tou se pa richès nou yo ki enterese l’ men se kè nou, se atitid nou. Lè n'ap bay Bondye se ak tout kè nou nou dwe fè sa, nou pa dwe bay sa nou pa bezwen.
Anpil fwa nou konn ap gaspiye manje epi gen moun k'ap pase mizè, yo pa jwenn anyen pou yo soutni kò yo.
Nan mond sa n'ap viv jounen jodi a nou dwe pran konsyans de eta nou, de jan nou ye, de relasyon nou ak sosyete a, pou nou wè ki kote nou ye, si n'ap travay pou n’ fè moun wè oubyen si n'ap travay pou nou rive fè volonte Bondye.
Se sa menm Jezi vle di nou, lè l’ di nou fòk nou pridan ak eskrib yo pou nou pa fè menm jan avèk yo, pou nou travay pou pawòl nou ka rive fè youn ak aksyon nou yo ; konsa n’a rive viv kòm frè ak sè epi sosyete nou an va chanje tout bon vre,  lavi nou va chanje menm jan lavi vèv la te chanje a, paske Bondye ap konble tout vid ki nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi pou san w’ ki te koule pou mwen, pou lavi w’ ou te bay pou mwen.
PWOPOZISYON: Nan pwoblèm mwen m’ap fè Bondye konfyans. Se li menm sèl ki kapab sove mwen. Pa gen anyen li pa ka fè (Lik 1,37).

No hay comentarios:

Publicar un comentario