Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
«Lespri Granmèt la ap poze sou li».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 11, 1-10
Jou sa a :
Yon ramo ap sòti nan rasin Jese, epi
yon flè ap monte sot nan rasin li, lespri Granmèt la ap poze sou li :
lespri sajès ak entelijans, lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri
krent Granmèt la ap plen l’.
Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan
je, li p’ap pran pozisyon daprè bui ki rive nan zòrèy ; men l’ap jije pòv
yo nan jistis, l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a, l’ap
frape tè a ak bagèt bouch li, ak souf po bouch li l’ap touye mechan yo. Jistis
ap sèvi senti tay li, lafwa ap sèvi zam-pwotèj pou ren l’.
Lou ap abite avèk mouton, tig ap kouche
kot kabrit ; bèf ak lyon ak mouton ap abite ansanm, yon ti gason ap kondui
yo ; bèf ak ous ap manje ansanm, pitit yo ap rete menm kote, lyon ap manje
pay tankou bèf. Ti bebe ki nan tete ap jwe sou twou koulèv mechan. Nan twou
koulèv la ti bebe a ap lonje me l’. Yo p’ap fè mechanste, yo p’ap touye sou
tout mòn mwen an ki sen an, paske tè a plen ak syans Granmèt la, tankou dlo yo
ki kouvri lanmè a. Jou sa a rasin Jese a, ki kanpe kòm siy pèp yo, nasyon yo ap
chèche l’, kote l’ ye a ap nan bèlte.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2, 7-8, 12-13, 17
R/ Jistis ap fleri
nan tan l’.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit
wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv
ou yo nan jijman.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè
an kantite joustan lalin nan disparèt.
L’ap kòmande sot nan lanmè al nan
lanmè,
epi sot nan gran larivyè jous nan bout
fas tè yo.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a,
ak pòv la ki pa gen sekou a.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab
la, l’ap sove nam pòv yo.R.
Se pou non l’ beni pou tout tan, devan
solèy la se pou non li dire.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon
nan li.
Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
LEVANJIL
«Jezi tresayi nan lespri Sen an».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 21-24
Lè sa a :
Jezi tresayi nan Lespri Sen an, li
di : «Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache
bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans yo, epi ou devwale yo bay sa
ki tou piti yo. Wi, Papa, paske se konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen
tout bagay. Pèsonn pa konnen ki sa Pitit la ye, sinon Papa a; epi ki sa Papa a
ye, sinon Pitit la ak moun Pitit la vle devwale sa».
Li vire kot disip li yo, li di: «Se
chans pou je yo ki wè sa nou wè a. Mwen di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa
nou wè yo, men yo pa t’ wè yo; yo te vle tande sa n’ap tande yo, yo pa t’ tande
yo».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pwofèt Izayi envite nou viv ak lespwa (nou konn di nan pwovèb
nou: Espwa fè viv). Pwofèt la vin anonse nou, kote Sovè a ap sòti a, se nan
rasin Jese a, kote Lespri Bondye ap avanyi li, konsakre li, mete li apa pou
sèvis Granmèt la. Li p’ap jije sou aparans men l’ap jije daprè sa li wè, l’ap
jije ak jitis. Tout moun ap jwenn plas yo merite, pòv ak rich ap chita ansanm,
timoun ap rete kote bèt sovaj, kote se lanmou k’ap bousòl nou.
Jezi fè
konpliman pou Papa li, paske li kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun
entelijans yo, epi li devwale yo bay sa ki tou piti yo. Nan levanjil la, Jezi
envite nou fè nou tou piti, pou nou pa fè grandizè. Si nou vle konnen Pitit la,
fòk nou fè nou piti yon fason pou Papa ka ouvri entelijans nou pou ka rive
dekouvri plan Bondye gen pou nou.
Se chans pou
nou chak, frè ak sè m’ yo ki koute pawòl Bondye a, pawòl sa ki pote lavi nèt
ale, paske Pawòl sa a se Jezi menm.Se poutèt sa, an nou mande Bondye pou li ede
nou kenbe pawòl sa nan kè nou pou li donnen, pou l’ pote fwi, pou yon jou nou
ka parèt devan Granmèt fas a fas, li menm ki vivan ki Wa depi toutan e pou
toutan.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede nou dekouvri
prezans ou nan lavi nou, nan peyi nou, nan fanmi nou, nan tout aktivite nou yo.
Tranpri, ede nou rankontre pitit ou a chak jou pandan nou aksepte koute pawòl
ou a. Ou menm ki vivan ki wa, ki Bondye kounye a e pou toutan.
PWOPOZISYON:M’ap ankouraje yon moun antre nan yon aktivite Legliz la, nan yon gwoup,
nan katechèz, nan apostola.
No hay comentarios:
Publicar un comentario