Páginas

MЀKREDI 5-12-2018


Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
"Granmèt la envite n’ nan resepsyon l’ nan, li siye dlo sot nan tout figi".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI  25, 6-10a
Jou sa a:
Granmèt lame yo ap fè yon resepsyon bon vyann pou tout pèp yo sou mòn sa a, resepsyon bon diven, vyann ki gen bon gou, diven ki byen poze. Sou mòn sa a, l’ap chavire fas chenn nan ki te mare sou tout pèp yo, ak vwal la ki te vlope sou tout nasyon yo. L’ap chavire lanmò a pou tout tan, Granmèt Bondye ap wete dlo sot nan tout figi, l’ap wete lawont pèp li a sot sou tout tè a, paske Granmèt la pale.
Jou sa a y’ap di: "Men Bondye nou an, nou t’ap tann li, l’ap sove nou; se li menm Granmèt la, nou t’ap espere li, n’ap fete, n’ap fè kè nou kontan nan delivrans li a. Paske men Granmèt la ap poze sou mòn sa a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4, 5. 6
R/ M’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen:
nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nanm mwen.R.
Li mennen m’ sou santye jistis poutèt non l’.
Sèke si m’ap mache nan tè fon lanbraj lanmò,
mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.
Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo;
ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapouswiv mwen toulejou lavi m’,
m’ap abite nan kay Granmèt lapou longè jou yo.R.
LEVANJIL
"Jezi geri anpil moun, li fè pen yo vin anpil".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 15, 29-37
Lè sa a:
Jezi rive bò lanmè Lagalile a, li monte sou mòn nan, 1i chita la. Anpil foul pwoche kote l’, yo te gen moun baba, moun avèg, moun bwate, moun malad, ak anpil lòt, yo lage yo nan pye l’, li geri yo; a tèl pwen foul yo te sezi lè yo wè moun baba k’ap pale, moun bwate k’ap mache, moun avèg ki wè, yo t’ap fè lwanj Bondye Izrayèl la.  Jezi menm rele disip li yo, li di: "Mwen gen pitye pou foul la, paske sa fè twa jou deja yo pèsevere avèk mwen epi yo pa gen dekwa manje, mwen pa vle ranvwaye yo san manje, pou yo pa tonbe feblès sou wout la".
Disip li yo di l’: "Ki kote nou kapab jwenn pakèt pen sa yo nan savann nan, pou nou kontante pakèt foul sa a?"
Jezi di yo: "Konbyen pen nou genyen?"
Yo menm yo di l’: "Sèt, epi kèk ti pwason".
Li pase foul yo lòd pou yo kouche atè a; li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo, li bay disip li yo bay pèp la, tout moun manje, yo kontante. Sa k’ te rete an plis e nan moso yo, yo ranmase sèt panye plen.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bon­dye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Bondye, pa lentèmedyè pwofèt Izayi, fè pèp Izrayèl la yon gwo pwomès: gen yon tan k’ap vini soufrans yo pra l’ fini, p’ap gen grangou ankò, p’ap gen kè sere. Bondye ap voye yon Liberatè pou yo. Liberatè sa a, se Jezi Pitit li: Li se Mesi a pwofèt yo te anonse a. Se nan li Bondye Papa a reyalize plan delivrans li pou Ras Lèzòm.
Kòm Prèt an Chèf,  Jezi ofri tèt li sou lakwa pou nou. Li se Sakrifis la, Mouton san tach la. Sa k’ pi bèl la, se pa pou peche pèp Ansyen Kontra a sèlman, men se pou tout moun alawonnbadè.
Nan bouch pwofèt Izayi Bondye pwomèt malere yo yon gran banbòch manje, epi chenn ki mare yo pral kase epi kè yo pral  kontan, alafen l’ap detwi pi gwo ènmi an ki se lanmò.
Nan Levanjil la nou deja wè pouvwa liberasyon an nan Jezi ki bay plis pase ven mil moun ki t’ap swiv li manje (pa sèlman manje k’ap soutni kò a, men tou nouriti pou nanm yo). Nan pami moun sa yo te gen avèg, te gen moun ki paralize, moun ki bèbè, moun ki soud. Kè sansib li pa t’ kite l’ ranvwaye moun yo lakay yo san manje e san delivrans yo te vin chèche nan menm l’ nan.
Pi gran fèt Jezi ba nou an, se lè li envite nou manje pwòp kò l’ epi bwè pwòp san li nan Lekaristi a; chak fwa nou kominye, se pwòp kò ak san Jezi nou resevwa, se lavi an kantite pou tout tan, paske se li ki di «Moun ki manje kò mwen e ki bwè san mwen p’ap janm mouri» (Jan 6,54).
LAPRIYÈ:Granmèt, ou menm ki fè nou kado sèl grenn Pitit ou a, Jezikri, Sovè nou (ki ban nou manje pwòp kò ak san l’ pou nou gen lavi ki p’ap janm fini an), tanpri fè nou favè yon kè ki sansib menm jan avèk li, dekwa pou n’ pataje sa n’ ye ak sa n’ genyen bay frè nou.Amèn
PWOPOZISYON: Bay piti pa chich. Ann pataje sa nou genyen ak moun ki pa genyen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario