Páginas

LENDI 4-2-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Gras a lafwa yo ranpòte laviktwa sou rèy yo, Bondye prevwa kichòy pi bon pou nou".
NAN LÈT POU EBRE YO 11, 32-40
Frè m’ yo:
Kisa pou m’ ta di ankò? Sèke mwen pa gen tan pou m’ ta rakonte istwa Je­deyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak pwofèt yo.
Yo menm ki ranpòte viktwa sou peyi wa yo gras a lafwa yo a, yo reyalize jistis la, yo resevwa pwomès yo, yo fèmen bouch lyon yo, yo etenn chalè dife, yo chape anba fè epe a, yo geri sot nan maladi, yo vanyan nan lagè, yo fè lame moun deyò yo vire do yo. Medam yo resevwa mò yo ki resisi­te. Dòt menm malgre yo fè yo pase mati, yo pa aksepte3 yo lage yo, pou yo te kapab jwenn rezireksyon an ki pi bon an.
Dòt menm ankò kite yo eseye yo antan yo pase yo nan jwèt, antan yo ba yo kout fwèt, menm ak chenn ak prizon; yo kalonnen yo ak kout wòch, yo siye yo an de, yo tante yo, yo fè yo mouri ak kout epe, yo mache san direksyon, yo abiye ak po mouton ak po kabrit, yo grangou, yo gen kè sote, yo pase tray, tè a pa t’ merite resevwa yo; yo mache nan dezè yo san che­
men, nan mòn yo, nan twou wòch yo ak nan twou tè a.
Tout moun sa yo te eseye pou te­mwayaj lafwa a, yo pa t’ resevwa pwomès la, Bondye te prevwa kichòy ki pi bon pou nou, pou yo pa t’ fin kòrèk nèt san nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 20. 21. 22. 23. 24
R/ Se pou kè nou pran kouraj, nou tout ki espere nan Granmèt la.
Ala anpil yo anpil kantite dousè ou, Granmèt, sa ou kache pou moun ki krenn ou yo.
Ou reyalize yo pou sa yo ki espere nan ou yo, devan fas pitit moun yo.R.
Ou kache yo nan kachèt fas ou a, de­van tranzaksyon moun yo;
ou pwote­je yo nan tant la, lwen lang yo k’ap demanti yo. R.
Konpliman pou Granmèt la, paske li montre mèvèy mizerikòd li pou mwen nan yon vil ki byen   pwoteje.R.
Kanta mwen menm mwen te di nan twò prese m’ nan:
 "Ou wete m’ sot devan je ou".
Vrèman ou koute vwa priyè m’, pandan mwen rele kote ou.R.
Renmen Granmèt la, tout sen l’ yo;
Granmèt la pwoteje fidèl yo, l’ap pini moun k’ap leve tèt yo byen pini.R.
LEVANJIL
"Pati, espri papwòp, sot nan mesye a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN
5, 1- 20
Lè sa a:
Jezi rive avèk disip li yo lòt bò lan­mè a nan rejyon Gerazenyen yo. Kon l’ sot nan batiman an, menm lè a gen yon mesye ki kouri sot nan kavo yo, li te gen yon lespri papwòp, se nan kavo yo li te rete, menm ak chenn pè­sonn pa t’ kapab reyisi mare l’; paske anpil fwa, yo te mare l’ak wonn fè ak chenn, li te kase chenn yo, li te kraze wonn fè yo, pèsonn pa t’ kapab don­te l’. Tout tan lajounen ak nannuit, li te ret nan kavo yo ak nan mòn yo li t’ap rele byen fò, li t’ap blese kò l’ak wòch.
Lè l’ wè Jezi depi byen lwen, li kou­ri, li adore l’. Li rele byen fò, li di: "Kisa k’ genyen ant mwen menm ak ou menm, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nèt la? Mwen sipliye ou pa pouvwa Bondye, pa fè m’ pase mati". Sèke li t’ap di l’: "Pati, espri papwòp, sot nan mesye a". Li t’ap poze l’ kesyon: "Ki non ou?" Li di l’: "Se lejyon yo rele m’, paske se anpil nou ye". Li t’ap priye l’anpil pou l’ pa chase l’ sot nan rejyon an.
Nan kote sa a, sou mòn nan, te gen yon bann kochon, yo te anpil, yo t’ap manje. Lespri yo sipliye l’, yo di: "Voye nou nan kochon yo, pou nou antre nan yo"; Menm lè a Jezi ba yo pèmisyon. Lespri papwòp yo sòti, yo antre nan kochon yo, ak yon gran fòs bann nan plonje nan lanmè a, yo te anviwon de mil konsa, yo toufe nan lanmè a.
Moun yo ki t’ap gadiyen yo, yo kou­ri, y’al pot nouvèl nan vil la ak nan jaden yo. Moun yo sòti, pou yo wè ki sa k’ te rive. Yo vin kot Jezi, yo wè mesye a demon an te konn ap mal­trete a, li te chita, abiye, ak lespri l’ kòrèk, yo sezi. Moun yo ki te wè a, yo rakonte yo sa k’ te rive mesye a ki te gen demon an, epi kesyon kochon yo. Yo kòmanse mande l’ pou l’ pati sot nan tèritwa yo.
Pandan l’ap monte nan batiman an, mesye a demon an te konn ap mal­trete a priye l’, pou l’akonpaye l’. Li pa aksepte l’, men li di l’: "Al lakay ou kot moun ou yo, anonse yo tout sa Granmèt la fè pou ou, kijan l’ gen pi­tye pou ou". Li pati, li kòmanse pre­che nan Dekapòl la tout sa Jezi te fè; tout moun te sezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Levanjil jodi a envite nou afwonte fòs mal la. Jezi fèk sòti nan batiman an lè mesye ki te gen lespri papwòp la kouri sòti nan kavo a. Ak pouvwa Papa a ba li, Jezi rive kontwole vye lespri ki te nan nèg sila a. Sa mwen vle aprann nou jodi a, frè m’ak sè m’ yo, satan entelijan an­pil, li toujou sou twonpe moun. Fòk nou fè anpil atansyon pou n’ kapab fè diferans ant fòs mal la ak fòs byen an.
Sen Inyas ki se fondatè Jezwit yo en­vite nou nan gwo ekzèsis espirityèl ke l’ bay Legliz la pou n’aprann fè disènman lespri, sa vle di aprann konnen ke fòs mal la ka parèt sou plizyè fòm paske wòl li se twonpe moun.
Nan Levanjil jodi a, nou jwenn yon Jezi ki ase entelijan ki rekonèt move lespri a ki te nan nonm nan. Li chase fòs mal la epi li te voye yo sou kochon yo. Jezi te debarase nèg sa anba pouvwa mal la ki te vle fini ak nanm li.
Nou se pitit Bondye: fòs mal la p’ap janm ka gen pouvwa sou nou. Men pou sa fèt frè m’ ak sè m’ yo, fòk nou pa nan yon pye deyò, yon pye anndan, fòk nou sèvi Bondye ak tout nou menm. Si se pa sa, lè satan vini pou l’ devo­re nou ak tout kalite pichon, Papa a ki nan syèl la p’ap janm ka pran de­fans nou. Bondye jalou, li pa renmen moun k’ap sèvi l’ e k’ap sèvi dyab la.
Nou dwe fè jefò pou n’ pa janm kite nou tonbe nan pyèj dyab la, k’ap ofri nou tout bèl bagay; aprè sa pou l’ kapab manje nou, menm jan li te vle devore nèg sa ki te gen move lespri sou li a.
Si nou byen konprann, nan levanjil la, Mak di nou ke nonm sa se nan kavo yo li te rete, sa vle di tout moun ki fè chemen dyab la, rezilta li jwenn se lanmò. Sèl Bondye lavi a ki ka sove nou anba grif dyab la ki pa gen lòt lide nan tèt li ke manje tout pitit Bondye.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, delivre m’ anba fòs fènwa lanmò ki vini pou touye m’. Pa kite traka lavi a fini avè m’. Kache m’, kouvri m’, sere m’ anba zèl ou.Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Ou p’ap ka sèvi 2 mèt alafwa: swa ou pou Bon­dye oubyen ou pou Satan. Si w’ sèvi Bondye ak senserite, ou deja genyen batay la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario