Koulè Blan.
AGAT KI SEN.
PREMYE LEKTI
"Avèk
pasyans, se pou nou kouri nan batay la ki pare pou nou an".
NAN LÈT POU EBRE YO 12, 1-4
Frè m’ yo:
Nou menm ki gen yon si gran kantite
nyaj temwen, se pou nou lage tout chay ak peche k’ap anbarase nou, pou nou
kouri avèk pasyans nan batay la ki pare pou nou an, antan n’ap gade lotè lafwa
nou an, Jezikri ki fè lafwa a vin kòrèk nèt la, li menm, yo te prezante kè
kontan devan l’, men li te sipòte lakwa a, li te meprize wont la, li chita
adwat Bondye.
Sonje sa a ki te sipòte kontraryete pechè yo
te drese kont li a, pou nou pa kite feblès pran nanm nou. Nou pa ko reziste
ankò jous nan san, antan n’ap batay kont peche a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 21, 26b-27. 28 e 30. 31-32
R/ Y’ap fè lwanj
ou, Granmèt, sa yo k’ap chèche w’ la.
M’ap regle sa m’ te pwomèt yo devan
moun ki krenn li.
Se pou pòv yo manje, se pou yo gen
vant plen,
y’ap fè lwanj Granmèt la, sa yo k’ap
chèche l’yo.
"Se pou kè yo viv pou tout tan
gen tan".R.
Y’ap
sonje, y’ap tounen kot Granmèt la tout limit tè a,
y’ap adore devan l’ tout fanmi
nasyon yo.
Paske peyi wa a se pou Granmèt la,
l’ap kòmande nasyon yo.
Se li menm sèl y’ap adore, tout sa
k’ap dòmi nan tè a.R.
Nanm mwen ap viv pou li, ras mwen ap
sèvi l’.
Y’ap pale osijè Granmèt la bay
jenerasyon k’ap vini an,
y’ap anonse jistis li a bay pèp la
k’ap fèt la:
"Se bagay sa yo Granmèt la te
fè".R.
LEVANJIL
"Ti fi, mwen di ou,
leve".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 5, 21- 43
Lè sa a:
Kòm Jezi
te travèse ankò nan batiman an lòt bò lanmè a, gen yon gran foul ki vini jwenn
li; li te bò lanmè a. Gen youn nan chèf sinagòg yo ki rive, yo te rele l’ Jayi;
lè l’ wè l’, li tonbe nan pye l’; li t’ap priye l’anpil, li t’ap di:
"Pitit fi m’ nan prèske mouri; vini, poze men sou li, pou l’ kapab sove,
pou l’ viv". L’ale avèk li, yon gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze
l’.
Gen yon
madanm, ki t’ap pèdi san depi douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te
preskri l’anpil remèd, li te fin depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn
okenn rezilta, okontrè se pi mal li t’ap vin pi mal; lè l’ tande pale osijè
Jezi, li vin nan foul la, dèyè, li touche rad li. Li t’ap di: Si o mwen mwen
touche rad li, m’ap sove". Menm lè a sous san l’ nan tari, li
santi nan kò l’ li te geri sot nan maladi a.
Menm lè a Jezi rekonèt anndan l’ gen
yon fòs ki te sòti nan li, li vire kot foul la, li t’ap di: "Kilès ki
touche rad mwen an"? Disip li yo t’ap di: "Ou wè foul la k’ap kraze
ou, epi w’ap di:
"Kilès ki touche m’"? Men
li vire pou l’ wè madanm nan ki te fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li
t’ap tranble, li te konnen sa k’ te pase nan li, li vini, li lage kò l’ devan
l’, li di l’ tout verite a. Li menm menm li di l’: "Mafi,
lafwa ou sove ou; ale ak lapè, se pou ou geri sot nan maladi w’ la".
Pandan li t’ap pale toujou, moun yo
vin kot chèf sinagòg la, yo di: "Ti fi w’ la mouri; pouki sa w’ap trakase
Mèt la"? Jezi menm, lè l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf sinagòg la:
'Pa pè; se pou ou kwè sèlman". Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè, Jak
avèk Jan, frè Jak la.
Yo rive nan kay chèf sinagòg la, kote
li wè gen bwi, moun k’ap kriye, k’ap rele anpil. Li antre, li di yo:
"Poukisa nou twouble, n’ap kriye? ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap
dòmi". Yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li menm menm, li mete tout moun deyò,
li pran papa ak manman ti fi a epi moun yo ki te avèk li a; li antre kote ti fi
a te kouche a. Li kenbe men ti fi a, li di l’: "Talita, koumi"; sa
vle di: "Ti fi, mwen di ou, leve". Menm lè a ti fi a leve, li t’ap
mache (li te gen douzan); yo te sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè
pou pèsonn pa konn sa; li di pou yo ba l’ manje.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Jodi a, Legliz la ap sonje Agat ki sen,
yon jèn fi ki t’ap viv nan peyi Sisil, ki te mete tout lavi li nan sèvis
Granmèt la. Se konsa
li te mouri nan tan pèsekisyon an, nan lane 251 aprè Jezikri.
Anpil fwa nan lavi nou kòm patizan
Jezikri, nou chache ti konfò nou e nou pa bay temwayaj, nou pase lwen angajman
nou kòm pwofèt, paske nou pa vle pèsonn lonje dwèt sou nou, nou pè sosyete a,
oubyen nou pa vle pèdi avantaj mond la ofri nou.
Nan Levanjil la nou wè Jezi, Pitit
Bondye a k’ap aji, li vini pou l’ sove tout moun anba peche a, anba maladi kòporèl
ak espirityèl, li leve yon jèn fi ki mouri. Nan kalite aksyon sa a, Jezi montre
li se sila ki sòti nan Bondye a, li se Bondye tout bon vre a. Nan sans sa a
tou, Jezi montre nou kòman nou dwe chache dekouvri soufrans ak pwoblèm moun yo
pou n’ pote delivrans pou yo. Men se pa pou kont nou n’ap fè bagay sa yo, paske
pa janm gen kretyen ki travay pou kont li. Nou fèt pou n’ viv chak jou ak
konviksyon ke Jezi Pitit Bondye a vivan epi li nan nou menm. Nou fèt pou n’ viv
nan lafwa n’, se lafwa sa a ki fè n’ chèche konnen volonte Bondye nan lavi nou.
Menm jan ak fanm ki t’ap pèdi san an,
fòk nou mete konfyans nou nan Jezi k’ap viv nan mitan nou, pou n’ konnen l’ kapab
rezoud anpil pwoblèm nan sosyete nou an ki sanble pa gen solisyon. Nan Jezi
tout bagay posib, menm moun ki mouri kapab reviv. Konfyans nou nan Bondye kapab
ede nou chanje anpil bagay nan sosyete a.
Se pou
nouvo ane sa a ede n’ reflechi sou pwòp sans angajman n’ak Bondye pou n’ deside
chak jou chanje sa k’ merite chanje epi travay nan tèt ansanm pou liberasyon
kominote n’ap viv la.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki te
ban n’ Jezi kòm frè, kòm bon zanmi, ede n’ poze aksyon ki ede moun viv, ki ede
moun pwoche pi pre w’, ki ede n’ chanje reyalite lavi pèp nou an. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Pran yon
jou pou vizite malad nan kominote kote w’ap viv la an gwoup, priye pou yo ak
lafwa epi wè kisa n’ kapab fè pou n’ chanje kondisyon malad la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario