Páginas

MЀKREDI 6-2-2019


Koulè Vèt.             
PREMYE LEKTI
«Moun Bondye renmen, li korije l’».
NAN LÈT POU EBRE YO 12, 4-7. 11-15
Frè m’ yo:
Nou pa ko reziste ankò jous nan san, antan n’ap batay kont peche a, epi nou bliye konsolasyon an mwen te pale avèk nou an tankou pitit la, lè m’ te di:
"Pitit mwen, pa neglije koreksyon Granmèt la, pa dekouraje paske l’ap reprann ou. Sèke moun Granmèt la renmen, li korije l’, li drese tout pitit li aksepte".
Pèsevere nan disiplin nan. Bondye ofri tèt li ba nou tankou bay pitit li. Kilès pitit, yon papa pa korije l’?
Tout koreksyon y’ap sibi koulye a, se pa ak kè kontan yo konsidere l’ men se ak chagren; sèlman aprè sa, li renmèt bon fwi jistis ki bay lapè pou moun yo ki jwenn redresman gras a li yo. Se pousa drese men ki febli yo ak jenou k’ap pliye yo, egalize wout yo pou pye nou, pou moun k’ap bwate a pa devye, okontrè pou l’geri.
Se pou nou suiv lapè avèk tout moun, se pou nou suiv sa k’ap fè nou vin sen an tou, san sa pèsòn p’ap wè Bondye. Fè atansyon pou pèsòn pa vire do bay gras Bondye a, pou pa gen rasin anmè k’ap jèmen pou l’ jennen nou, pou l’anpwazonnen tout foul la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 12. 13-14. 17-18a
R/ Mizerikòd Granmèt la depi tout tan sou moun ki krenn li yo.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen;
tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Tankou papa pran pitye pou pitit li yo,
Granmèt la pran pitye pou moun ki krenn li yo,
sèke li menm li konnen ak ki sa nou fèt,
li sonje kijan se pousyè nou ye.R.
Mizerikòd Granmèt la menm se depi tout tan,
epi jous pou tout tan sou moun ki krenn li yo,
jistis li nan pitit moun yo;
nan sa yo ki kenbe alyans li a.R
LEVANJIL
"Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan peyi l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 1-6
Lè sa a:
Jezi t’al nan peyi l’; disip li yo t’ap suiv li. Lè saba a rive, li kòmanse bay ansègnman nan sinagòg la.
Anpil moun ki t’ap koute l’ te sezi nan ansèyman l’nan, yo t’ap di: "Kote tout bagay sa yo sòti pou sa a? Epi ki kalite sajès sa a yo ba li a, ak kalite pouvwa sa yo k’ap reyalize nan men l’konsa a? Èske se pa menuizye a sa, pitit Mari a, frè Jak la, ak Jozèf la, ak Jida a, ak Simon an? Èske ni sè l’ yo tou pa avèk nou"? Yo te eskandalize nan li.
Jezi menm t’ap di yo: "Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan peyi l’ak nan kay li ak nan fanmi li".
Li pa t’ kapab fè okenn mirak kote sa a, sof kèk enfim li geri, antan l’ poze men sou yo. Li te sezi poutèt yo pa t’ gen lafwa.L’al nan bouk yo alantou yo antan l’ap bay ansèyman.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Nan premye lekti a nou li nan Lèt pou Ebre yo, nou jwenn yon nòt sou koze koreksyon. Bondye se yon Papa, men se pa nenpòt ki Papa: se yon Bon Papa. Li bay pitit li yo sa yo bezwen pou yo viv, lasante, entelijans, kouraj, travay, renmen nan kè yo. Men, Bon Papa sa a pa kite nou fè sa ki nan lide nou ; lè nou merite l’, li ba nou koreksyon ki nesesè, dekwa pou nou pa pèdi. Yon papa ki pa renmen pitit li kite l’ fè sa l’ vle, li ba li sa li mande l’; men sa ki renmen l’ lan ba li sa ki nesesè pou li e li korije l’ chak fwa li fè yon move aksyon. Konsa, timoun nan lè li rive nan laj majè a, li va di l’ mèsi, lè l’ va rann li kont ke se yon byen li t’ap fè pou li.
Si papa sou tè a yo konnen pou yo fè sa, alevwa pou Bondye Papa nou an. Bondye pa bay pitit li chatiman, li pa ba li tantasyon, men li konn ba li yon eprèv, li pèmèt nou antre nan yon moman kriz dekwa pou nou kapab chanje mòd lavi nou, pou nou kab grandi nan lafwa. Levanjil la menm montre nou jan yo pa te aksepte Jezi nan pwòp peyi kote li te sòti a.
Nan lavi Jezi, te gen moun ki t’ap mache dèyè l’, moun ki t’ap fè lwanj pou li, moun ki te rekonèt pouvwa Bondye nan li. Men tou Jezi te jwen anpil mepri, anpil desepsyon, yo te pale l’ mal, yo te menm rive di li pèdi tèt li.
Nan Levanjil sa, yo meprize l’ nan pwòp antouraj li, yo te rekonèt li kòm pitit Mari ak Jozèf, li pa t’ gen otorite devan yo, yo pa t’ mete lafwa nan li. Pou sa, li pa t’ rive fè gwo mèvèy ke l’ te fè nan lòt zòn kote l’ te pase yo.
Anpil fwa nan lavi, yon kretyen konn gen sitiyasyon ki vle fè l’ dekouraje, tankou enkonpreyansyon, mepri, jalouzi, tripotaj. Nou pa dwe dekouraje, paske Jezi te sibi anpil move tretman sa yo tou, men li pa t’ janm lage e li te gen laviktwa. Avèk Jezi, viktwa nou asire.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, mèsi paske renmen ou pou nou san limit, se nan Jezi Pitit ou a nou dekouvri sa, granmesi kalite delivrans li pote pou nou an. Tanpri, fè nou suiv lansèyman ak ekzanp li yo, pou nou ka merite rive nan syèl la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Lè eprèv lavi boulvèse mwen, se pa paske Bondye pa renmen mwen; okontrè se lòd li vle mwen mete nan lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario