Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Nou te pwoche kot mòn Siyon ak
vil Bondye ki vivan an".
LEKTI LÈT POU EBRE
YO 12, 18-19. 22-24
Frè m’ yo:
Nou pa t’ pwoche
kot yon mòn yo kapab touche ak men, ak yon dife k’ap flanbe, ak fènwa, ak bwouya,
ak tanpèt, ak son twonpèt, ak bui pawòl, moun yo ki te tande yo, yo te mande
padon, pou yo pa t’ pale ak yo konsa. Sa yo te wè-a te tèlman terib. Moyiz di:
"Mwen sezi, m’ap tranble".
Men nou te pwoche
kot mòn Siyon an ak vil Bondye ki vivan an, Jerizalèm syèl la, pakèt foul anj
yo k’ap fete yo, avèk asanble premye pitit yo, ki gen non yo ekri nan syèl la,
nou te pwoche kot Bondye k’ap jije tout moun nan, avèk espri moun ki kòrèk yo,
ki fin bon nèt yo, epi kot Jezi ki sèvi entèmedyè nouvo Testaman an, kot
san yo te vide sou nou an k’ap pale pi byen pase san Abèl la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 47, 2-3a. 3b-4. 9. 10-11 (r.
cf. 10)
R/ Nou resevwa mizerikòd ou, Bondye, nan
mitan tanp la.
Granmèt la
gran, li merite anpil lwanj, nan vil Bondye nou an.
Mòn li a sen,
ti mòn li a bèl, kontantman tout tè a.R.
Mòn Siyon an
nan bout rejyon Nò a, vil gran Wa-a.
Bondye nan
lakay li yo, yo konnen l’ byen, li vin tounen kachèt.R.
Jan nou te tande
a, se konsa nou wè nan vil Granmèt lame yo, nan vil Bondye nou an;
Bondye enstale
l’ fèm pou tout tan. R.
N’ap kalkile kè
sansib ou a, Bondye nan mitan tanp ou a.
Daprè non ou,
Bondye konsa lwanj ou jous nan bout tè a;
Jistis ou plen
men dwat ou.R.
LEVANJIL
«Li kòmanse voye yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 7-13
Lè sa a:
Jezi rele douz yo, li kòmanse
voye yo de pa de; li ba yo pouvwa sou lespri papròp yo.
Li pase yo lòd pou yo pa pran
anyen pou wout la, sof yon baton sèlman: ni sak, ni pen, ni lajan; men pou yo
gen sandal nan pye yo; pou yo pa gen de chemiz.
Li t’ap di yo: «Nenpòt ki kay
kote nou antre, ret la joustan nou pati. Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa
koute nou, antan n’ap sòti, souke pousyè pye nou kòm temwayaj pou yo».
Yo pati, y’al preche pou moun yo
fè penitans, yo chase anpil demon, yo pase luil sou anpil malad, yo geri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON
▬
Pouvwa se youn nan bagay ki fè
pati reyalite nou kòm moun; se youn nan bagay lèzòm plis pasyone pou li. Men yo
pa toujou byen itilize li, paske pafwa yo fè li tounen yon enstriman ki detwi
olye yo konstwi avèk li, yon entriman lagè olye yon enstriman lapè, yon mwayen
divizyon olye tèt ansanm. Nou kapab konprann sa si nou gade reyalite mond nou
an jounen jodi a.
Anpil peyi belijeran toujou pare
pou fè lagè, pou kraze brize; yo kanpe tankou kòk gagè, y’ap envante gwo zam
chimik pou menase lòt nasyon, yo vle kreye latwoublay ak laperèz toupatou. Nan
sistèm demokratik yo, se pèp yo ki chwazi dirijan yo, moun yo vle pou
reprezante yo, oryante yo epi pran dezisyon nan non yo. Malerezman anpil fwa
dirijan sa yo konn vle tounen diktatè pou oprime pèp la. Anpil fwa yo tèlman
santi yo chèf yo pa vle remèt pouvwa; yo vle kenbe li jis yo mouri. Paske yo
renmen privilèj, relasyon, vwayaje, lajan, epi yo bay bagay sa yo plis enpòtans
pase pèp yo reprezante a. Li ta bon si nou ta kapab pran ekzanp sou wa David ak
Salomon, epi pou nou sonje pouvwa se nan Bondye li sòti, lè yon moun chèf, se
yon vokasyon li genyen pou li travay pou byen yon kominote, pou tout moun kapab
viv byen, pou dwa ak diyite tout moun respekte.
Pouvwa ki sòti nan Bondye, se pa
yon pouvwa pou toupize moun, se pa yon pouvwa pou pi gwo kraze pi piti, se pa
yon pouvwa pou «devan devan nèt», se
pa yon pouvwa «grenadye alaso, sa ki
mouri zafè a yo»; okontrè pouvwa Bondye a, se yon pouvwa ki libere moun
k’ap pase tray, moun ki anba pouvwa move lespri. Se kalite pouvwa sa Jezi
kominike bay Apot yo, antan li voye yo nan misyon (Mak 6,7-13). Se kalite
misyon sa a Bondye ba nou depi nan batèm nou.
Men pou nou reyalize misyon sa a
nou bezwen debarase nou ak anpil bagay, tankou renmen pouvwa, renmen lajan, kilti
aparans, lanbisyon, lògèy, elatriye.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri bay dirijan nou yo sajès pou yo pa kite lanbisyon pouvwa fè yo kraze
brize, men okontrè pou yo travay pou konstwi yon sosyete ki pi bon pou tout
pitit ou yo kapab viv. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Kòm dirijan, m’ap sispann fè lòt moun abi,
m’ap sispann fè pwofitè sou sila yo ki pi fèb.
No hay comentarios:
Publicar un comentario