Páginas

VANDREDI 8-2-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Jezikri yè ak jodi a, li menm nan tout pou tout tan".
NAN LÈT EBRE 13, 1-8
Frè m’ yo:
Se pou charite frè yo rete nan nou; pa bliye resevwa etranje lakay nou: se konsa kèk te resevwa zanj yo lakay yo san yo pa konnen. Sonje moun ki nan prizon yo kòmsi nou prizonye ansanm avèk yo, sonje moun k’ap sibi tray yo paske nou menm tou se nan yon kò nou ye.
Se pou n’ respekte maryaj la nou tout, se pou kabann nan ret entak; sèke Bondye ap jije moun k’ap fè move plezi yo ak sa k’ap fè adiltè yo.
Se pou konduit nou pa nan kesyon renmen lajan, kontante nou ak sa nou genyen koulye a; se li menm menm ki di: "Mwen p’ap lage ou, mwen p’ap abandone ou". A tèl pwen nou kapab di avèk konfyans :"Granmèt la pote m’ sekou, mwen p’ap pè sa pou moun fè m’".
Sonje responsab nou yo, ki te pale nou pawòl Bondye a; konsidere dènye moman lavi yo, pran modèl sou lafwa yo.
Jezikri yè ak jodi a; li menm nan tout pou tout tan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 26, 1. 3. 5. 8b-9abc
R/ Granmèt la se limyè m’ak sove mwen.
Granmèt la se limyè m’ak sove mwen, ki moun pou m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble?
Si yon lame kanpe kont mwen, kè m’ p’ap pè;
si lagè leve kont mwen, se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Sèke l’ap kache m’ nan tant li, jou malè yo l’ap kache m’ nan kachèt tant li,
nan wòch la l’ap leve m’. R.
Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche.
Pa vire fas ou lwen m’, pa vire do bay sèvitè ou la nan kòlè.
Se sekou m’ ou ye, pa lage m’.R.
LEVANJIL
"Jan, sa mwen te fè koupe tèt li a, se li menm ki leve sot nan pami mò yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 14 -29
Lè sa a:
Wa Ewòd te tande pale (sèke non Jezi te vin gen repitasyon), li t’ap di: "Se Jan Batis ki resisite sot nan pami mò yo, se pousa mèvèy sa yo ap fèt nan li a". Dòt menm t’ap di: "Se Eli ki la"; dòt menm t’ap di: "Se pwofèt la, tankou youn nan pwofèt yo. Lè Ewòd tande sa, li di; "Se Jan mwen te fè koupe tèt li a ki resisite sot nan pami mò yo".
Sèke Ewòd te voye arete Jan, li te mete l’ nan prizon akoz Ewodyad, madanm Filip, frè l’ la paske li te marye avèk li. Jan t’ap di Ewòd: "Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la". Ewodyad menm t’ap fè konplo kont li, li te vle touye l’, li pa t’kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te yon moun ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’, pou l’ fè anpil bagay, se avèk plezi li te konn koute l’.
Lè jou a rive ki bay bon okazyon an, Ewòd te fè yon resepsyon pou fèt li avèk chèf yo ak majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a. Pitit fi Ewodyad la vin antre, li danse, sa fè Ewòd plezi ansanm ak lòt envite yo, wa a di ti fi a. "Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou l’. Li fè l’ sèman: "Nenpòt ki sa ou mande, m’ap ba ou l’, te mèt se mwatye peyi wa mwen an". Li menm, li sòti li di manman l’: "Ki sa pou m’ mande"? Li di: "Tèt Jan Batis".
Li antre byen vit ankò kot wa a, li mande l’, li di: "Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’ tèt Jan Batis sou yon plat". Wa a pran chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li pa t’ vle kontrarye l’, li voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon plat. Yo koupe tèt li nan prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a li, ti fi a menm bay manman l’ li. Lè disip yo tande sa, yo vini, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Jan Batis mouri paske li t’ap pale verite, jous jounen jodi a gen moun ki pa vle tande verite sa; anpil moun ki sanble ak Ewòd. Konsa tou gen anpil moun ki sanble ak Jan Batis. Ewòd te mete Jan nan prizon poutèt Ewodyad, paske Jan te di l’ li pa gen dwa pran madanm frè l’ Filip pou madanm pa li; Ewodyad menm ki te byen renmen Ewòd, li pa t’ kontan avèk Jan, poutèt sa li t’ap chèche fè yo touye l’, li pa t’ kapab paske Ewòd te gen anpil krentif pou Jan Batis, li te konsidere Jan kòm yon moun ki dwat epi ki t’ap viv daprè volonte Bondye. Pawòl Jan Batis yo te gen anpil valè. Ewòd te renmen koute li, men li te vin boulvèse. Men, jou Ewodyad t’ap tann nan rive, jou ki te fèt Wa Ewòd la, kote tout gwo zotobre nan gouvènman li an, tout gwo chef lame ak tout gwo chèf nan peyi Galile a te envite; se konsa pitit fi Ewodyad la te antre nan sal resepsyon an epi li danse pou Ewòd, yon dans ki te fè l’ anpil plezi.
An nou gade byen pandan n’ap reflechi, yon dans ki fè tonbe tèt Jan Batis. Kèkfwa, yon santiman nou gen nan nou pi fò pase atachman nou gen pou Bondye.
Frè ak sè m’ yo, konbyen fwa nou konn fèmen bouch nou paske nou pè pale verite a. Mwen tande, mwen wè, men si m’ pale y’a touye m’! Y’a kenbe m’ nan kè.
Frè ak sèm yo, tankou sen Pòl ankouraje nou, an nou «pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, ann fè sa ki byen pou n' kraze sa ki mal» (Women 12, 21).
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri ban m’ fòs ak kouraj nan mitan tout difikilte lavi a pou m’ pa pè pale pawòl verite a tankou Jan Batis. Ou konnen jan m’ frajil, ou menm ou fò; mwen konte sou fòs ou pou m’ ka rive jis nan bout chemen an. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite menas lanmò fè m’ bliye misyon pwofetik mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario