Páginas

MADI 26-2-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Prepare nanm ou pou yo eseye l".
LEKTI LIV SIRASID 2, 1-13
Pitit, antan w’ap pwoche nan sèvis Bondye, kanpe nan jistis ak respè, prepare nanm ou pou yo eseye l’.
Rabese kè ou, epi kenbe fè m’, panche zòrèy ou, resevwa pawòl entelijans la, pa prese nan tan kontraryete a. Kenbe fèm ak fòs Bondye; kole kò ou sou Bondye, epi kenbe fèm, pou lavi ou devlope ankò.
Tout sa k’ rive ou, aksepte l’, nan doulè a kenbe fèm, nan rabesman w’ nan se pou w’ gen pasyans; paske se nan dife yo eseye lò ak lajan, moun yo menm yo bay prèv yo nan founèz rabesman an.
Kwè nan Bondye, l’ap ranmase ou, dirije chemen ou, espere nan li; kenbe respè l’, rete toutan nan li. Nou menm ki respekte Granmèt la, tann kè sansib li, pa panche sot nan li pou nou pa tonbe, nou menm ki respekte Granmèt la, kwè nan li, rekonpans nou p’ap vide.
Nou menm ki respekte Granmèt la, espere nan li, nan kontraryete a kè sansib la ap rive pou nou.
Nou menm ki respekte Granmèt la, renmen l’, kè nou ap klere.
Pitit yo, gade nasyon moun yo; aprann sa: pèsonn ki espere nan Granmèt la pa janm wont. Kilès ki rete nan kòmandman l’ yo epi li lage? Oubyen kilès ki te rele l’, epi 1i meprize l’?
Sèke Bondye bon, li gen kè sansib, l’ap padonnen peche yo jou tray la; li pwoteje tout moun k’ap chèche l’ yo nan laverite.
Pawòl Granmèt la.
SOM REPONS 36, 3-4. 18-19.27-28.39-40
R/ Renmèt Granmèt la chemen ou, se li menm k’ap aji.
Espere nan Granmèt la, fè sa k’ bon, w’ap abite tè a, w’ap manje ak konfyans.
Jwi nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Granmèt la konnen jou moun ki san tach yo, eritaj yo ap la pou tout tan.
Yo p’ap wont nan tan malè a, nan jou grangou y’ap jwenn kont manje yo.R.
Vire do bay sa k’ mal, fè sa k’ byen, w’ap abite pou toutan gen tan.
Paske Granmèt la renmen jijman, li p’ap lage sen l’ yo.
Moun ki pa kòrèk yo ap peri pou toutan, ras mechan yo ap detwi.R.
Delivrans moun ki kòrèk yo sot nan Granmèt la, li sèvi yo pwoteksyon nan tan tray la.
Granmèt la ap ede yo, l’ap delivre yo, l’ap delivre yo sot nan men moun peche yo,
l’ap sove yo, paske yo espere nan li.R.
LEVANJIL
“Y’ap renmèt Pitit moun nan. Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin tounen dènye nan yo tout".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9,29-36
Lè sa a:
Jezi pati kite mòn nan, ansanm ak patizan l’ yo, yo t’ap travèse Lagalile, li pa t’ vle pèsonn konnen.
Li t’ap anseye patizan l’ yo, li t’ap di yo: "Y’ap renmèt Pitit moun nan nan men lèzòm, y’ap touye l’, l’ap mouri, sou twazyèm jou a l’ap leve". Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl la, epi yo te pè poze l’ kesyon.
Yo rive Kafanawòm, Pandan yo te nan lakay la, li t’ap poze yo kesyon: "Kisa nou t’ap diskite sou wout la"? Men yo menm yo te pe bouch yo; paske sou wout la yo t’ap diskite kilès nan yo ki pi gran.
Li chita, li rele douz yo, ti di yo: "Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin dènye nan pami tout moun, se pou l’ vin sèvitè tout moun".
Li pran yon ti gason, li mete l’ kanpe nan mitan yo. Li anbrase l’, li di yo: "Nenpòt ki moun ki resevwa kalite ti moun sa yo o non mwen, se mwen menm li resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, se pa mwen menm li resevwa, men se sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
 “Y’ap renmèt Pitit moun nan".
Jodi a, Levanjil la pote 2 kalite ansèyman pou nou, ki asosye youn ak lòt. Yon bò, Granmèt la anonse "Y’ap renmèt Pitit moun nan nan men lèzòm, y’ap touye l’, l’ap mouri, sou twazyèm jou a l’ap leve" (Mak 9,31). Se volonte Papa a nan lavi li: Se pou sa li vini nan mond la, se konsa li vle libere nou anba esklavaj peche a ak lanmò pou toutan an; konsa li fè nou tounen pitit Bondye. Granmèt la montre nou jan li devwe pou nou nan fason li montre nou jan Bondye renmen nou san limit: yon lanmou ki anbrase lakwa a.
Malerezman, apot yo pa t’ fin konprann lansèyman Mèt la: «Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl la» (Mak 9,32), paske lè yo te nan wout la yo t’ap diskite antre yo kilès ki te pi gran. Avèk dousè pasyans li, Granmèt la ajoute: "Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin dènye nan pami tout moun, se pou l’ vin sèvitè tout moun". Nou dwe akeyi sila ki piti, ki senp la, paske Granmèt la te vle idantifye li avèk yo menm. Nou dwe akeyi Jezi nan lavi nou paske se konsa nou ouvri pòt kè nou bay Bondye li menm. Se tankou yon pwogram lavi pou wout la.
Se konsa Sen Kire d’As la, Jan Mari Vyane eksplike nou: «Chak fwa nou kapab renonse a volonte pa nou nou pou nou fè volonte lòt yo, nou kapab jwenn gwo rekonpans ke Bondye sèl konnen». Jezi anseye ak pawòl li, men plis toujou ak zèv li. Apot sa yo ki pa t’ ka konprann, aprè lakwa ak Rezireksyon an, yo pral suiv menm tras ak Granmèt ak Bondye yo. Epi, avèk Vyèj la ki akonpaye yo, yo pral vin fè yo pi piti pou yo kite Jezi grandi nan yo menm nan mond lan.
LAPRIYÈ:Granmèt, ou menm ki renmen nou zan mezi, tanpri aprann nou renmen menm jan ak ou. Ede nou viv yon fason ki konfòm ak sa nou kwè. Fè nou viv tout bon vre tankou moun ki gen lafwa, esperans ak lacharite, dekwa pou nou kapab tounen limyè pou mond lan antan nou p’ap kouri dèye premye plas nan sosyete a, men pou nou travay pou lavi kapab vin pi bèl chak jou pou tout moun.
PWOPOZISYON: Pa kouri dèyè premye plas, sa p’ap itil ou anyen. Okontrè travay nan pozisyon ou ye a pou w’ kapab donnen bon kalite fwi. Bondye va renmèt ou rekonpans lan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario