Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Moun yo ki renmen sajès la, Bondye
renmen yo".
LEKTI LIV
SIRASID 4, 12-22
Sajès la soufle
lavi a nan pitit li yo, li resevwa sa a yo k’ap chèche l’ la, li mache devan yo
nan wout jistis la. Moun ki renmen l’, li renmen lavi, moun k’ap veye kote l’,
yo reyalize sa k’ fè l’ plezi.
Moun ki kenbe l’,
y’ap eritye lavi a, kote l’antre, Bondye bay benediksyon. Moun k’ap sèvi l’, y’ap
sèvi Sa a ki sen an, moun ki renmen l’, Bondye renmen yo. Moun ki koute l’, l’ap
jije nasyon yo, moun k’ap fikse je l’ sou li, l’ap rete avèk asirans.
Si l’ fè l’
konfyans, l’ap eritye l’, pitit yo ap asire; paske nan tray k’ap eseye l’ la l’ap
mache avèk li, l’ap chwazi l’ tou dabò. Se krent ak sezisman ak difikilte pou eseye
l’ l’ap fè tonbe sou li, l’ap fè l’ pase mizè nan tray ansèyman l’ nan, joustan
li eseye l’ nan panse l’ yo, li fè nam li konfyans.
L’ap asire l’,
l’ap kondui chemen dirèk kote l’, l’ap fè kè l’ kontan, l’ap devwale l’ bagay
li yo ki kache yo, l’ap ba l’ richès syans avèk entelijans jistis. Men si li
pran chemen kwochi, l’ap kite l’, l’ap lage l’ nan men ènmi l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 165. 168. 171. 172.
174. 175
R/Anpil lapè pou sa yo ki renmen lalwa ou
la, Granmèt.
Anpil lapè pou
sa yo ki renmen lalwa w’ la, pou yo li pa sèvi baryè.R.
Mwen kenbe
kòmandman ou yo ak temwayaj ou yo,
paske tout wout
mwen yo devan fas ou.R.
Bouch mwen deklare
kantik lè w’ap aprann mwen desizyon ou yo.R.
Lang mwen chante
pwomès ou, paske tout lòd ou yo se jistis.R.
Mwen anvi delivrans
ou a, Granmèt, lalwa ou la se plezi m’.R.
Se pou nam mwen
viv, l’ap fè lwanj ou, jijman ou yo ap pote m’ sekou.R.
LEVANJIL
"Moun ki pa kont nou, se pou nou
li ye".
MEN BòN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRE SEN MAK 9,38-40
Lè sa a:
Jan reponn Jezi,
li di: "Mèt, nou te wè yon mesye ki t’ap chase demon yo o non ou, se pa
yon moun ki suiv nou, ebyen nou anpeche l’ sa".
Jezi menm di l’:
"Pa anpeche l’ sa; sèke pa gen pèsonn ki kapab fè mèvèy o non m’, epi ki
kapab pale mal osijè m’ tou suit apre sa. Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye".
An nou fè lwanj
ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
"Moun ki pa kont nou, se pou nou li
ye".
Jodi a, n’ap gade kijan
kèk moun t’ap fè bon zèv nan non Kris la, san yo pa t’ disip li. Sa te attire
atansyon youn nan disip Jezi yo epi li di: «Mèt, nou te wè yon mesye ki t’ap
chase demon yo o non ou, se pa yon moun ki suiv nou, ebyen nou anpeche l’ sa»
(Mak 9, 38). Jezi di nou ki jan nou dwe gade moun sa yo: akeyi yo, fikse je
nou sou yo, antan nou fè nou tou senp, antan nou pataje yon menm lafwa avèk yo,
antan n’ap mache ansanm sou wout pèfeksyon lanmou Bondye a ak lanmou pwochen
an.
Fason
nou viv vokasyon nou kòm Legliz, sa envite nou gade fason n’ap viv, ak yon
lespri ouvèti tankou Jezi. Si gen lòt
moun ki deranje nou akoz y’ap fè menm bagay ak nou, sa vle di nou poko akeyi
renmen Bondye a nan kè nou. Fason n’ap viv dwe ankouraje lòt
moun vin pi pre Bondye.
Se
nan fason Jezi te viv senp tankou yon ti pòv li rive fè nou vin pi pre Bondye.
Sen Jan Krizostòm di nou: «Jezi te santi
sa te kont pou li te soufri e mouri sou kwa a; men li te vle pòv, etranje,
touni, prizonye, malad, pou li te ka fè nou vini jwenn li». Si Granmèt la pa t’ rejete
moun ki te viv vokasyon yo yon lòt jan nan Legliz la, nou menm tou an nou pa
kite òpotinite sa pase. "Moun ki pa kont nou, se pou nou li
ye"(Mak 9, 40).
LAPRIYE : Bondye Papa, tanpri ede m’ konprann e valorize kapasite ak talan ou bay
chak moun pou travay konstwiksyon Wayòm ou an kapab avanse. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Avan m’ kritike pwochen mwen, m’ap chèche konprann li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario