PREMYE LEKTI
"Ou p’ap
mize pou ou tounen vin jwenn Granmèt la".
NAN LIV SIRASID
5, 1-8
Pa met lide ou sou richès malonèt, pa di: "Lavi a kont pou mwen":
sa p’ap sèvi anyen nan tan vanjans la ak kontradiksyon an.
Pandan ou gen fòs la, pa suiv move lanvi kè ou, pa di: "Kijan mwen
kapab"? Oubyen "Kilès k’ap mete m’ anba poutèt aksyon m’ yo"?
Sèke Bondye ap tire vanjans byen pwòp.
Pa di: "Mwen fè peche, epi ki mal mwen jwenn?" Sèke Sila a ki
anwo nèt la, li gen pasyans pou l’ peye. Pa ret nan kè sote osijè padon peche
a, pa mete peche sou peche.
Pa di: "Pitye Granmèt la gran, l’ap padonnen pakèt peche m’ yo". Sèke kè sansib la ak kòlè a, yo pwoche byen vit sot nan li, kòlè l’ la
ap gade peche yo.
Pa mize pou ou vire vin jwenn Granmèt la, pa ranvwaye sa jou apre jou:
sèke kòlè l’ap rive byen vit, nan tan vanjans la l’ap fè ou peri.
Pa fè kè ou sote pou richès ki pa kòrèk yo; sèke yo p’ap sèvi ou nan jou
kontraryete a ak vanjans la.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS
1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: Ps 39, 5a)
1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: Ps 39, 5a)
R/ Se chans pou
moun ki met Granmèt la kòm espwa li.
Se chans pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo,
ki pa kanpe nan chemen moun peche yo,
ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan rizib yo,
men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye,
se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo,
K’ap donnen fui l’ nan tan li, li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap
reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa respekte Bondye yo, se pa konsa,
men y’ap tankou pousyè van ap voye jete.
Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo,
men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
"Li pi
bon pou ou pou ou antre nan lavi a enfim, pase pou ou gen de men ou, epi pou ou
al nan boukan dife a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9, 41-50
Lè sa a Jezi di disip li yo:
"Nenpòt moun k’ap ba nou yon vè dlo pou nou bwè o non m’, paske nou
se disip Kris la, mwen di nou, li p’ap pèdi rekonpans li.
Men nenpòt ki moun ki fè youn nan ti piti sa yo ki kwè nan mwen an pèdi
bon chemen an, li ta pi bon pou moun sa a, si yo ta mare yon gwo wòch moulen
bourik yo nan kou l’, epi yo ta jete l’ nan lanmè.
Si men ou enpoze ou suiv bon
chemen an, koupe l’; li pi bon pou ou pou ou antre enfim nan lavi a, pase pou
ou gen de men ou epi pou ou al nan lanfè avèk yo, nan dife ki p’ap etenn nan,
kote vè yo p’ap mouri a, epi dife yo p’ap etenn nan. Si pye ou enpoze ou suiv
bon chemen an, koupe l’; li pi bon pou ou si ou antre nan lavi tout tan an
antan w’ap bwate, pase pou ou gen de pye epi pou yo jete ou nan lanfè dife ki
p’ap etenn nan, kote vè yo p’ap mouri a, epi dife yo p’ap etenn nan. Si je ou
enpoze ou mache nan bon chemen, rache l’; li pi bon pou ou pou ou antre ak yon
sèl je nan peyi Bondye ki wa a, pase pou ou gen de je epi pou yo jete ou nan
lanfè dife a, kote vè yo p’ap mouri a, epi dife yo p’ap etinn nan.
Sèke tout bagay ap sale avèk dife, tout sakrifis ap sale byen sale.
Sèl la se yon bon bagay; men si sèl la vin fad, ak ki sa n’ap ba l’ gou?
Se pou nou gen sèl nan nou, epi se pou nou gen lapè antre nou".
An nou fè
lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
«Nenpòt moun k’ap ba nou yon vè dlo pou nou bwè
o non m’, paske nou se disip Kris la, mwen di nou, li p’ap pèdi rekonpans li».
Jodi a, Jezi pale sou yon ton ki si tèlman fèm, sa fè li yon ti jan
difisil pou nou konprann Levanjil la: «Si men ou enpoze ou suiv bon chemen an,
koupe l’ (…). Si je ou enpoze ou mache nan bon chemen, rache l’» (Mak 9,
43.47). Jezi fè fidèl li yo anpil ekzijans.
Vrèman vre Jezi vle nou renonse ak sa sa k’ap fè nou mal, menm si se
bagay ke nou renmen anpil, paske yo ka fè nou tonbe nan peche. Jezi trè
radikal. Nan yon lòt pasaj Levanjil li di nou: «Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi
l' poutèt mwen va jwenn li ankò» (Mt 10, 39).
Anplis,
ekzijans Jezi fè nou an, se yon prèv ki montre li renmen nou epi li vle nou
grandi. N’ap jwenn rekonpans nou. Se lanmou ki dwe toujou bay aksyon nou yo
sans: Si nou bay yon moun yon vè dlo,
nou dwe fè sa ak anpil lanmou nan kè nou. Nou dwe gen kapasite pou nou wè Jezi
nan pòv la ak sila a ki nan bezwen an. Jezi denonse e li kondane ak tout fòs
sila yo k’ap fè mechanste ak sila yo ki lakòz eskandal, sila yo k’ap devye
timoun yo sou chemen kòrèk la, chemen lagras Bondye a.
Finalman, nou tout dwe pase nan eprèv dife a. Se dife charite ak lanmou
an ki pirifye nou, pou nou kapab tounen sèl ki bay bon gou lanmou, sèvis ak bon
kè.Se nan lapriyè ak nan Lekaristi a nou menm kretyen nou jwenn fòs lafwa ak
bon gou sèl Kris la. Nou p’ap rete san nou pa jwenn rekonpans nou.
LAPRIYÈ:
Bondye, tout sa ki ekziste se ou menm ki fè yo. Polikap te evèk; ou fè l’ antre
nan gwoup moun ki pase mati pou ou yo. Li sen; l’ap plede kòz nou. Nou pran
pòsyon pa nou nan kalis Jezikri a, ansanm avèk li. Fè nou leve pou lavi k’ap
dire tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
M’ap gade tèt mwen
nan miwa konsyans mwen, pou wè si anpil fwa mwen pa yon yon obstak ki anpeche
lòt yo bwè nan sous lagras Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario