Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Yon zanmi fidèl pa kanmarad
anyen”.
NAN LIV SIRASID 6,5-17
Pawòl ki dous fè vin gen anpil zanmi, li adousi lènmi yo; lang ki konn di
mèsi rale anpil bon moun. Se pou ou gen anpil moun k’ap viv kè poze avèk ou,
men se yon sèl pou ou kite ba ou konsèy nan pami mil.
Si ou gen yon zanmi, eseye l’ anvan ou aksepte l’ nèt, pa kwè nan li fasil;
sèke se nan jou tray la, li zanmi ou vre.
Gen zanmi ki vin tounen lènmi, gen zanmi k’ap devwale rayisans avèk batay
avèk kont. Gen zanmi ki asosye tab la, men li pa dire nan jou ou nan bezwen an.
Zanmi an, si l’ rete solid, se pou l’ tankou yon egal pou ou, li mèt aji
avèk moun lakay ou nan konfyans. Si 1’ rabese tèt li devan ou, li kache devan
fas ou, w’ap gen yon bon relasyon zanmi sou tout pwen.
Pran distans ou ak lènmi ou yo, pran prekosyon ak
zanmi ou yo.
Yon zanmi fidèl se yon pwoteksyon ki fò; moun ki
jwenn li, li jwenn yon trezò. Yon zanmi fidèl, anyen pa kapab konpare avèk li,
kantite lò ak lajan pa merite konte devan valè lafwa l’.
Yon zanmi fidèl, se remèd lavi ak lavi ki p’ap mouri
a, moun yo ki respekte Granmèt la yo jwenn li. Moun ki respekte Bondye, y’ap
jwenn bon relasyon zanmi tou, paske zanmi l’ nan ap daprè li menm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
118, 12. 16. 18.27.34.35
R/ Kondui m’, Granmèt, nan santye lòd ou yo.
Konpliman pou ou, Granmèt, aprann mwen desizyon ou yo.R.
Nan desizyon w’ yo mwen jwenn plezi m’, mwen pa bliye pawòl ou. R.
Devwale je m’, m’ap konsidere mèvèy nan lalwa w’ la.R.
Chemen kòmandman w’ yo, fè m’ konprann yo, m’ap kalkile nan mèvèy ou yo.R.
Ban m’ entelijans, m’a obsève lalwa w’ la, m’a kenbe l’ ak tout kè m’.R.
Kondui m’ nan santye kòdmanman ou yo, paske mwen renmen 1’.R.
LEVANJIL
“Sa Bondye mare ansanm moun pa
kapab separe li ”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 1-12
Lè sa a:
Jezi leve, li rive nan limit
Jide lòt bò Jouden an. Foul yo rasanble vin jwenn li ankò; jan l’ te gen
abitid la, li t’ap ba yo lansèyman ankò. Farizyen yo pwoche, yo poze l’ kesyon:
“Si yon mari gen dwa ranvwaye madanm nan”, yo t’ap eseye l’.
Men li menm li reponn, li di yo: “Ki lòd Moyiz te
pase nou”?
Yo di: “Moyiz te pèmèt pou ekri
yon biyè divòs, epi pou ranvwaye li”.
Jezi reponn, li di: “Se poutèt kè nou te di, se pou
sa li te ekri lòd sa a pou nou an. Men nan kòmansman an, se gason ak fi Bondye
te fè yo. Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ ak manman l’ epi l’ap kole kò
l’ kot madanm li, epi yo tou le de ap nan yon sèl chè. Se pousa yo pa de ankò,
men se yon sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, moun pa gen dwa separe li”. Lè l’ tounen lakay la, patizan
l’ yo poze l’ kesyon sou menm bagay sa a. Li di yo: “Nenpòt ki moun ki ranvwaye
madanm li epi ki pran yon lòt, li fè yon adiltè sou li. Epi si yon madanm
ranvwaye mari l’ epi li marye ak yon lòt, li fè adiltè”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Lè Jezi Granmèt la di Farizyen
yo «sa
Bondye mete ansanm, piga pèsonn separe l’», li eksplike yo ki sans
maryaj la te genyen nan kòmansman Kreyasyon an, kote Bondye te kreye fi ak
gason egal ego; se poutèt sa nou pa kapab jwe ak sakreman maryaj la, konsa
tou, pa dwe gen vyolans nan fanmi an: pèsonn pa gen plis dwa pase pèsonn, tout moun
gen menm dwa ak diyite.
Farizyen yo t’ap chèche pran Jezi nan pyèj,
olye yo te pran l’ nan pyèj, se yon leson li pwofite ba yo, lè yo mande l’ èske
yon gason gen dwa voye madanm li ale pou nenpòt bagay, li reponn yo konsa: “Èske nou pa li sa ki te ekri nan kòmansman
an, lè Bondye te kreye moun se gason ak fi li te kreye yo”. E li di se
poutèt sa yon gason kite papa l’ ak manman l’ e fi a egalman, pou yo mete tèt yo ansanm; se konsa yo
p’ap de ankò men se yo sèl kè yo tounen, sa a se pwojè pa Bondye, sa l’
mete ansanm moun pa gen dwa separe l’; se yon fason pou l’ montre kijan
li pa dakò ak divòs la ditou; li di ankò: Moyiz te pèmèt divòs, se pa t’ san
rezon, se paske kè nou te twò di; alò pou evite vyolans,
se sa k’ fè li te pale konsa. Jiska prezan gen anpil moun ki pa kab konprann,
yo etone wè yon gason ki pa marye, gen fi ki pa marye. Jezi bay tout rezon ki
fè yon maryaj pa bon; patizan yo menm di l’ ebyen si se konsa bagay la ye deyò
a, pito nou rete san marye, Jezi menm di yo atansyon! se pa tout moun ki
konprann pawòl sa a, men se moun Bondye bay dwa pou sa avèk gras depi w’ kab
viv sa ekzijans lan ap mande w’ la pou Wayòm nan.Tout bagay sa yo, se Bondye ki
bay gras pou viv yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, montre nou kòman pou nou kenbe zèv Kreyasyon ou an
san nou pa deteryore li. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap rete atantif pou m’ pa gate pwojè Bondye
nan fason m’ap viv relasyon mwen ak lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario