Páginas

SAMDI 2-3-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Se dapre pòtre Bondye, Bondye fè moun nan”.
NAN LIV SIRASID 17, 1-15
Bondye te kreye moun nan avèk tè a, epi se daprè pòtre l’ li te fè l’; aprè sa li fè l’ tounen nan tè a. Daprè li menm, li abiye moun nan avèk pouvwa.
Li ba l’ kantite jou ak tan, li ba l’ pouvwa sou bagay yo ki sou tè a. Li fè tout chè respekte l’, li fè l’ kòmande sou bèt yo ak zwazo yo.
Li kreye yon moun tankou l’ pou ede l’ apati li menm; li ba yo konsyans, lang, je, zòrèy, ak kè pou yo reflechi, li plen yo ak disipli n’ entelijans.
Li kreye syans lespri pou yo, li plen kè yo ak entelijans, li montre yo mal ak byen.
Li mete je l’ sou kè yo, pou l’ montre yo grandè travay li yo, pou yo fè lwanj non l’ ki sen an, pou yo leve tèt yo nan mèvèy li yo, pou yo rakonte grandè travay li yo.
Li ba yo disiplin tou, li fè yo eritye lalwa lavi a; li pase yon kontra tout tan avèk yo, li montre yo jistis li ak jijman l’ yo.
 Je yo wè grandè konsiderasyon l’, zòrèy yo tande konsiderasyon vwa l’. Li di yo: “Veye pou nou pa fè okenn peche”. Li pase chak moun lòd osijè pwochen l’. Wout yo devan l’ tout tan, yo pa kache devan je l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
102, 13-14. 15-16. 17-18a
R/ Kè sansib Granmèt la depi tout tan sou moun ki respekte l’ yo.
Tankou papa sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou moun ki respekte l’ yo.
Sèke li menm li konnen ak ki sa nou fèt, li sonje kijan se pousyè nou ye.R.
Moun nan se tankou zèb jou l’ yo ye, tankou flè jaden konsa li fleri.
Van an soufle sou li, li pa reziste, yo pa rekonèt plas li ankò.R.
Kè sansib Granmèt la menm se depi tout tan, epi jous pou tout tan pou moun ki respekte l’ yo,
jistis li nan pitit moun yo; nan sila yo ki kenbe kontra l’ la.R.
LEVANJIL
“Tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon ti moun piti, li p’ap antre ladan l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 13-16
Lè sa a:
Yo te prezante timoun piti bay Jezi pou l’ te touche yo; disip yo menm t’ap kouri dèyè moun yo ki t’ap vin prezante yo a.
Lè Jezi wè sa, li fache, li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy Bondye a ye. An verite mwen di nou, tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon timoun piti, li p’ap antre ladan l”. Li anbrase yo, li poze men sou yo, li beni yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi di: «Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy  Bondye a  ye». Jezi pa di sa nan sans pou n’ fè nou tounen timoun pou n’ bliye sans responsabilite nou.
Jezi di kite ti moun yo vini jwenn li paske nan tan li t’ap viv la yo pa t’ twò bay timoun valè, sosyete a pa t’ akeyi yo, yo te gen tandans mete yo sou kote. Jezi te vle chanje sa, li te vle montre enpòtans timoun yo genyen nan je pa l’ e enpòtans tou yo genyen nan je Papa l’. Nou tout se pitit Bondye, nou se travay men li. Se konsa tou ke Jezi te konsidere tout timoun sa yo ki te vle apwoche l’ la. Li te akeyi yo, li te montre yo ke yo enpòtan. Se konsa tou, nou menm kretyen, nou gen valè nan je Jezi. Li renmen nou anpil menm jan ak timoun sa yo ke Levanjil la pale nou jodi a. Se menm lanmou sa ki te fè l’ mouri pou nou sou kwa a.
Legliz la ede nou konprann lanmou Bondye gen pou timoun yo : sakreman batèm nan montre nou kijan Bondye resevwa nou depi nou tou piti e li ranpli nou ak gras li. Depi tou piti nou batize pou n’ kapab antre nan pami sa yo Bondye mete apa pou li yo.
Nan sakreman batèm nan Jezi di timoun k’ap batize a : Ou se pitit mwen, e mwen renmen w’ anpil. Sa Bondye vle pou chak pitit li, se pou yo viv e pou yo gen lavi ki p’ap janm fini an. Tout timoun batize nan dlo, e yo batize nan non Papa a ak Pitit la ak Lespri sen an. Dlo a se senbòl lavi nou resevwa nan men Bondye, Bondye lave nou, li netwaye nou e li fè nou antre nan yon nouvo lavi. E tout sa yo fèt gras ak pouvwa Lespri Sen an ki fè nou vini yon moun tou nèf nan Jezikri. Kidonk, se responsablite paran yo pou ede timoun yo grandi nan lafwa apre yo fin resevwa beny lagras batèm nan. Fòk batèm nan pote fwi nan lavi timoun yo, Rèy syèl la se pou sa ki sanble avèk yo.
LAPRIYÈ: Jezi, ban m’ yon kè ki senp pou m’ kapab sanble ak timoun yo. Sa vle di yon kè inosan, ki lib, ki pa gen ogèy. Konsa m’a va sanble ak sa yo ki pi piti yo, paske ou menm ou di rèy syèl la se pou sa yo ki sanble avèk yo.
PWOPOZISYON: Nan lari a gen anpil timoun k’ap mande lacharite, genyen ki pa gen fanmi, genyen ki yo pa gen kote pou yo rete, yo pa ka al lekòl. Si ou ede yon ti moun chanje lavi li, se Bondye menm ou ede.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario