Koulè Vyolèt
TWAZYÈM
DIMANCH KARÈM, ANE-C
PREMYE
LEKTI
"Sila
a ki toujou la a voye m’ kote nou".
NAN
LIV EKZÒD
3,
1- 8a. 13-15
Jou sa yo:
Moyiz t’ap gadiyen mouton Jetwo, bòpè l’,
prèt Madyan; antan l’ap kondui bann mouton yo nan fon savann nan, li rive sou
mòn Bondye a, Orèb. Granmèt la parèt devan l’ nan yon flanm dife, andan yon
touf raje; li wè touf raje a ap flanbe san l’ pa fè sann.
Moyiz di: "M’ap pwoche pou m’ wè
kalite gran vizyon sa a; pouki touf raje a pa fè sann nan". Granmèt la
obsève kijan li t’ap pwoche pou l’ gade, li rele l’ antan l’ nan touf raje a, li
di: "Moyiz, Moyiz”!
Li reponn: "Men mwen".
Li di: "Pa pwoche isit la; wete sapat
ou nan pye ou: sèke tè kote ou kanpe a, se yon tè ki sen". Li di: "Se
mwen menm Bondye zansèt ou a, Bondye Abraam, Bondye Izaak, ak Bondye
Jakòb". Moyiz kache fas li; sèke li pa t’ oze fikse je l’ pou l’ kontre ak
Bondye.
Granmèt la di l’: "Mwen wè tray pèp
mwen an nan Lejip, mwen tande rèl li, poutèt move tretman chèf travay yo ap fè
l’ sibi, mwen konnen doulè l’, mwen desann pou m’ delivre l’ sot nan men
Ejipsyen yo, m’ap fè l’ soti nan tè sa a, pou m’ kondui l’ nan yon tè ki bon,
ki laj, nan yon tè kote se lèt ak myèl k’ap koule".
Moyiz di Bondye: "Men m’a pral kot
pitit Izrayèl yo, m’ap di yo: Bondye zansèt nou yo voye m’ kote nou. Si yo di
m’: Ki non l’? Kisa pou m’ di yo"?
Bondye di Moyiz toujou: "Men sa w’a
di pitit Izrayèl yo:
"Granmèt Bondye zansèt nou yo, Bondye
Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb voye m’ kote nou; se non sa a m’ap gen pou
tout tan, se souvni m’ sa pou jenerasyon ak jenerasyon".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS
102, 1-2. 3-4. 6-7. 8 e
11
R/ Granmèt
la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen;
tout sa k’ andan
m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou
Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki
geri tout maladi ou yo;
li menm ki delivre lavi w’ sot nan fòs la,
ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la fè jistis ak jijman pou tout
moun k’ap soufri afwon.
Li fè Moyiz konnen chemen l’ yo, li fè
pitit Izrayèl yo konnen mèvèy li yo.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè sansib,
li pran pasyans, li gen anpil kè sansib.
Sèke otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib
li debòde sou sila yo ki respekte l’ yo.R.
DEZYÈM
LEKTI
"Lavi pèp la avèk Moyiz nan savann
nan, se pou ledikasyon nou yo te ekri li".
NAN
PREMYE LÈT APOT PÒL POU KORENTYEN YO
10. 1-6.10-12
Mwen pa vle nou pa konn sa, frè m’ yo,
sèke zansèt nou yo, yo tout te anba nyaj la, yo tout te travèse lanmè a, yo
tout te batize nan Moyiz nan nyaj la ak nan lanmè a, yo tout te manje menm
manje lespri a, yo tout te bwè menm bwason lespri a (sèke yo t’ap bwè nan wòch
lespri a ki t’ap suiv yo a; wòch sa a se te Jezikri). Men se pa pifò nan yo ki
te fè Bondye plezi, paske yo te tonbe nan savann nan.
Bagay
sa yo menm, se nan pòtre yo rive pou nou, pou nou pa mèt lide nou sou sa k’
mal, tankou yo menm yo te met lide yo sou sa a. Pa babye, tankou kèkzen nan yo
te babye, Sila a k’ap touye a te fè yo peri.
Tout bagay sa yo menm se nan pòtre yo te
touche yo; men yo ekri yo pou ledikasyon nou, nou menm ki rive nan finisman
syèk tan yo. Se pousa moun ki konprann li kanpe, se pou l’ fè atansyon pou l’
pa tonbe.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Si nou pa fè penitans, nou tout ap peri menm
jan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIKKI SEN 13,1-9
Gen kèk moun ki
pwoche lè sa a, yo pote nouvèl bay Jezi sot Lagalile, osijè moun yo Pilat te
mele san yo avèk sakrifis yo t’ap ofri yo; li pran lapawòl, li di yo:
"Èske nou kwè Galileyen sa yo te fè
peche plis pase tout Galileyen yo, pou yo soufri kalite bagay sa yo? Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout
ap peri menm jan".
Li t’ap di yo parabòl sa a tou: "Yon
mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan jaden rezen l’; li vin chèche
fwi ladan l’, li pa jwenn. Li di jeran jaden pye rezen an: "Sa fè twazan
m’ap vin chèche
fwi nan pye fig frans sa a, epi mwen pa jwenn; koupe l’ poukisa pou l’ap okipe
plas nan tè a?
Jeran an reponn, li di l’:
"Mèt", kite l’ ane sa a ankò, joustan mwen fouye alantou l’, mwen
mete fimye; pètèt l’ap donnen fwi, otreman, w’a koupe l’ aprè".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye jodi a envite nou
fè penitans, yon atitid pwòp tan karèm nan.
Kisa penitans la ye?
Penitans la se pa lè nou mete yon
rad sak, oubyen yon rad devosyon sou nou
pou lapriyè, pwomennen tout kote nan jèn pou yon pwoblèm nou genyen; se pa
liminen sou non lòt la pou madichonnen li. Penitans, se chèche Bondye pi plis,
se chèche mete nou chak jou pi plis pi pre Granmèt la. Bondye envite nou avanse
vin jwenn li, se yon envitasyon pou nou pran wout konvèsyon, pou nou chanje
mantalite; penitans se pataj, se mete tout konfyans nou nan Bondye epi nan li
menm sèl, se rete kole sou Bondye. Paske li se sila a ki toujou la, Sila a ki
p’ap janm lage nou, tankou li te di Moyiz la: «Mwen se Bondye zanzèt nou yo,
mwen se sila ki toujou la, Bondye tout bon vre a».
Lè a rive, pa pèdi
tan. Vin jwenn Bondye. Sa w’ap tann frè m’, sa w’ap tann sè m’? Kite move
chemen an, kite zidòl yo: zansèt nou yo te sèvi yo, yo pa regle anyen pou yo;
se mizè yo kite pou nou, se nan prizon bagay sa yo ap mete nou, y’ap fè n’
tounen esklav. Pa aksepte tounen esklav peche ankò. Jezi vini pou delivre nou,
apiye w’ sou li, li sèl Granmèt. Vini jwenn li, kore w’ sou li. Priye, veye pou
satan pa pran w’ nan pèlen. Bondye renmen nou, li mande nou renmen, fidelite;
se sa li mande nou, pou li ka ba nou lavi a gogo, lavi san limit. Se pou Bondye
beni nou tout byen beni!
LAPRIYÈ: Granmèt, ede nou konvèti tout bon vre pou
nou kapab tounen moun nouvo nan ou. Konsa nou p’ap peri nan pyèj satan. Pa
pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap chèche viv
nan renmen ak mizerikòd antan m’ap fè jefò pou mwen kole sou Bondye chak jou pi
plis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario