koulè Blan
ANONSYASYON GRANMÈT LA
Gran
Fèt.
PREMYE LEKTI
«Men Vyèj la ap vin ansent».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li di:
«Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy ba ou, nan fon anba a oubyen anwo nèt la».
Akaz di: «Mwen p’ap mande, mwen p’ap
tante Granmèt la».
Izayi di: «Koute, kay David: èske sa
twò piti pou nou, pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive fatige Bondye m’ nan? Se
poutèt sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men Vyèj la
ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye
avèk nou».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
39, 7-8a. 8b-9. 10.11
R/ Men m’ap
vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis ak kado ou pa t’ vle sa,
men se zòrèy ou fouye pou mwen.
Sakrifis antye ak sakrifis pou
peche, ou pa t’ mande sa,
lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri sou mwen
pou m’ fè volonte ou.
Bondye m’, mwen vle, lalwa w’ la nan
fon kè mwen».R.
Mwen anonse jistis ou nan gran
asanble a;
men po bouch mwen, mwen pa anpeche yo,
Granmèt, ou konnen.R.
Jistis ou a, mwen pa kache l’ nan kè
m’,
verite ou la ak delivrans ou a, mwen
deklare yo.
Mwen pa kache kè sansib ou a ak
verite ou la nan gran asanble a.R.
DEZYÈM LEKTI
«Nan tèt liv la, yo ekri sou mwen, pou m’ fè volonte ou, Bondye».
LEKTI LÈT EBRE YO 10, 4-10
Li pa posib pou san towo ak bouk
wete peche. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè a, li di: «Sakrifis ak kado, ou
pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme pou mwen; sakrifis pou peche pa t’ fè ou plezi;
lè sa a atò mwen di: «Men m’ap vini; nan tèt liv la yo ekri osijè m’, pou m’ fè
volonte ou, Bondye».
Pi wo a, li te di: «Sakrifis ak kado
ak sakrifis pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa pa t’ fè ou plezi, sa yo konn
ofri daprè lalwa a, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou,
Bondye»; li wete premye a, pou l’ enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a
nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri yon fwa pou tout.
LEVANJIL
«MEn w’ap ansent, w’ap anfante yon ti gason»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon
vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj, ki te fiyanse avèk yon mesye yo te
rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di: «Se
pou kè ou kontan, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout
fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap
kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’: «Pa pè, Mari; ou
jwenn gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap
rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt
Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou
tout tan, rèy li p’ap janm fini».
Mari di zanj la: «Kijan pou sa fèt,
paske lèzòm mwen pa konnen».
Zanj la reponn, li di l’: «Espri Sen
an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa
sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye.Men Elizabèt,
kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa sa a se
sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib kot
Bondye».
Mari di: «Men sèvant Granmèt la; se
pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Zanj la pati kite l’.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a a Legliz la ap fete Anonsyasyon
Granmèt la, sa vle di n’ap sonje kokenn chenn deklarasyon damou Bondye te vin
fè ras lèzòm pa lantremiz Lasent Vyèj Mari. Li bon pou n’ kontanple atitid Lavyèj Mari te genyen devan zanj lan ki
te vin anonse l’ Bondye chwazi l’ pou l’ vin Manman Pitit li a ki se Sovè
limanite. Bondye vle kolabore avèk moun pou travay delivrans la. Se li menm ki
te fè premye pa depi nan kòmansman an, lè li te rele Abraam pou l’ vin tounen
Papa yon foul moun, kote li te pwomèt li anpil benediksyon non sèlman pou li
menm men pou jenerasyon k’ap sòti nan li yo.
Fete Ansonsyasyon an, se sonje Bondye ap kontinye rele nou pou n’
patisipe nan bèlte l’ la, pou n’ mache avèk li, pou n’ tounen ouvriye Wayòm li
an sou tè a. Granmèt la vle kontinye pale avèk nou yon fason espesyal nan Sèl
grenn Pitit li a, li menm li mete eritye li epi nan li menm li vle kenbe pwomès
li te fè Abraam pou l’ beni pitit ak pitit pitit li yo pou tout tan.
Nan Jezikri, favè Bondye te pwomèt zansèt nou yo nan lafwa a, li
kontinye reyalize li. Bondye vle kontinye mache avèk tout limanite, li vle
oryante nou pou n’ mache nan limyè lavi a. Nan Jezikri nou wè Bondye vrèman
pote limyè delivrans lan pou nou tout lèzom ki t’ap mache tonbe-leve pou nou
kapab konprann laviktwa a se pou nou tout li ye, nou menm ki kwè nan mesaj li
te vin pote a, nou menm ki kite mesaj li a klere lavi nou, ki eksperimante kè
sansib san bout li a epi temwaye grandè Bondye nan lavi nou, nou tout ki kwè li
mouri epi li leve byen vivan, ki konnen li prezan nan lavi nou epi l’ap
kontinye travay pou kapab gen yon sosyete ki pi jis, yon sosyete ki reflete
valè Wayòm lan: kè poze, jistis, renmen, tèt ansanm, padon…
Tankou Lasent Vyèj Mari nou dwe gen atitid moun ki vle konprann, ki
vle kolabore, ki vle pou mete men nan pat sosyete a pou rive transfòme l’ daprè
jan Granmèt la vle. Tankou nouvo pèp Bondye a, ann nou di Bondye «wi», pou nou
kapab tounen ouvriye Wayòm li an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te vle pou Pawòl ou a
resevwa vrè chè moun nan vant Mari ki Vyèj, nou menm ki rekonèt Sovè nou an ki
Bondye e ki moun tou, tanpri, Bondye li ye a, fè nou sanble ak li.
PWOPOZISYON: Chèche konnen kisa Bondye vle nan lavi ou epi kite sa fèt
jan li vle.
No hay comentarios:
Publicar un comentario