Koulè vyolèt
PREMYE LEKTI
"Ak
kè nou kraze, ak lespri nou rabese, w’ap resevwa nou".
NAN LIV
PWOFÈT DANYÈL 3,25.34-43
Jou sa
yo:
Azaryas
kanpe, li lapriyè konsa: li louvri bouch li nan mitan dife a, li di:
"Tanpri,
pa lage nou pou tout tan poutèt non ou, pa kase contra w’ la, pa wete kè sansib
ou a sot nan nou, poutèt Abraam, sila a ou renmen an, ak Izaak sèvitè w’ la, ak
Jakòb sen w’ nan, yo menm ou pale ak yo a, antan ou te pwomèt ou t’ap fè ras yo
vin anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a.
Sèke,
Granmèt, nou vin pi piti pase tout nasyon yo, nou vin rabese sou tout tè a jodi
a poutèt peche nou yo, nan tan sa a pa gen wa ni chèf ni pwofèt, ni sakrifis
antye, ni sakrifis, ni kado, ni lansan, ni kote pou yo ofri premye fwi devan
ou, pou nou kapab jwenn kè sansib ou.
Men ak
kè nou kraze, ak lespri nou rabese w’ap resevwa nou; tankou ak sakrifis antye
bouk ak towo, ak tankou avèk mil mouton gra, se konsa pou sakrifis nou an ye
jodi a devan ou, pou l’ fè ou plezi, paske pa gen lawont pou moun ki met
konfyans nan ou.
Koulye a
n’ap suiv ou ak tout kè nou, n’ap respekte ou, n’ap chèche fas ou. Pa fè nou
wont, men aji avèk nou daprè bon kè ou, daprè tout pakèt kè sansib ou, delivre
nou, ak mèvèy ou yo, fè wè bèlte non ou, Granmèt".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9
R/ Sonje kè sansib ou yo, Granmèt.
Chemen
w’ yo, Granmèt, montre m’ yo, santye w’ yo, aprann mwen yo.
Dirije
m’ nan verite w’ la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje
bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou, paske se depi tout tan yo ekziste.
Daprè kè
sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt
la bon, li kòrèk, poutèt sa, li aprann pechè yo chemen l’;
l’ap
dirije moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Si
nou chak pa padonnen frè l’, Papa nou p’ap padonnen nou tou".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 21-35
Lè sa a:
Pyè pwoche
kot Jezi, li di: "Granmèt, konbyen fwa pou frè m’ fè peche kont mwen, pou
m’ padonnen l’? Èske se sèt fwa"?
Jezi di
l’: "Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasant dis fwa sèt fwa.
Se pousa
rèy syèl la sanble ak yon wa ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse
regle sa yo te dwe l’, yo mennen youn ba li ki te dwe l’ di mil pyès lajan. Kòm
li pa t’ gen dekwa pou l’ te renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li ansanm ak
madanm li ak pitit li yo ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab renmèt.
Sèvitè a
lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt
ou tout bagay". Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li efase
dèt la pou li.
Men
sèvitè sa a sòti, li jwenn youn nan sila yo ki te sèvitè ansanm avèk li yo, ki
te dwe l’ san pyès lajan; li kenbe l’ pou l’ toufe l’, li di: "Renmèt sa
ou dwe". Lòt sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran
pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay". Li menm menm li pa vle, li
pati, li voye mete l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt li.
Lè lòt
sèvitè yo wè sa k’ pase, yo pran lapenn anpil: yo rive, yo rakonte mèt li tout
sa k’ te rive.
Lè sa a
atò, mèt li rele l’, li di l’: "Move sèvitè, tout dèt ou, mwen te efase l’
pou ou, paske ou te lapriyè m’; èske ou pa t’ dwe pran pitye pou sèvitè parèy
ou a, menm jan mwen menm mwen te pran pitye pou ou a"? Mèt li
fache, li renmèt li nan men gad yo, joustan li renmèt tout dèt li. Se konsa
Papa m’ ki nan syèl la ap fè nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout
kè nou".
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Levanjil jodi a trè radikal, puiske li mande nou fè yon bagay ki pa fasil. Kisa
menm li mande nou fè? Jezi ba nou repons li te bay Pyè a. Pyè pwoche kot Jezi,
pou l’ mande l’ konbyen fwa li dwe padone moun ki fè l’ mal. Pyè mande Jezi
èske se sèt fwa li dwe padone.
Jezi ki se
ekzanp renmen ak padon an fè Pyè konnen moun ki renmen tout bon vre pa mezire
padon. Se poutèt sa Jezi kontinye pou di: “Mwen
pa di w’ padone sèt fwa, men swasant disèt fwa sèt fwa”. Kantite sa Jezi
bay Pyè a, sa vle di ke nou menm k’ap swiv Jezi nou pa dwe kite rankin ak
rayisans pote laviktwa sou mizerikòk ak konpasyon. Lanmou Bondye a se yon bagay
ki depase nivo entelijans nou ak tout sa nou ta kapab imajine ak konprann. Li
pi gran pase nou. Kòm nou tout benefisye, ebyen se konsa pou nou fè lòt yo
goute li tou. Plis ou renmen frè ou, se plis ou kapab padone li.
Nan pasaj li sou tè a, Jezi te montre nou kijan nou dwe padone. Malgre
jwif yo te maltrete l’, yo te imilye l’, jiskaske yo te kloure l’ sou yon kwa,
men li te priye Papa a pou l’ te ka padone
yo. Li pa t’ mande l’ vanje ak yo, pou l’ touye yo; men li te di Papa a
padone yo, paske yo pa konnen sa y’ap fè. Pa gen pi gwo jès lanmou ke sa.
Levanvil
jodi a redekouvri vrè vizaj Bondye: Se vizaj lanmou an. Nou p’ap sèvi yon
Bondye ki gen kè di, ki rann mal pou mal, men n’ap sèvi yon Bondye ki gen
konpasyon ki toujou prè pou l’ padone nou. Li pa mete
pye sou kou nou lè nou tonbe, men li ba nou lebra pou ede nou leve. Se menm
jès la li mande nou fè youn ak lòt.
Granmèt
la renmen nou san kondisyon; li pa ta vle youn nan nou pèdi, li vle nou antre
nan Wayòm li an. Bondye nou an san parèy, kè l’ sansib
anpil pou nou, li tèlman renmen nou. Sakreman
padon an se Bondye menm ki mete l’ nan Legliz la. Li bay pè yo pouvwa pou yo
padone peche nou. Padon sa se yon fason pou Bondye di nou li renmen nou e li
vle fè wout ak nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ala bon
ou bon! Ala gran ou gran! Mèsi pou lanmou w’ ki sove m’! Fè m’
renmen menm jan ak ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a tout moun mwen te kenbe nan kè m’ m’ap
libere yo. M’ap
pale ak yo, m’ap ba yo yon akolad sensè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario