Páginas

MЀKREDI 27-3-2019

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou».
LEKTI LIV DETEWONÒM 4, 1. 5-9
Moyiz pale ak pèp la, li di:
«Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt ou yo ap ba ou a.
Nou konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: «Men yon pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon»!
Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?
Konsa se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nam ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve ou yo».
Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS
147, 12-13. 15-16. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo anndan ou.R.
Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.
Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li simen lawouze tankou sann.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa montre yo jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa konprann mwen vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti «i» oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize.
Konsa moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap rele pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann lòt yo fè menm jan, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Avèk prezans Jezi sou latè, Bondye vin montre nou ki fason pou nou viv. E nou menm kretyen ki di nou vle fè volonte Papa a, li vin montre nou kijan pou nou aji  pou nou ka fè volonte Papa a.
Jezi fè nou konprann li pa vini pou elimine lalwa Moyiz la; okontrè  se montre li montre nou kijan nou menm ki vle suiv li dwe konpòte nou nan relasyon nou genyen avèk pwochen nou. Nan Jezi Lalwa a jwenn tout akonplisman li. Jezi te vin ede nou refè zanmitay nou ak Bondye, montre nou kijan pou nou viv tankou frè ak sè. Se vre, li pa toujou fasil pou nou fè sa lalwa a mande nou, men nan fason n’ap fè jefò, sa kapab ede nou kenbe tèt nou.
Zanmi Bondye yo, youn nan pi gwo misyon nou genyen sou tè a, se viv jan Bondye mande epi ankouraje lòt moun ki nan antouraj nou fè sa tou. Depi jodi a, nou dwe kòmanse fè efò pou nou mennen mòd kalite lavi sa a. Se pa tann nan dènye jou pou nou di n’a gen tan, paske lè sa a li va gen tan twò ta.
LAPRIYÈ:Granmèt, ou ba nou tan Karèm sa a pou nou aprann viv avèk Jezikri epi pou nou nouri tèt nou ak pawòl li. Gras a jefò n’ap fè pou nou chanje, fè nou vin genyen plis fidelite nan sèvis ou ak plis gou pou nou lapriyè ak yon sèl kè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Sa mwen kwè a ak sa m’ap preche a, m’ap chèche viv li

No hay comentarios:

Publicar un comentario