Koulè vyolèt
KATRIYÈM DIMANCH
KARÈM, ANE C
PREMYE LEKTI
"Pèp Bondye a antre nan tè yo
te pwomèt li a, l’ap fete Pak la".
NAN LIV JOZYE 5, 9a.10-12
Jou sa yo:
Granmèt la di Jozye: "Jodi a mwen wete lawont Lejip la
sot sou nou".
Pitit Izrayèl yo ret Gilgal, yo fè Pak la katòzyèm jou mwa
a, nan aswè, nan plenn Jeriko yo, yo manje nan fwi tè a nan landmen: pen san
leven ak ble ane sa a.
Lamán nan sispann tonbe, lè yo fin manje nan fwi tè a, pitit
Izrayèl yo pa t’ sèvi ak manje sa a ankò, men yo manje nan fwi tè Kanaan an te
donnen ane sa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
33 2-3. 4-5. 6-7
R/
Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li
nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo
tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè
ansanm.
Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè
m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont.
Pòv sa a rele, Granmèt la tande l’
anba tout tray li sove l’.R.
DEZYÈM LEKTI
"Bondye rekonsilye nou pa lentèmedyè Jezikri".
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
KORENTYEN YO 5, 17-21
Si gen yon nouvo kreyati nan
Jezikri, ansyen an pase: men tout bagay vin sot nan Bondye, li menm ki
rekonsilye nou pa lentèmedyè Jezikri, li ba nou sèvis rekonsilyasyon an. Sèke
se Bondye ki te nan Jezikri, l’ap rekonsilye tè a avèk li, li pa konsidere fot
moun yo te fè, li mete pawòl rekonsilyasyon an nan bouch nou. Pou Jezikri nou
sèvi komisyonè, se tankou si se Bondye k’ap bay ankourajman pa lentèmedyè nou.
N’ap ensiste kote nou pou Jezikri,
kite yo rekonsilye nou avèk Bondye. Li menm ki pa t’ konnen peche a, li fè l’
vin tounen pechè pou nou, pou nou te kapab vin tounen jistis Bondye nan li.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Frè w’ la ki la a, li te
mouri, li reviv".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 15, 1-3. 11-32
Lè sa a:
Pibliken yo ak pechè yo t’ap pwoche
kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen
yo ak pwofesè yo t’ap babye, yo t’ap di: "Sila a resevwa pechè yo, li
manje avèk yo".
Li di parabòl sa a pou yo, li di:
"Te gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a
di papa a: "Papa, ban m’ pòsyon eritaj ki destine pou mwen an". Li
separe eritaj la ba yo. Pa gen anpil jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase
tout afè l’, li pati, l’al fè wout li nan yon peyi byen lwen lè l’ rive la, li
gaspiye eritaj li a antan l’ap viv nan libètinaj.
Lè l’ fin depanse tout bagay, vin gen yon gwo grangou nan
rejyon sa a, li menm li kòmanse nan bezwen. Li pati, 1’al nan sèvis yon mesye
nan peyi sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te anvi
plen vant li ak grenn bwa yo, sa kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa t’ ba
li.
Li antre nan fon kè l’, li di: "Konbyen jounalye nan
lakay papa m’ gen kont pen yo, kanta mwen menm menm m’ap mouri grangou isit la!
M’ap leve, m’a pral lakay papa m’, m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la
ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou: trete m’ tankou youn
nan jounalye w’ yo". Li leve, li vin jwenn papa l’.
Pandan l’ te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak sansibilite,
li kouri, li lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’. Pitit la di l’: "Papa,
mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’
pitit ou".
Papa a menm di sèvitè yo: "Fè vit pote pi bèl rad la,
abiye l’; mete yon bag nan men l’, ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap
angrese a, touye l’, n’ap manje, n’ap fete; paske pitit mwen sa a ki te mouri
a, li reviv, li te peri, nou jwenn li". Epi, yo kòmanse fete.
Men pi gran pitit li a te nan jaden, lè l’ rive li pwoche bò
kay la, li tande chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki
kalite bagay sa yo. Sila a menm di l’: "Se frè w’ la ki vini, papa w’ fè
touye towo a yo t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an sante". Lòt la
menm fache, li refize antre; papa l’ blije sòti, li kòmanse lapriyè l’. Li menm
menm li reponn, li di papa l’: "Men konbyen ane m’ap sèvi w’, mwen pa janm
dezobeyi yon kòmandman w’ epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit, pou m’ fete
avèk zanmi m’ yo; men pitit ou sa a, ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi,
kon l’ rive, ou touye towo yo t’ap angrese a, akòz li".
Li menm li di l’: "Pitit mwen, ou toujou avèk mwen,
tout sa m’ genyen se pou ou. Sèlman se pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou
kontan, paske frè w’ sa a te mouri, li reviv, li te peri, nou jwenn li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Chak ane Legliz la, Manman nou, ba nou posiblite pou n’evalye, relasyon nou
genyen avèk Bondye, pou nou ka vin pi pwòch li antan nou youn soude ak
lòt, antan n’ap viv nan tèt ansanm.
Bondye vle se nou tout ansanm ki
mache al jwenn li. Tan Karèm nan ofri nou posiblite pou nou kase tèt tounen vin
jwenn Bondye pandan n’ap mande li padon, pou n’ ka rekonsilye avèk li, pandan
n’ap rekonsilye ak tèt pa nou tou, epi ak frè ak sè nou yo, se rekonsilyason sa
k’ap pèmèt nou rive bò kot Bondye.
Non sèlman Legliz la ofri n’ posiblite sa a, men ane sa li trè
espesyal : Pap Franswa deklare l’ kòm ane mizerikòd ; sa vle di, ane
kè sansib. Kidonk, menm jan Bondye toujou gen pitye pou nou, nou menm tou nou
dwe gen pitye pou frè ak sè nou yo. Mizerikòd la, se manifestasyon renmen an.
Se poutèt sa, frè ak sè m’ yo, nou dwe kite renmen Bondye a anvayi, transfòme
nou, pou n’ ka rive viv li tout kote nou pase epi ak tout moun nou rankontre
sou wout nou.
Ane mizerikòd sa a mande n’ pou n’ resezi nou, pou n’ gade relasyon nou ak
moun k’ap viv avèk nou, pou n’ kapab amelyore fason n’ap viv. Nan ane mizerikòd
la, se yon dènye chans Bondye ba nou pou nou kase tèt tounen vin jwenn li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede nou pou nou rive genyen matirite nan
renmen, pou nou kapab asime defi ak responsablite ke lafwa enplike.
PWOPOZISYON : Lapriyè pou Legliz la kenbe fèm.
No hay comentarios:
Publicar un comentario