Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Madichon pou moun ki mèt konfyans nan moun; benediksyon pou moun ki mèt
konfyans nan Granmèt la».
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 17, 5-10
Men pawòl Granmèt la:
«Madichon pou moun ki mèt konfyans
nan yon moun, epi ki mete yon moun kòm fòs bra l’, men li wete kè l’ sot kot
Granmèt la. L’ap tankou yon bwa chèch nan savann, li p’ap wè lè byen an rive;
men l’ap abite nan savann sèk la, nan tè sale a kote moun pa kapab abite a.
Benediksyon pou moun ki mèt konfyans
nan Granmèt la, ki mèt espwa l’ nan Granmèt la; l’ap tankou yon pye bwa yo
transplante sou bò dlo yo, ki plonje rasin li yo nan frechè, li p’ap pè lè chalè
a ap rive, fèy li ap ret vèt, nan tan sechrès la li p’ap nan tèt chaje, li p’ap
janm manke donnen fwi.
Kè tout moun move, yo pa kapab sonde
l’, ki moun ki konnen l’? Se mwen menm Granmèt la ki sonde kè, ki eseye ren;
mwen menm ki bay chak moun daprè chemen l’ epi daprè fwi travay li».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou
moun ki mete Granmèt la kòm espwa li.
Se chans pou moun ki pa ale nan
reyinyon moun ki pa kòrèk yo,
ki pa kanpe nan chemen moun peche
yo,
ki pa chita nan gwoup moun move
plezantri yo,
men se nan lalwa Granmèt la li mèt
volonte l’,
se nan lalwa l’ la l’ap kalkile
lajounen kou lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante
sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’;
fèy li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè
ap reyisi.R.
Mechan yo pa konsa, yo pa konsa, men
se tankou pousyè van an ap bwote.
Sèke Granmèt la konnen chemen moun
ki kòrèk yo, wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Ou te resevwa byen, Laza te resevwa malè; koulye a l’ap konsole isit
la, ou menm menm ou nan soufrans».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 16, 19-31
Lè sa a: Jezi di farizyen yo:
«Te gen yon mesye ki te rich, li te
konn abiye ak vlou ak swa, chak jou li te konn ap fè bèl resepsyon. Men te gen
yon pòv tou, yo te rele Laza, ki te kouche nan papòt li, li te plen ak blesi,
li te anvi plen vant li ak ti kal manje ki te konn ap tonbe sot sou tab rich
la, men pèsòn pa t’ konn ba li; okontrè se chyen yo ki te konn vin ap niche
kote l’ te malad yo.
Rive pòv la vin mouri, mesaje yo
pote l’ nan lestomak Abraam; rich la vin mouri tou, yo antere l’ nan lanfè.
Li leve je l’ anlè, pandan li t’ap
soufri a, li wè Abraam byen lwen ak Laza nan lestomak li. Li rele byen fò, li
di: «Papa Abraam, pitye pou mwen, voye Laza, pou l’ tranpe ti bout dwèt li nan
dlo, pou l’ rafrechi lang mwen, paske m’ap soufri nan flanm saa».
Abraam di l’: «Pitit, sonje ou te
resevwa byen yo nan lavi ou, Laza menm te resevwa malè; koulye a atò li jwenn
konsolasyon isit la, ou menm menm w’ap soufri. Ak tout sa, ant nou menm epi ou
menm gen yon gran vid ki ekziste, atèl pwen moun ki ta vle sot isit la pou y’al
travèse kote ou, yo pa kapab, ni sot kote ou pou travèse isit la».
Li di: «Mwen lapriyè ou, Papa, pou
ou voye l’ lakay papa m’ (sèke mwen gen senk frè), pou l’ bay temwayaj devan
yo, pou yo menm tou yo pa vin nan kote soufrans sa yo isit la». Abraam di l’:
«Yo gen Moyiz ak pwofèt yo: se pou yo koute yo». Li di l’: «Non, Papa Abraam;
men, si youn nan mò yo al kote yo, y’ap fè penitans». Li di l’: «Si ata Moyiz
ak Pwofèt yo yo pa koute yo, se pa yon moun ki ta leve sot nan pami mò yo yo ta
koute».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Moun ki met konfyans li nan Bondye pa janm pase wont. Paske Bondye
ap toujou kanpe avèk li, epi tou l’ap konble li ak benediksyon. Nan sans sa a,
Levanjil la ankouraje nou pou nou kenbe fèm nan moman difisil yo, lè nou
grangou, lè nou malad, lè nou razè... Nou pa fèt pou nou dekouraje ni dezespere
pou n’al fè sa k’ pa bon, paske Bondye pa bliye nou, tankou nou abitye di
sa : «nou se pitit Bondye, nou pa
bofi Bondye».
Pèsonn moun pa ta kwè
nèg rich la t’ap gen bezwen Laza? E poutan li mande Papa Abraam pou l’al fè pòv
la mete yon gout dlo nan bouch li, men li te gen tan twò ta; se poutèt sa Abraam
reponn li t’ap viv byen nan mond la, Laza menm se soufri li t’ap soufri. Si nou
twò materyalis, si nou pa aprann pataje sa nou genyen, nou kapab tonbe nan menm
danje ak nèg rich la.
Nou toujou ka jwenn
kichòy pou nou pataje ak yon moun ki nan bezwen, menm si se yon ti tan pou nou
koze ansanm, yon visit, yon akonpayman. Yon lòt bò, Bondye vle montre nou
nesesite pou nou aprann koute vwa li nan mesaje li yo, paske lè rich la te di
kite Laza al bay frè l’ yo temwayaj sa, li reponn li gen anpil pwofèt ki pale
chak jou de sa men yo pa koute yo. Ann met atasyon nou sou pawòl Granmèt la,
antan n’ap fè jefò pou nou viv li.
LAPRIYÈ:Granmèt,
aprann nou pataje ak bon kè, paske tout sa nou genyen se ou ki ban ou li.
PWOPOZISYON: M’ap amelyore relasyon
mwen ak pwochen mwen antan m’ap trete li ak dousè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario