Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Vini,
an nou frape l’".
NAN LIV
PWOFÈT JEREMI
18, 18- 20
Yo di:
"Vini, an nou fè konplo kont Jeremi; lalwa a p’ap peri poutèt pa gen prèt,
ni konsèy la poutèt pa gen moun sajès, ni pawòl la poutèt pa gen pwofèt. Vini,
an nou frappe l’ avèk kout lang, nou p’ap fè atansyon nan tout pawòl li
yo".
Granmèt,
vire lide ou sou mwen, koute vwa lènmi m’ yo. Èske yo konn renmèt mal pou byen,
ki fè yo fouye fòs pou nanm mwen an? Sonje
mwen te kanpe devan fas ou, pou m’ te plede kòz yo, pou m’ te fè kòlè ou vire
lwen yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
30, 5-6. 14. 5-16
R/ Sove m’, Granmèt, nan kè sansib ou a.
Wete m’
sot nan pyèj yo kache pou mwen an, paske se ou menm ki fòs mwen.
Se nan men
ou mwen renmèt lespri m’;
ou delivre
m’, Granmèt, Bondye verite a.R.
Sèke mwen tande rèl anpil moun: se
kè sote nan lavil la;
poutèt yo rasanble ansanm kont
mwen, yo fè konplo pou yo wete nanm mwen.R.
Kanta mwen menm menm se nan ou
mwen espere, Granmèt;
mwen di: "Se Bondye m’ ou ye,
se nan men ou destine mwen ye".
Delivre m’ sot nan men lènmi yo ak
moun k’ap pèsekite m’ yo.R.
LEVANJIL
"Y’ap kondane l’ amò".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
20, 17- 28
Lè sa a:
Pandan Jezi ap monte Jerizalèm, li
pran douz disip yo apa, li di yo: "Men n’ap monte Jerizalèm, y’a pral
renmèt Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo, y’ap kondane l’ amò,
y’ap renmèt li nan men nasyon yo pou yo pase l’ nan rizib, pou yo bat li, pou
yo kloure l’ sou kwa, epi sou twazyèm jou a, l’ap leve ankò".
Lè sa a
manman pitit Zebede yo pwoche kote l’ ansanm ak pitit li yo, li ajenou devan
l’, li mande l’ kichòy.
Jezi di
l’: "Ki sa ou vle"?
Li di
l’: "Di pou de pitit mwen sa yo chita youn adwat ou, lòt la agoch ou nan
rèy ou an".
Jezi
menm reponn, li di: "Nou pa konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè
kalis la mwen gen pou m’ bwè a"?
Yo di
l’: "Nou kapab".
Li di
yo: "Kalis mwen an, n’ap bwè l’; men kanta pou chita adwat mwen oubyen
agoch mwen an, se pa mwen menm ki kapab ba nou sa, men se pou moun Papa m’ pare
sa".
Lè dis
lòt yo tande sa, yo fache kont de frè yo. Jezi menm rele yo, vin kote l’, li
di: "Nou konnen chèf nasyon yo kòmande yo, epi sila yo ki nan gran plas
yo, yo fè pouvwa yo peze sou yo. Sa pa dwe fèt konsa nan mitan nou, men nenpòt
ki moun nan pami nou ki vle vin gen pi gran plas, se pou l’ vin tounen sèvitè
nou; epi moun ki vle vin gen premye plas nan pami nou, se pou l’ vin tounen
esklav nou.
Se konsa
Pitit moun nan pa vini pou l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay
lavi l’ pou delivrans kantite moun yo".
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a,
n’ap reflechi sou 2 mo kle nou jwenn nan finisman Levanjil la: Pouvwa ak sèvis. Pouvwa, se youn nan bagay anpil moun k’ap viv sou latè ta
renmen genyen. Men anpil moun ki gen pouvwa mal itilize l', konsa li vin sanble
yon kouto ki file de bò ki pa gen manch pou moun nan kenbe li.
Nan
Levanjil sa a, Jezi ap denonse move fason nou konn itilize pouvwa lè nou genyen
li epi li envite nou menm kretyen yo pou nou kapab aji yon fason diferan. Nou
wè youn nan moun ki te viktim anba pouvwa lògèy lèzòm se Jezi li menm. Depi lè li te fèt, pouvwa wa Ewòd
te genyen ak tout lòt moun ki te puisan nan epòk la te deja yon menas pou lavi
li. Kalite pouvwa sa yo fè nou viv pi lwen Bondye, yo fè nou prezante bay mond
lan yon fo imaj sou Bondye, yon Bondye ki pa bay jistis epi ki toupuisan.
Nou pa bezwen yon gran save pou
nou konprann pouvwa sa yo vle fè nou fou; se pouvwa ki fè nou vin egoyis, ki fè
n'ap kouri pou pran premye plas; se yon pouvwa ki touye zanmitay ak renmen; li
rann nou jalou epi li fè nou pèdi dimansyon moun nan nou pote nan nou an. Jezi ankouraje nou fè ladiferans, nou menm ki vle
suiv tras li.
Nou dwe aprann
sèvi. Yon sèvis ki rann nou lib, yon sèvis ki fè nou reyalize nou kòm moun, ki
fè nou anvi bay tèt nou chak fwa pi plis lè se pou ede lòt yo. Gwo pòs yo bèl
se vre, men nou p’ap kouri dèyè yo, nou dwe rete lib pa rapò ak tout bagay mond
lan ap ofri nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki fòs nou, tanpri fè nou gen kouraj dechouke
tout move santiman ki nan kè nou, pou nou kapab rive sèvi frè ak sè nou yo
gratis. Pa pouvwa Jekri, Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON: M'ap ede yon moun ki an difikilte san m' pa imilye li;
m'ap defann yon moun ki nan danje antan mwen rekonèt vrè valè li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario