Koulè Blan
JOZÈF KI SEN.
Gran Fèt.
PREMYE LEKTI
«Granmèt Bondye
ap ba li twòn David papa l’ la»
LEKTI DEZYÈM LIV SAMYÈL 7, 4-5a. 12-14a. 16
Jou sa yo:
Men pawòl Granmèt la di Natan: «Al pale ak David sèvitè
m’ nan: Men pawòl Granmèt la: «Lè jou ou yo ap rive bout yo, lè w’ap dòmi avèk
zansèt ou yo, m’ap fè yon desandans leve aprè ou, se nan vant ou l’ap sòti,
m’ap asire peyi wa l’ la. Se li menm k’ap bati yon kay pou non m’, m’ap fè twòn
peyi-wa li ret fèm pou tout tan. M’ap yon papa pou li, l’ap yon pitit
pou mwen. Kay ou ap fidèl, ni peyi-wa ou pou tout tan devan fas ou, twòn ou ap
toujou ret fèm».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
88, 2-3. 4-5. 27 e 29
R/
Ras li ap
dire pou tout tan.
Mizerikòd Granmèt la se tout tan
n’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon.
M’ap anonse verite ou nan bouch
mwen.
Sèke mwen di: «Se pou tout tan
mizerikòd la bati», nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Mwen pase alyans mwen avèk sa a mwen
chwazi a, mwen fè sèman bay David sèvitè m’:
Pou tout tan mwen asire desandans ou
a, m’ap bati pou jenerasyon ak jenerasyon fotèy ou a».R.
«Li menm l’ap rele m’: «Se papa m’
ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen».
Pou tout tan m’ap kenbe mizerikòd
mwen pou li, kontra m’ nan ap fidèl pou li».R.
DEZYÈM LEKTI
«Malgre
espwa a, li kwè nan espwa a».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN-AN, POU
WOMEN YO 4, 13. 16-18. 22
Frè m’ yo:
Pwomès ki te fèt bay Abraam oubyen
desandans li a, pou l’ te eritye tè a, se pa daprè lalwa-a li te fèt, men se
daprè jistis lafwa a.
Konsa se daprè lafwa a, pou pwomès
la kapab asire pou tout desandans la daprè favè a, pa sèlman pou sila a ki
pitit Abraam daprè lalwa a, men pou sila a tou ki pitit Abraam daprè lafwa a,
li menm ki papa nou tout (daprè sa k’ ekri a: «Mwen mete ou kòm papa tout pakèt
nasyon yo») devan Bondye, Bondye sa a li te met lafwa a nan li a, Bondye sa a
ki fè mò yo viv la, li menm tou ki rele sa k’ pa t’ ekziste yo tankou sa k’ te
ekziste yo. Sila a ki kwè malgre espwa a nan espwa a, pou l’ te kapab vin papa
tout pakèt nasyon yo, daprè sa k’ ekri a: «Se konsa desandans ou ap ye». Se
pousa yo konte sa pou li kòm jistis.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«Jozèf aji
daprè lòd anj Granmèt la te pase l’ la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 1, 16. 18-21. 24a
Jakòb anfante Jozèf, Jozèf sa a ki
te marye avèk Mari. Se Mari ki anfante Jezi, li menm yo rele Kris la.
[Men lis ras Jezikri] [Men kijan
afantman Kris la te ye] : Mari, manman l’, te fiyanse avèk Jozèf; anvan yo
abite ansanm, rive li vin ansent gras a Lespri Sen an; Jozèf menm, mari l’, se
te yon moun kòrèk, li pa t’ vle denonse l’, li te vle ranvwaye l’ an kachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, men zanj
Granmèt la parèt nan rèv devan l’, li di: «Jozèf, pitit David, pa pè resevwa
Mari, madanm ou; sèke sa k’ fèt nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti. L’ap
anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi; se li menm k’ap sove pèp li a sot
nan peche l’ yo». Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li aji daprè lòd zanj Granmèt la
te pase l’ la.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la
ap sonje Sen Jozèf, sila ki te marye ak Lavyèj Mari a, li se papa adoptif Jezi.
Jozèf se yon nèg yo pa mansyone anpil nan Bib la, men prezans li enpòtan anpil.
Jozèf sòti nan ras Wa David. Sa vle di, li se eritye pwomès Granmèt la te fè
depi nan tan Abraham, ki se papa tout pèp Izrayèl la, epi li renouvle l’ pou
David, ki se youn nan desandan Abraham. Granmèt la fè yo konnen li chwazi yo
pou montre lemond antye jan l’ renmen pèp li a.
Nan Ansyen Kontra
a, ki se premye pati Bib la, nou wè jan Granmèt la te toujou rete fidèl nan
renmen li renmen pèp Izrayèl la. Nan Nouvo Kontra a, kote nou jwenn istwa
Jezikri ak premye disip li yo, nou wè jan Granmèt la te louvri pòt renmen li yo
byen louvri, pou tout moun kapab antre, pa sèlman pèp Izrayèl la, ki se pèp
jwif la.
Lè nou sonje Sen
Jozèf, n’ap sonje wòl li nan Istwa Delivrans la. Kòm pitit adoptif Jozèf ak
pitit Mari, Jezi se manm pèp Izrayèl la, li se eritye pwomès Granmèt la te fè
Abraham ak Wa David. Menm tan tou, kòm Pitit Bondye, Jezi se yon nouvo Wa ki
ale pi lwen pase Abraham ak David.
Pèp Ayisyen an gen
yon bèl istwa tou. Granmèt la te ansanm ak «Dessalines»,
ak «Toussaint», ak lòt nèg ak negès
ki te lite pou libète peyi a, ak pou libète tout moun ki t’ap soufri anba
sistèm esklavaj nan lemond antye. Nan istwa sa a, malgre tout pwoblèm ak
difikilte, Granmèt la pa janm lage peyi Dayiti, li toujou rete fidèl. Fò n’ ta
chache konprann nan ki sans Jezikri kapab ede nou ale pi lwen kòm peyi. Menm
jan ak Jozèf, fòk nou fè yon pon ki konekte istwa nou ak lavni nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, granmesi lapriyè Sen
Jozèf, fè fanmi nou yo vin pi fèm, pi solidè, pou nou ka gen yon pi bèl peyi, yon pi bèl sosyete. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Patisipasyon pa m’ konte anpil, si m’ chanje konpòtman, lavi nan kominote
a ka vin pi bèl, demen ka miyò.
No hay comentarios:
Publicar un comentario