Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen enstale ou kòm kontra pèp la, pou ou met peyi a kanpe».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 49, 8-15
Men sa Granmèt la di:
«Nan tan favè a mwen koute ou, nan jou
delivrans la mwen pote ou sekou; mwen pwoteje ou, mwen enstale ou kòm kontra
pèp la, pou ou met peyi a kanpe, pou ou posede eritaj ki gaye yo; pou ou di
sila yo ki nan prizon yo: «Sòti», epi sa ki nan fènwa yo: «Parèt».
Sou wout yo, y’ap jwenn manje, nan tout
plenn y’ap jwenn jaden zèb yo. Yo p’ap grangou, yo p’ap swaf, chalè solèy la
p’ap frape yo, paske sila a k’ap kondui yo a, li sansib, l’ap pase swaf yo nan
sous dlo yo. M’ap fè tout mòn mwen yo vin tounen wout, santye m’ yo
ap leve. Men sila yo ap vin sot lwen, men dòt k’ap vin sot nan Nò ak rejyon
lanmè a, dòt menm ankò sot nan peyi nan Sid, fè lwanj, syèl yo! Danse, tè a! Fè
lwanj eklate, mòn yo! Paske Granmèt la konsole pèp li a, l’ap pran pitye pou
pòv li yo.
Epi Siyon t’ap di: «Granmèt la lage
m’, Granmèt la bliye m’». Èske yon madanm kapab bliye ti pitit li, pou l’ pa
sansib pou pitit zantray li? Menm si youn t’ap bliye, mwen menm mwen p’ap bliye
ou»!
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
144, 8-9. 13cd-14. 17-18
R/ Granmèt la gen
pitye, li gen kè sansib.
Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib
li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la bon pou tout moun, kè l’
sansib pou tout sa l’ fè. R.
Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo,
li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe,
li drese tout moun ki febli.R.
Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo,
li sen nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’
yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
LEVANJIL
«Menm jan Papa a leve mò yo, li bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle,
li ba yo lavi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 5, 17-30
Lè sa a:
Jezi reponn Juif yo: «Jouskoulye a,
Papa m’ap travay, mwen menm tou m’ap travay».
Se pou sa menm Juif yo t’ap chèche
touye l’ pi plis la, paske non sèlman li te anile saba a, men li te deklare
Bondye se papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin egal ak Bondye.
Konsa, Jezi reponn, li di yo:
«An verite, an verite mwen di nou,
Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt li, si l’ pa wè Papa a fè; tout sa l’ fè
reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Papa a renmen Pitit la, li montre l’
tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi gran aksyon pase sa yo ankò, pou nou
kapab sezi.
Sèke menm jan Papa a leve mò yo, epi li
bay lavi a, konsa tou Pitit la se moun li vle li bay lavi. Papa a pa jije
pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jijman an, pou tout moun respekte Pitit la
menm jan yo respekte Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa respekte Papa
a ki voye l’ la. An verite, an verite mwen di nou moun ki koute pawòl mwen, li
koute sila a ki voye m’ nan, li gen lavi tout tan an, li pa antre nan jijman,
men li travèse sot nan lanmò al nan lavi.
An verite, an verite mwen di nou, lè a
rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande vwa Pitit Bondye a. Moun ki tande yo,
y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li menm menm nan, konsa li bay Pitit la
pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba l’ pouvwa tou pou l’ fè jijman, paske
se Pitit moun li ye.
Pa sezi pou sa, sèke lè a rive, kote
tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa Pitit Bondye a; y’ap sòti, moun ki te
fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te fè mal yo menm se pou leve jijman an.
Mwen pa kapab fè anyen ak pwòp tèt pa
m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi jijman m’ nan kòrèk, paske mwen pa
chèche volonte m’, men volonte sila a ki voye m’ nan».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, premye lekti
a ke nou li nan Liv Pwofèt Izayi prezante n’ yon pèp Izrayelit k’ap retounen
nan peyi l’, k’ap retounen nan tè li, kote yo te mete l’ deyò a. Se yon mesaj
ankourajman Bondye bay pèp li a atravè pwofèt la. L’ap rele sa k’ te nan
peche yo, li pwomèt yo padon si yo regrèt fot yo te fè. L’ap rele sa k’ te nan
prizon yo vin nan peyi kote Bondye te fè papa yo kado a. L’ap rele sa k’ nan
fènwa yo vin nan limyè. L’ap trase chemen nan mòn yo pou yo kapab pase, l’ap ba
yo manje pou yo ka fè wout la, l’ap mache avèk yo, l’ap trete yo pi byen pase
yon manman trete pitit li. Sa vle di, pa gen anyen k’ap anpeche yo rive
jwenn delivrans la.
Se
Jezi, Mesi a pwofèt yo te anonse a ke Papa a ap voye, se li k’ap vin montre pèp
Bondye a chemen an pou yo rive jwenn li. Nan sans sa a, an nou wè ki mesaj
Levanjil la pote pou nou. Se yon diskou Jezi fè kote li touche 2 pwen :
Premye pwen an, li montre kalite
relasyon li genyen ak Papa a. Jezi deklare ke li pa fè anyen san Papa l’ e Papa
a montre l’ tout bagay ; kidonk se mesaj delivrans Bondye a li pote. Li di
si yon moun koute vwa l’, se vwa Papa a li koute e si yon moun refize pawòl la,
se pwòp Papa a li refize.
Dezyèm pwen an pale de jijman.
Bondye bay Jezi pouvwa pou l’ jije e jijman l’ lan kòrèk. Se yon jijman san
patipri, san privilèj. Se pa modèl jijman lèzòm kote yo kapab fè inosan pase
pou koupab, kote si entèl gen yon kolonèl ki zanmi li, yo kapab mande lage li.
Non ! Moun ki koute mesaj la, ki mete l’an pratik, l’ap viv men sila yo ki
pa koute yo y’ap rete nan lanmò. Paske se pa li menm k’ap kondane ;
okontrè se lè yon moun fèmen kè l’ pou pa resevwa pawòl la ke li kondane pwòp
tèt li. Konsa an nou fè jefò pou nou akeyi pawòl Bondye a nan lavi nou, an nou
kite pawòl la fè enpak sou panse nou ak aksyon nou, pou nou kapab konstwi Wayòm
Bondye nan mitan nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, mèsi pou Jezikri, sèl
Pitit ou a ou voye vin pote pawòl lavi a pou mwen, pou nanm mwen kapab sove.
Tanpri ede m’ouvri kè m’ pou m’ resevwa l’ak kè kontan epi pataje l’avèk frè ak
sè m’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON: Pote limyè pawòl
Bondye a nan fènwa lavi lòt yo ki dekouraje oubyen ki pèdi lespwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario