Páginas

DIMANCH 1-9-2019


Koulè Vèt
VENNDEZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Rabese tèt ou, konsa w’ap jwenn favè devan Bondye”.
NAN LIV SIRASID 3, 19-21.30-31
Pitit mwen, reyalize zafè ou antan ou fè kò ou tou piti, konsa y’a renmen ou plis pase moun ki chèche bèlte lèzòm. Plis ou gran, rabese tèt ou nan tout bagay, konsa w’a jwenn favè devan Bondye, paske se pouvwa sèl Bondye a ki gran, se moun ki rabese tèt yo ki ba l’ konsiderasyon.
Pa gen remèd pou foul moun k’ap pran pòz yo siperyè a, pye bwa peche a pouse rasin nan yo, yo pa konprann sa. moun ki gen sajès la, li reflechi nan sajès la; yon bon zòrèy ap anvi koute sajès la anpil.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 4-5ac. 6-7ab. 10-11
R/ Nan ou ou pare yon kay pou pòv la, Bondye.
Se pou moun ki kòrèk yo fè kè yo
kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jui nan kè kontan. R.
Chante pou Bondye, di sòm pou non l’; Granmèt la se non l’.R.
Papa òfelen yo, ak jij vèv yo, Bondye nan lakay li ki sen an. R.
Bondye ki fè pòv yo abite  nan  yon kay, ki kondui prizonye yo nan richès.R.
Se yon lapli favè ou vide, Bondye; eritaj ou a ki fèt la, ou te refè l’. R.
Vivan  ou yo te abite ladan l’, ou te pare l’ pou pòv la nan bon kè ou, Bondye. R.
DEZYÈM LEKTI
“Nou te pwoche kot mòn Siyon an ak vil Bondye ki vivan an”.
NAN LÈT POU EBRE YO 12, 18-19. 22-24a
Frè m’ yo:
Nou pa t’ pwoche kot yon mòn yo kapab touche, ak dife k’ap flanbe, ak fènwa, ak dekou, ak tanpèt, ak son klewon, ak bwi pawòl; moun yo ki te tande yo a, yo te mande padon, pou bagay sa a sispann pou yo.
Men nou te pwoche kot mòn Siyon an ak vil Bondye ki vivan an, Jerizalèm nan syèl la, ak pakèt milye mesaje yo k’ap fete yo, ak foul premye pitit yo ki gen non yo ekri nan syèl yo, ak Bondye ki jij tout moun yo, ak nanm moun ki kòrèk yo ki fin bon nèt yo, ak Jezi ki sèvi entèmedyè nouvo testaman an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Moun ki leve tèt li, y’a rabese l’, men moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’anlè.”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 1.7-14
Lè sa a:
Rive, Jezi te antre lakay youn nan chèf farizyen yo yon jou saba pou l’ manje pen, epi yo menm yo t’ap veye l’. Men li di yon parabòl  pou  moun yo te envite yo, paske li te wè kijan yo t’ap chèche premye plas yo, li di yo: “Lè yo envite ou nan yon nòs, pa enstale ou nan premye plas la, paske petèt mèt kay la envite yon moun ki gen plis konsiderasyon pase ou, epi sila a ki envite ni ou ni li a vini, li di ou: “Ba l’ plas la ; lè sa a w’ap blije pran dènye plas la ak lawont.”
Men, lè yo envite ou, ale, enstale  ou nan dènye plas la; konsa, lè moun ki te envite w’ la ap rive, l’ap di ou: “Zanmi, monte pi wo”. Lè sa a atò sa ap yon lwanj pou ou devan tout envite yo. Paske tout moun k’ap leve tèt li, y’ap rabese l’; se moun k’ap rabese tèt li y’ap leve anlè”.
Li t’ap di moun ki te envite l’ la tou: “Lè ou fè yon dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi ou yo, frè w’ yo, ni fanmi w’ yo, ni vwazen yo ki rich yo, pou yo pa envite ou yo menm tou apre sa, pou ou gen rekonpans ou. Men, lè w’ap fè yon resepsyon, envite pòv yo, enfim yo, sa k’ap bwate yo, avèg yo.
Sa ap yon chans pou ou, paske yo menm yo pa gen dekwa renmèt ou, w’a gen rekonpans pou sa, lè moun kòrèk yo ap leve vivan an”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Lontan granmoun yo te konn rakonte yon ti istwa sou yon krapo. Krapo sa a te sèl kòk chante nan basen dlo kote li te rete a. Li te konn vante tèt li, li te santi li pi gwo pase tout bèt.
Lè sa a, te gen yon bèf ki t’ap gazonnen bò dlo kote krapo a te rete a. Yon kamarad di li: Gwo kou ou gwo, ou toujou pi piti pase bèf sa a! Krapo a pa vle bay legen. Li di: m’ pral ou mwen pi gwo pase bèf sa a. Li pran gonfle kò li jis li pa kapab ankò. Lè fini, li mande lòt la: kounye a, èske m’ pi gwo pase bèf la? Lòt la pran ri. Li di: ou lwen toujou! Krapo a fache, li gonfle li pi plis! Chak  fwa li mande si l’ rive gwosè bèf la, chak fwa lòt la di: non, ou lwen toujou! Krapo a fè kolè, li gonfle ko l’ si tèlman li pete an mil moso! Se konsa li mouri. Se lògèy ki te touye l’!
Se konsa tou Pawòl Bondye a jodi envite nou reflechi sou fason ke nou ye, sou fason nou konpòte nou nan gonfle kò, nan panse nou pi enpòtan pase lòt, nou vo plis pase yo; nou gonfle ak move lògèy. Se pou  sa a Jezi ap ba nou pi bon ekzanp kijan pou nou konpòte nou.
Yon gwo nèg te envite Jezi pou l’ vin manje lakay li. Lè Jezi antre nan sal la, li wè kijan lòt envite yo te pran  pi bon plas yo. Se sa k’ fè Jezi ba yo yon ti leson, li di: lè yo envite nou nan yon nòs, pa pran pi bon plas, pou si yo te envite yon pi gwo nèg pase ou. Lè sa a, mèt nòs la va di ou: bay moun sa a plas sa, epi ou menm pase dèyè. Natirèlman w’ap santi ou wont.
Men, lè yo envite ou, pito w’ pran dènye plas, konsa lè mèt nòs la vini, l’a di ou: zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Sa va yon lonè pou ou devan tout moun ki la yo. Se konsa, moun ki leve tèt, yo fè l’ bese l’; men moun ki bese tèt, yo fè l’ leve l’.
Lè fini, Jezi di moun ki te envite l’ la: lè w’ap fè yon fèt, pa envite moun parèy ou yo, yo menm, yo pral remèt ou sa, y’ap envite ou tou. Men pito ou envite pòv yo, paske yo pa kapab rann ou menm sèvis sa a. Se Bondye li menm ki va remèt ou sa. Sè m’ ak frè m’ yo, nou te di se lògèy ki touye krapo a. kounye a nou tande Jezi di nou: moun ki leve tèt, y’ap fè l’ bese l’.
Pa gen pi gwo danje pou yon kretyen pase lògèy. Yon moun ki plen move lògèy, l’ap gonfle kò li kou krapo a. Li pa anyen pase pwòp tèt pa li. li fèmen pou Bondye ak frè l’ yo. Ata li lacharite, se pwòp glwa li, pwòp avantaj li li chache. Li pran pòz endepandan li devan Bondye, epi li meprize frè ak li yo. Li konsidere Bondye pa kab fè anyen pou li. Li tankou yon kanal ki bouche: Renmen Bondye pa kapab pase nan li, ki fè li pa kapab renmen frè li yo. Lavi a pa nan li.
Men, yon moun ki li piti, ki rekonèt feblès li, li konte sou Bondye, li louvri kè li pou Bondye kapab plen l’ ak renmen li a. Yon moun konsa, li renmen frè li yo tout bon. Nan sèvis, li sèvi frè li yo, li pa chache enterè ak avantaj pa li, men li renmen yo tou senp, san l’ pa atann anyen nan men yo, paske Bondye te renmen l’ anvan.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann mwen viv nan renmen ak senplisite pou mwen kapab sèvi ou pi byen nan frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: Se pou nou fè nou pitit, se pou n’ rekonèt san Bondye nou pa anyen. Men kijan nou kab fè sa a: kenbe fè m’ nan lapriyè, paske moun k’ap rele Bondye p’ap janm tonbe nan move logèy.

No hay comentarios:

Publicar un comentario