Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Moun k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo vin jwenn
li.”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 4, 13-17
Frè m’ yo, sou kesyon moun k’ap dòmi yo, nou pa vle pou
nou pa konnen, dekwa pou nou pa pran lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa
yo. Si reyèlman vre nou kwè Jezi mouri epi li leve vivan, konsa tou moun yo
k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo avèk li.
Men sa nou di nou nan pawòl Granmèt la, nou menm k’ap viv
la, k’ap la toujou lè Granmèt la ap vini an, nou p’ap pran devan sila yo k’ap
dòmi an. Paske Granmèt la li menm, sou lòd ak nan vwa Chèf Mesaje yo ak nan son
twonpèt Bondye a, l’ap desann sot nan syèl la, epi moun ki mouri nan Jezikri
yo, y’ap tounen vin vivan an premye. Apre sa,
se nou menm k’ap viv yo, ki rete yo, y’ap pran nou nan nyaj yo al rankontre
Jezikri nan lè a, konsa n’ap toujou avèk Granmèt la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1 e 3. 4-5. 11-12. 13
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Anonse bèlte l’ nan pami nasyon
yo, mèvèy li yo nan tout pèp yo.R.
Paske Granmèt la gran, li merite
anpil lwanj, li terib anlè tout dye yo.
Paske tout dye nasyon yo yo pa
ekziste.
Men se Granmèt la ki fè syèl yo.R.
Se pou syèl yo kontan, se pou tè
a danse, se pou lanmè a sònen ak tout sa l’ gen ladan l’;
se pou jaden yo kontan ak tout
sa k’ nan yo.R.
Lè sa a tout pye bwa nan rak yo
ap danse devan fas Granmèt la, paske l’ap vini,
paske l’ap vini pou l’ jije tè
a. L’ap jije fas tè a nan jistis ak pòv yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
“Li voye
m’ anonse bòn nouvèl la bay pòv yo... Yo pa resevwa okenn pwofèt byen nan peyi
l’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4. 16-30
Lè sa a:
Jezi rive Nazarèt, kote yo fè
levasyon l’ nan, li antre nan kay reyinyon an, jan l’ konn fè a, yon jou saba,
li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a.
Kon l’ louvri liv la, li jwenn
plas la, kote ki te ekri: “Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li
voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo kraze yo, deklare
delivrans bay prizonye yo, limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap kraze yo pou yo
lib, anonse yon ane Granmèt la fè gras, yon jou li bay rekonpans”. Kon l’ woule
liv la, li renmèt li nan men sèvitè a, epi li chita. Je tout moun nan kay
reyinyon an te fikse sou li.
Li menm li kòmanse di yo: “Se
jodi a pawòl Labib sa a reyalize nan zòrèy nou yo”.
Tout moun t’ap fè temwayaj sou
li, yo te sezi pou pawòl yo ki t’ap sòti nan bouch li a, yo t’ap di: “Èske sila
a se pa pitit Jozèf la?”
Li di yo “Sètènman n’ap di m’
parabòl sa a: “Doktè, geri pwòp tèt ou”: tout sa nou tande ki fèt nan Kafanawòm
nan, fè l’ isit la tou nan peyi w’ la”.
Li di: “An verite mwen di nou:
yo pa byen resevwa okenn pwofèt nan peyi l’. Se laverite mwen di nou la a: te
gen anpil vèv nan tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak si
mwa, lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men yo pa t’ voye Eli bay okenn nan
yo, sof nan Sarepta Sidon an kot madanm ki te vèv la. Epi tou te gen anpil moun
ki te gen maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize, men pèsòn nan yo pa t’
geri, sof Naaman, Siryen an”.
Tout moun nan kay reyinyon an te
plen ak kòlè, lè yo tande bagay sa yo. Yo leve, yo jete l’ deyò lavil la, yo
kondui l’ jous sou yon pwent tèt mòn, kote lavil yo a te bati a, pou yo jete
l’anba.
Li menm menm, li pase nan mitan
yo, li pati.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
Refleksyon: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
Lapriyè: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
Aksyon: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario