Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Li mouri
pou nou, pou nou kapab viv ansanm ak li”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 5. 1-6. 9-11
Sou kesyon tan yo ak moman yo, frè
m’ yo, nou pa bezwen pou nou ekri nou; sèke nou menm nou konnen byen pwòp jou
Granmèt la, se tankou yon vòlè nan nuit, se konsa l’ap vini.
Reyèlman vre, lè moun yo ap di:
“Lapè ak trankilite”, se lè sa a, sanzatann, katastròf la ap tonbe sou yo,
tankou doulè madanm ki ansent, epi yo p’ap chape. Kanta nou menm, frè m’ yo,
nou pa nan fènwa, pou jou sa a sezi nou tankou yon vòlè; sèke nou tout nou se
pitit limyè ak pitit lajounen: nou pa moun nan nuit ni moun fènwa. Konsa, piga
nou ret ap dòmi tankou lòt yo, men se pou nou veye, pou nou pa kite zafè manje
ak bwason dekontwole nou.
Sèke Bondye pa mete nou pou kòlè
a, men pou nou jwenn delivrans, pa pouvwa Granmèt nou Jezikri: li menm ki te
mouri pou nou, pou, kit n’ap veye, kit nou mouri deja, nou viv ansanm avèk li.
Poutèt sa, se pou nou youn konsole lòt, pou nou youn ankouraje lòt, jan nou
deja fè a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Granmèt la se limyè m’ak delivrans
mwen, ki moun pou m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’
tranble?R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt
la, se sa m’ap chèche:
Abite lakay Granmèt la tout tan
lavi m’,
Pou m’ wè dousè Granmèt la, pou
m’ vizite kay sakre l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la
nan tè vivan yo.
Tann Granmèt la, pran kouraj,
asire kè ou, apuiye l’ sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Mwen
konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 31-37
Lè sa a:
Jezi desann Kafanawòm, yon vil
Lagalile; antan l’ la, li t’ap bay moun yo lansèyman, jou saba a. Yo te sezi
poutèt lansèyman l’ nan, paske li t’ap preche avèk otorite.
Nan kay reyinyon an te gen yon
mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp, li rele byen fò, li di: “Kite nou, sa k’
gen ant nou menm ak ou menm, Jezi, moun Nazarèt la. Èske ou vini pou ou pèdi
nou? Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
Jezi menase l’, li di: “Pe bouch
ou, sòti nan li”. Demon an jete l’ nan mitan moun yo, li
pati sot nan li, san l’ pa fè l’okenn mal.
Tout moun tranble, youn ap pale
ak lòt, y’ap di: “Ki pawòl sa a, paske se nan pouvwa ak fòs li kòmande lespri
ki pa pwòp yo, epi yo sòti?”. Repitasyon l’ gaye nan tout kote
nan peyi a.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
Refleksyon: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
Lapriyè: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m'
mande Bondye?
Aksyon: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario