Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Pawòl
laverite a rive kote nou tankou sou tout tè a”.
KÒMANSMAN LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 1-8
Pòl, apot Jezikri, gras a volonte
Bondye, ak Timote, frè a, pou moun yo ki Kolòs yo, pou sen yo ak frè yo ki
fidèl nan Jezikri yo. Favè a pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt
la Jezikri.
Mwen di Bondye, Papa Granmèt nou
Jezikri mèsi, tout tan m’ap lapriyè pou nou, lè m’ tande lafwa nou nan Jezikri
ak renmen nou genyen pou tout sen yo gras a espwa a k’ap tann nou nan syèl la;
nou te tande pale sou espwa sa a nan pawòl laverite levanjil la, ki te rive
jous kote nou. Menm jan li sou tout tè a, li donnen, li devlope, konsa tou li
donnen e li devlope nan nou depi jou nou te tande favè Bondye a nan laverite a.
Nou te konnen espwa sa a, jan Epafras te aprann nou li, li menm mwen si tèlman
renmen an, k’ap sèvi ansanm ak mwen, li menm ki fidèl sèvitè Jezikri pou nou e
ki montre m’ renmen nou genyen nan Lespri a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 51, 10. 11
R/ Mwen espere nan kè sansib ou a, Granmèt, pou tout tan.
Kanta mwen menm mwen tankou yon
pye oliv tou vèt nan lakay Bondye a.
Mwen espere nan kè sansib Bondye
pou tout tan ak tout tan k’ap gen tan.R.
M’ap fè lwanj pou ou pou tout tan,
poutèt sa ou fè;
M’ap tann non ou, paske ou bon,
devan tout sen w’ yo.R.
LEVANJIL
“Nan lòt
vil yo tou mwen gen pou m’ pote bòn nouvèl la, paske se pousa yo voye m’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 38- 44
Lè sa a:
Jezi leve sot nan kay reyinyon an,
li antre nan lakay Simon; bèlmè Simon an te ret kouche ak yon gwo lafyèv, yo
lapriyè l’ pou li. Li kanpe, li panche sou li, li kòmande lafyèv la, lafyèv la
kite l’; menm lè a li leve, li t’ap sèvi yo.
Kòm solèy la t’ap kouche, tout
moun ki te gen moun malad anba tout kalite maladi, yo mennen yo ba li. Li menm
li poze men sou yo chak, li geri yo.
Demon yo t’ap soti nan anpil
moun, antan y’ap rele byen fò, y’ap di: “Ou se Pitit Bondye a”; li t’ap menase
yo, li pa t’ abitye kite yo pale, paske yo te konnen li se Kris la.
Lè l’ fè jou, li sòti, l’al nan
yon kote ki pa gen pèsonn; foul yo t’ap chèche l’, yo rive jous kote l’, yo te
kenbe l’, pou l’ pa t’ pati kite yo.
Li menm li di yo: “Sèke lòt vil
yo tou, mwen gen pou m’ anonse rèy Bondye a ba yo paske se pousa menm yo voye
m’”.
Epi li t’ap preche nan kay
reyinyon Lagalile yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario