Páginas

JEDI 5-9-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Li delivre nou sot anba pouvwa fènwa yo, li fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen an”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 9-14
Frè m’ yo:
Depi jou mwen te tande pale sou nou an, mwen pa sispann lapriyè pou nou, m’ap mande Bondye favè pou nou, pou nou plen ak konesans volonte l’, nan tout kalite sajès ak entelijans lespri a, pou nou mache yon fason kòrèk antan nou fè Bondye plezi nan tout bagay, antan n’ap donnen fwi nan tout kalite bon aksyon, antan n’ap devlope nan syans Bondye a, n’ap asire nan tout kalite fòs dapre pouvwa bèlte l’, nan tout kalite pasyans ak pèseverans avèk kè kontan; n’ap di Bondye Papa a mèsi, li menm ki fè nou merite jwenn pòsyon nan eritaj sen yo nan limyè a, li menm ki delivre nou sot anba pouvwa fènwa yo, ki fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen an. Nan Pitit sa a nou jwenn delivrans pa pouvwa san li, padon pou peche yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li fè sonje kè sansib li a ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak chante sòm;
Sonnen twonpèt ak kòn, sonnen klewon devan Granmèt la ki wa.R.
LEVANJIL
“Yo kite tout bagay, yo suiv li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 5, l-11
Lè sa a:
Kòm foul yo te gonfle sou Jezi pou yo tande pawòl Bondye a, li te kanpe sou bò letan Jenezarèt la. Li wè de kannòt ki mouye bò letan an; moun k’ap peche pwason yo te desann, yo t’ap lave filè yo. Li monte nan youn nan kannòt yo, sa k’ te pou Simon an, li mande l’ pou l’ rekile yon ti kras sot bò tè a. Li chita, l’ap bay foul yo lansèyman antan l’ nan ti kannòt la.
Kon l’ fin pale, li di Simon: “Mennen nou nan fon, epi lage filè yo pou lapèch la”.
Simon reponn, li di l’. “Mèt, tout nan nuit nou travay san nou pa pran anyen; sèlman sou pawòl ou m’ap lage filè a”.
Lè yo fè sa, yo ranmase yon pakèt foul pwason; filè yo a t’ap chire. Yo fè asosye yo siy, sa k’ te nan lòt kannòt la, pou yo vin ede yo. Yo rive, yo plen toulede kannòt yo, jous yo te prèt pou koule.
Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l’ nan jenou Jezi, li di: “Rale kò ou lwen m’, paske se yon moun ki nan peche mwen ye, Granmèt.”
Sèke sezisman te anvayi l’, ansanm ak tout moun ki te avèk li yo nan lapèch pwason yo yo te pran an; konsa tou pou ni Jak ni Jan, pitit Zebede yo, ki te asosye Simon.
Jezi di Simon: “Pa pè, apati koulye a, se lapèch moun w’ap fè”.
Yo kondui kannòt yo jous atè, yo kite tout bagay, yo suiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario