Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Tout bagay, se pa pouvwa l’, se nan
li yo kreye”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 15- 20
Jezikri se
pòtre Bondye yo pa kapab wè a, se
premye pitit nan tout sa li kreye yo, paske se nan li tout bagay kreye nan syèl
la ak sou tè a, sa yo kapab wè ak sa yo pa kapab wè, swa fotèy, swa pouvwa, swa gouvènman, swa otorite: tout bagay se pa pouvwa l’, se nan li yo kreye, li menm li anvan tout bagay, tout bagay kanpe nan ekzistans
nan li.
Li menm se
tèt kò Legliz la, li se sous, premye pitit nan pami mò yo, pou l’ kapab kenbe
premye ran an nan tout bagay; sèke se nan li Bondye pran plezi fè tout bagay
nèt abite, se nan li, pa pouvwa li, li vle rekonsilye tout bagay, ni sa k’ sou
tè a, ni sa k’ nan syèl la, antan l’ fè lapè pa pouvwa san l’ ki koule sou kwa
a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 99,
2.:t. I. 5
R/ Antre devan fas
Granmèt la avèk gran fèt.
Fè lwanj pou
Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan;
antre devan
fas li avèk gran fèt.R.
Konnen
Granmèt la se li menm ki Bondye;
se li menm ki
fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak
mouton pak li.R.
Antre nan
pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik,
fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt
la bon; pou tout tan kè l’ sansib,
pou
jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
“Lè y’a pran
mari a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 33-39
Lè sa a:
farizyen yo ak pwofesè yo di Jezi:
“Pouki sa
disip Jan yo ap fè jèn souvan, ap
lapriyè souvan, ni farizyen yo tou; kanta disip ou yo menm y’ap manje, y’ap bwè”,
Li di yo:
“Èske nou kapab fè zanmi mari a fè
jèn, pandan mari a ansanm avèk yo.
Men gen jou k’ap vini, lè y’a pran
mari a nan men yo, lè sa a y’ap fè
jèn sa yo’’.
Li t’ap di
yon parabòl pou yo: “Pèsòn pa pran
yon moso twal ki sot nan yon rad nèf pou l’ mete l’ nan yon vye
rad; otreman rad nèf la ap chire tou,
epi moso ki sot nan rad nèf la, li pa
ale ak vye rad la.
Epi pèsonn pa
met diven nouvo nan veso ansyen ki fèt ak po bèt; otreman
diven nouvo a ap fè veso yo eklate, l’ap
vide, epi veso yo ap pèdi; men diven
nouvo fèt pou mete nan veso nèf, pou
toulede konsève. Pèsonn, lè l’ fin bwè sa k’ vye a, pa vle nouvo a tousuit, paske
l’ap di: “Vye a pi bon”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario