Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Bondye
rekonsilye nou avèk li, li prezante nou sen, san tach".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 21-23
Frè m’ yo:
Lontan nou menm tou nou te
etranje, nou te lènmi, akoz santiman nou te genyen pou nou te fè sa ki mal;
koulye a menm Bondye rekonsilye nou nan kò chè Jezikri a gras a lanmò l’, pou
l’ prezante nou sen, san tach, san yo pa gen anyen pou repwoche nou devan l’.
Si reyèlman vre nou kenbe fèm nan lafwa a, nou pran rasin byen solid san anyen
pa dekontwole nou sot nan espwa levanjil la nou te tande a, levanjil sa a y’ap
preche bay tout sa Bondye kreye yo ki anba syèl la, levanjil sa a mwen menm Pòl
m’ap sèvi a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 53, 3-4. 6 e 8 (r. : 6a)
R/ Men Bondye ap ede mwen.
Bondye, o non ou sove m’, nan
pouvwa ou, jije m’.
Bondye, koute lapriyè m’,
Panche zòrèy ou pou ou koute pawòl
bouch mwen.R.
Men Bondye ap ede m’, Granmèt la
ap resevwa lavi m’.
M’ap ofri ou sakrifis ak tout kè
m’,
M’ap fè lwanj non ou, Granmèt,
paske ou bon.R.
LEVANJIL
"Pouki
n’ap fè sa yo pa pèmèt jou saba a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 1-5
Rive yon jou saba, Jezi t’ap
travèse jaden ble, disip li yo t’ap rache zepi yo, yo t’ap manje yo lè yo fin
fwote yo nan men yo.
Detwa nan farizyen yo t’ap di
yo: "Pouki sa n’ap fè sa yo pa pèmèt nan saba a?"
Jezi reponn yo, li di:
"Èske nou pa li sa David te fè, lè l’ te grangou ni li menm ni moun ki te
avèk li yo; kijan li antre nan kay Bondye a, epi li pran pen yo ki te ekspoze
yo, li manje yo, li bay moun yo ki te avèk li yo: bagay yo pa pèmèt manje, sof
pou prèt yo sèlman?"
Epi li t’ap di yo: "Sèke
Pitit moun nan mèt ata saba a".
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario