Koulè
Vèt
VENNTWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Sa k’ kapab konprann ki sa Bondye
vle?”
NAN
LIV LASAJÈS 9, 13-19
Kilès nan pami lèzòm ki
kapab kon- nen plan Bondye? Oubyen
ki kapab panse ki sa Bondye vle? Refleksyon lèzòm k’ap mouri yo, se bagay
ki fèb, prevwayans nou pa sèten: sèke yon kò k’ap dekonpoze, li fè
nanm nan vin pi lou, epi kay tè sa a
nou abite a, li peze sou lespri
a k’ap kalkile sou anpil bagay.
Li difisil pou nou konsidere bagay ki sou tè a, epi bagay ki devan fas nou,
nou jwenn yo avèk difikilte; kanta pou
sa k’ nan syèl la menm, kilès moun ki kapab fouye yo? Ki moun ki kapab
konnen sa k’ nan lide ou, si se pa ou menm ki bay sajès la, si ou pa voye
Lespri Sen w’ nan sot anwo nèt la, se konsa chemen moun yo ki sou tè a yo
drese, epi lèzòm ap aprann sa k’ fè ou plezi?
Reyèlman vre
se pa lantremiz sajès la yo vin geri, yo tout ki te fè w’ plezi,
Granmèt, depi nan kòmansman an.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 89,
3-4. 5-6. 12-13.
14 ak 17
R/Granmèt, ou vin
tounen kachèt pou nou, sot nan jenerasyon al nan
jenerasyon.
Ou fè moun
nan tounen nan pousyè;
ou di:
“Tounen, pitit moun yo”.R.
Sèke mil ane
devan je ou se tankou jou yè a ki pase,
ak tan yon santinèl
fè pòs nan nuit.R.
Ou jete yo nan somèy, y’ap tankou zèb k’ap leve nan maten:
nan
maten li fè flè, li devlope, nan aswè li fennen, li seche.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou
kondui kè nou nan sajès.R.
Tounen, Granmèt, jouskilè?
Padonnen sèvitè ou yo.R.
Plen nou ak kè sansib ou a depi nan
maten,
n’a fete, n’a jwi pandan tout tan n’ap viv.
Se pou bèlte Granmèt la Bondye nou an sou nou,
garanti travay men nou sou nou,
travay men nou yo, garanti l’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Resevwa l’, pa tankou yon sèvitè, men tankou yon frè
ou renmen anpil”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILEMON 9b 10. 12 17
Ou menm mwen
si tèlman renmen an:
Se Pòl ki
vye granmoun nan, koulye a menm ki
prizonye Jezikri a, m’ap lapriyè ou pou pitit mwen an, sa m’ anfante nan chenn yo, Onezim, li menm
mwen ranvwaye ba ou. Mwen ta byen renmen
kenbe l’ ansanm
avèk mwen, pou l’ ta sèvi m’ nan plas ou nan chenn levanjil la; men mwen
pa t’ vle fè anyen san desizyon ou, pou byen ou nan pa ta tankou yon bagay ki
fòse, men pou se nan volonte ou li sòti. Pètèt reyèlman vre li te pati lwen ou
pou yon tan, pou ou te kapab resevwa l’ pou tout tan; sèlman se pa tankou yon
esklav ankò, men plis pase yon esklav, tankou yon frè ou renmen anpil, se sa l’
ye anpil pou mwen, se sa l’ap ye pi plis toujou pou ou, ni nan lachè a, ni nan Granmèt la. Si
ou konsidere m’ kòm zanmi ou, resevwa
l’ jan ou ta resevwa mwen.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Moun ki pa renonse tout sa l’ posede,
li pa kapab vin disip mwen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 25-33
Lè sa a:
Anpil foul
t’ap mache avèk Jezi, li vire, li di yo: “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa l’ ak manman
l’ ak madanm li, ak pitit gason l’ yo ak pitit fi l’ yo ak sè l’ yo, ata jous lavi l’, li pa kapab vin disip
mwen.
Moun ki pa
pote kwa l’, pou l’ vin aprè m’, li pa kapab vin disip mwen. Kilès reyèlman vre
nan pami nou, si l’ vle bati yon kay
chanmòt ki wo anpil, pou l’ pa kòmanse chita pou l’ kalkile sa k’ nesesè, pou l’ wè si l’ gen
dekwa fini travay la? Otreman,
aprè l’ fin poze fondasyon an
epi li pa kapab fini, tout moun ki
wè sa va kòmanse pase l’ nan betiz, y’ap di: “Ki kalite moun sa a: li kòmanse
konstwi epi li pa kapab fini?”
Oubyen kilès
wa ki vle al nan lagè kont yon lòt wa, pou l’ pa kòmanse chita, reflechi, pou
l’ wè si avèk di mil moun li kapab al rankontre lòt la k’ap vin sou li ak ven
mil sòlda? Otreman, pandan lòt la lwen toujou, li voye yon gwoup mesaje pou l’ mande l’ kondisyon lapè a.
Konsa tou, tout moun nan nou, ki pa renonse tout sa l’ genyen, li pa kapab vin disip mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Gen yon
pwovèb ki di: «chyen gen kat pat, men li pa mache nan kat chemen». Se konsa tou pou nou menm, fòk nou chwazi nan ki chemen nou vle
mache. Gen anpil
moun ki panse fòk pitit yo batize, men yo menm
yo pa okipe Legliz. Yo vante
tèt yo paske yo marye, men yo pa enterese vin kominye. Yo vle pase pou moun pratikan, men pèsonn
pa gen dwa mande yo fè yon ti
apostola. Yo tankou moun ki vle
chita sou 2 chèz alafwa. Nou menm
tou, èske pafwa nou pa gen atitid sa a? Nou di nou se
kretyen, men anpil fwa se kretyen sou po.
Jodi a, Jezi di nou: si nou vle swiv
li tout bon, se pou nou sispann ap balanse
de bò. Fòk nou fè chwa nou. Lè sa a, te gen anpil moun ki t’ap
fè wout ansanm ak Jezi. Jezi te konnen te gen ladan
yo ki t’ap swiv li pou enterè pa yo, ki fè li di yo: yon moun ki
vle swiv mwen, fòk li renmen m’ plis
pase paran ak fanmi li yo, fòk li renmen m’ plis pase tèt pa li. Si se pa sa, li pa ka disip mwen. Moun ki pa
pote kwa l’, epi ki pa swiv mwen, li pa kab disip mwen non plis.
Si yon moun
vle bati yon kay, premyèman li dwe chita kalkile si lajan l’
kont pou l’ bati kay la. Si l’ kòmanse bati, lè fini li pa kab fini, moun yo
pral pase l’ nan rizib. Menm jan tou, si yon wa vle fè lagè,
se pou l’ kalkile depi davans si l’ kab bat lòt la k’ap mache sou li.
Si
se pa sa, se pou l’ antann avèk li anvan batay
la mare. Konsa tou, nou youn pa kab
disip mwen, si nou pa detache kè n’
ak tout sa n’ genyen. Kidonk
pou nou kenbe Jezi, fòk nou lage tout lòt bagay! Zanmi, nou dwe konnen sa byen: Jezi pa janm chèche
twonpe nou. Li pale klè ak nou. Li envite nou swiv li. Li pwomèt nou lavi ki p’ap janm fini an ak kè poze nèt ale. Men, li p’ap janm di sa
fasil. Li vle pou nou byen kalkile anvan nou
angaje tèt nou ak li.
Swiv Jezi se yon bagay ki konsekan,
ki ekzijan anpil. Se sa k’ fè Jezi pa vle nou pran chemen sa a san nou pa
reflechi dabò pou nou byen konprann
sa nou pral fè. Lè fini, li vle nou pran
angajman sa a ak yon sèl kè.
Te gen anpil moun ki t’ap fè wout ak
Jezi, men se pa yo tout ki te disip li. Jezi pa bezwen moun ki ta vle swiv li.
Li bezwen moun ki vle tout bon. An nou mande tèt nou ki bò nou ye ak Jezi. Èske
se tout bon nou renmen l’ pase tout bagay? Oswa èske nou mete l’ sou menm pye ak yon bann
lòt bagay? Jezi pa vle pataje kè nou ak
yon lòt moun, ni ak lòt bagay. Fòk kè nou pou Jezi nèt.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri louvri entelijans mwen pou mwen kapab fè
pi bon chwa nan lavi mwen, ede mwen divòse ak tout sa ki zidòl nan lavi mwen, ki fè mwen poko ka reponn envitasyon w’ap fè mwen ak tout fòs mwen. Amèn.
PWOPOZISYON:
Ann gade sou ki bò nou
ye: ak kisa pou n’ detache kè nou pou nou kab renmen Jezi tout bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario