Páginas

LENDI 9-9-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Mwen vin tounen sèvitè legliz la pou m’ reyalize mèvèy sakre a ki kache depi syèk tan yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 24-2, 3
Frè m’ yo:
Koulye a mwen kontan nan soufrans m’ap soufri pou nou yo, m’ap konplete sa k’ manke nan soufrans Jezikri nan chè mwen, pou kò l’ ki se legliz la; se sèvitè legliz sa a mwen vin tounen, daprè sèvis Bondye ban mwen pou m’ fè nan nou an, pou m’ reyalize pawòl Bondye a.
Mèvèy sakre a, ki te kache depi syèk tan yo ak jenerasyon yo, koulye a li devwale nan sen l’ yo. Bondye te vle montre sen yo richès bèlte sekrè sa a nan nasyon yo; sèkrè sa a se Jezikri, espwa bèlte a nan nou; nou anonse li antan n’ap reprann tout moun, antan n’ap bay tout moun lansèyman nan tout kalite sajès, dekwa pou nou prezante tout moun kòrèk nèt nan Jezikri; se pou li m’ap travay, m’ap batay daprè aktivite l’ k’ap aji nan mwen nan pouvwa a.
Reyèlman vre, mwen vle nou konnen ki kalite kalkilasyon mwen gen pou nou ak pou sila yo ki Laodise a, ni tout moun ki pa t’ wè fas mwen nan chè a, pou kè yo jwenn konsolasyon, antan yo jwenn lansèyman nan charite ak nan tout kalite richès ki plen entelijans la; konsa n’a konnen mèvèy sakre Bondye Papa a ak Jezikri, kote tout trezò sajès ak syans la kache.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 61, 6-7. 9
R/ Nan Bondye delivrans mwen ak bèlte m’.
Nan Bondye sèlman pou ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti.
Reyèlman vre se li menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap souke.R.
Espere nan li, tout fanmi pèp la, vide kè nou devan li; Bondye se kachèt pou nou.R.
LEVANJIL
“Yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 6-11
Rive yon jou saba, li te antre nan yon kay reyinyon, li t’ap bay lansèyman. Te gen yon moun la, men dwat li te sèk.
Pwofesè yo ak farizyen yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a, pou yo te jwenn dekwa akize l’. Li menm menm li te konnen panse yo, li di moun nan ki te gen men l’ sèk la: “Leve, kanpe nan mitan”. Li leve, li kanpe.
Jezi di yo: “M’ap poze nou kesyon: èske jou saba yo gen dwa fè dibyen, oubyen dimal; sove yon lavi, oubyen pèdi l’?” Li gade tout moun alantou, li di moun nan: “Lonje men ou”. Li lonje l’, men l’ vin enganm. Yo menm yo te plen raj, yo fè konplo antre yo pou yo wè sa pou yo fè ak Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario