Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Granmèt la fè nou jwenn lavi ansanm avèk li, antan
li padonnen tout fot nou yo".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
KOLOSYEN YO 2, 6-15
Frè m’ yo:
Menm jan nou resevwa Jezikri
Granmèt la, se konsa pou nou mache nan li, antan nou pran rasin nan li, nou bati
nan li, nou asire nan li gras a lafwa a, jan nou te aprann nan, antan nou plen
rekonesans pou li.
Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou
avèk filozofi ak manti ki vid, daprè lansèyman lèzòm transmèt yo, daprè gran
prensip ki antre nan konpozisyon tou sa nou wè a, san yo pa suiv Jeziri; paske
se nan li menm, ak tout kò l’, tout sa Bondye ye a abite, epi nou plen ak sa k’
nan li a, li menm ki chèf tout otorite ak pouvwa; se nan li yo koupe po ti kò
nou ak yon sikonsizyon ki pa fèt ak men moun k’ap wete kò chè a, men nan
sikonsizyon Jezikri a: nou antere avèk li nan batèm nan, nan li nou leve vivan,
antan nou met lafwa nan aksyon Bondye, li menm ki leve l’ sot nan pami mò yo.
Nou menm, ki te mouri akoz fot yo,
epi poutèt kesyon po ti kò nou an, li fè nou viv avèk li, li padonnen tout fot
nou yo, li detui biyè dèt la ki te ekri kont nou an; sa k’ te kont nou an, li
pran l’ nan li menm, li kloure l’ sou kwa a; li degrade otorite ak pouvwa yo,
li trennen yo aklè, li ranpòte laviktwa sou yo devan tout moun nan li menm.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 1-2. 8-9. 10-11 (r.: 9a)
R/ Granmèt la bon pou tout moun.
M’ap fè lwanj ou, Bondye m’, wa
mwen,
M’ap fè konpliman pou non ou pou
tout tan ak tout tan gen tan.
Chak jou m’ap fè lwanj pou non ou
pou tout tan ak tout tan gen tan. R.
Granmèt la gen pitye, li gen kè
sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la bon pou tout moun, kè
l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa
ou fè yo;
sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap
anonse pouvwa ou. R.
LEVANJIL
"Pandan
tout lannuit la li t’ap lapriyè. Li
chwazi douz yo, li rele yo apot".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 12-19
Rive jou sa yo, Jezi monte sou mòn
nan pou l’ lapriyè, li pase tout lannuit la ap lapriyè Bondye.
Lè jou rive, li rele disip li yo,
li chwazi douz nan pami yo, li rele non yo Apot: Simon, sa l’ bay ti non Pyè a,
avèk Andre, frè l’ la, Jak avèk Jan, Filip avèk Batelemi, Matye ak Toma, Jak
pitit Alfe a, ak Simon, sa yo rele Fanatik la, epi Jid, pitit Jak la, avèk Jida
Iskaryòt la, sa k’ te trayi a.
Li desann avèk yo, li kanpe nan
plenn nan, ansanm ak foul disip li yo ak anpil foul pèp ki sòti nan tout Lajide
ak Jerizalèm ak rejyon lanmè a, ak Tir ak Sidon, yo te vini pou yo koute l’,
pou yo fè l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki
te gen lespri papwòp k’ap maltrete yo, yo te geri.
Tout foul la te vle touche l’,
paske te gen yon pouvwa ki te sòti nan li epi ki te geri yo tout.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario