Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Nou mouri ansanm avèk Jezikri; fè manb nou yo mouri”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KOLOSYEN YO 3, 1-11
Frè m’ yo:
Si nou leve ansanm avèk Jezikri, se
pou nou chèche bagay ki anwo yo, kote
Jezikri chita adwat Bondye a: se
bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa
sa k’ sou tè a. Nou mouri reyèl- man vre, lavi nou kache avèk Jezikri nan
Bondye. Lè Jezikri, lavi nou an, ap parèt, lè sa a, nou menm tou n’ap parèt avèk li nan bèlte a.
Konsa, mete lanmò nan manb nou yo ki
sou tè a: move plezi, bagay ki pa pwòp, move tandans, move lide, avèk renmen lajan, ki sèvis zidòl.
Ba- gay sa yo k’ap pwovoke kòlè Bon- dye sou moun ki pa gen lafwa yo,
nou menm tou nou te konn mache nan
yo lontan, lè nou t’ap viv nan yo;
koulye a menm se pou nou kite tout bagay, kòlè, move san, mechans- te, madichon, gwo mo, wete tout
sa sot nan bouch nou. Se pa pou youn bay
lòt manti, wete moun ansíen an avèk aksyon l’ yo sot sou nou, abiye nou ak moun
nouvo a, k’ap refèt tou nèf nan
konesans la daprè pòtre sila a ki kreye l’ la; kote pa gen payen ak Juif,
sikonsizyon ak po ti kò, moun sovaj ak moun lelit, esklav ak moun lib, men Jezikri ki tout bagay nan tout moun.
Pawòl
Granmèt la. R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 144, 2-3. 10-11.
12-13ab
R/Granmèt la bon pou tout moun.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non ou,
pou tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la
gran, li merite anpil lwanj, yo pa
kapab sonde grande l’. R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa
w’ fè yo;
sen w’ yo ap
fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare
bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè
pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak bèlte grandè rèy ou an.
Rèy ou an,
se rèy tout tan, kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
“Se chans pou pòv yo. Madichon pou
nou menm rich yo!”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 20-27
Se chans pou nou menm ki pòv, paske
rèy Bondye a pou nou.
Se chans pou nou menm ki grangou koulye a, paske n’ap jwenn kont manje.
Se chans pou nou menm k’ap kriye koulye a, paske n’ap ri.
Se chans pou nou menm lè moun yo
ap rayi nou, lè y’ap rejte nou, lè y’ap
fè nou afwon, lè y’ap jete non nou
tankou bagay ki mal, poutèt Pitit moun nan: fè kè nou kontan jou sa a, danse; paske men rekonpans nou anpil nan syèl la; se konsa reyèlman
vre zansèt yo te aji ak pwofèt yo.
Men madichon
pou nou, rich yo, paske n’ap jwenn
konsolasyon nou! Madichon pou nou, nou menm ki gen vant plen, paske n’ap
grangou! Madichon pou nou, nou menm k’ap ri koulye a, paske n’ap plenn, n’ap kriye!
Madichon lè moun yo ap fè konpli-
man pou nou! Se konsa reyèlman vre zansèt
yo te trete pwofèt manti yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario