Páginas

JEDI 12-9-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Se pou nou gen lacharite, paske se kòd reyalizasyon ki fin kòrèk nèt la”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 3, 12-17
Frè m’ yo:
Abiye nou, tankou moun Bondye chwazi, ki sen, tankou moun li renmen, abiye nou ak zantray kè sansib, ak bon kè, rabese tèt nou, fè nou tou dou, pran pasyans, sipòte nou youn lòt, se pou youn padonnen lòt, si youn gen kichòy kont lòt: jan Granmèt la padonnen nou, konsa nou menm tou.
Anlè tout bagay sa yo, se pou nou gen charite, li menm ki kòd ki mare sa ki fin kòrèk nèt la; se pou lapè  Jezikri a danse nan kè nou, se nan li yo rele nou pou nou fè yon sèl kò;  se pou nou ret ap di Bondye mèsi. Pawòl Jezikri a, se pou l’ abite nan nou jous li plen nou, antan youn ap bay lòt lansèyman antan youn ap reprann lòt nan tout kalite sajès, avèk sòm, kantik avèk chante lespri, antan nan favè a n’ap chante pou Bondye nan kè nou. Tout sa n’ap fè swa nan pawòl, swa nan aksyon, se pou nou fè tout bagay o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa lentèmedyè l’.
Pawòl Granmèt la. R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 150, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Tout sa k’ap respire, se pou l’ lwanj Granmèt la.
Fè lwanj Granmèt la nan kay sakre l’ la, lwanj li nan syèl pouvwa l’ la.
Fè lwanj li nan gran mèvèy li yo, lwanj li daprè kantite grandè l’.R.
Fè lwanj li nan son twonpèt, lwanj li sou bandyo ak gita,
lwanj li sou tanbou ak dans, fè lwanj li nan enstriman a kòd avèk nan flit. R.
Fè lwanj li ak senbal k’ap sonnen byen, fè lwanj li ak senbal fèt:
tout sa k’ap respire, se pou l’ fè lwanj Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 27-38
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Mwen di nou, nou menm k’ap koute a: Se pou nou renmen lènmi nou yo, se pou nou fè sa k’ byen pou moun ki rayi nou yo; beni moun k’ap madichonnen nou yo, lapriyè pou sila yo k’ap di manti sou nou yo.
Si yon moun ba ou yon souflèt sou yon figi ou, lonje lòt la ba li, moun ki pran manto ou nan men ou, pa enpoze l’ pran chemiz ou a tou.
Tout moun ki mande ou, ba li; moun ki pran sa k’ pou ou, pa mande l’ li. Tout sa nou vle pou lèzòm fè pou nou, se pou nou fè l’ menm jan pou yo tou. Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki favè k’ap pou nou? Sèke ata pechè yo, yo renmen sila yo ki renmen yo. Si se moun ki fè nou dibyen n’ap fè dibyen, ki favè k’ap  pou nou?
Ata pechè yo, se konsa yo fè tou. Si nou prete moun nou espere resevwa nan men yo, ki favè k’ap pou nou? Sèke pechè yo tou, yo prete pechè yo, pou yo resevwa menm jan. Reyèlman vre, se pou nou renmen lènmi nou yo, se pou nou fè dibyen, se pou nou prete, san nou pa espere anyen; konsa rekonpans nou ap anpil, n’ap vin tounen pitit Sila a ki anwo nèt la, paske li bon ni pou moun ki engra, ni pou moun ki mechan yo. Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib la.
Pa jije, yo p’ap jije nou; pa konda- ne, yo p’ap kondane nou; padonnen, y’ap padonnen nou; bay y’ap ba nou: se yon mezi ki bon, ki foule, ki byen souke, k’ap debòde, y’ap vide nan lestonmak nou. Ak menm mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap renmèt nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario