Koulè Vèt.
JAN KRIZOSTÒM KI SEN, Evèk e
savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Lontan,
mwen te derespekte Bondye, men Bondye fè m’ gras”.
KÒMANSMAN
PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 1-2. 12-14
Pòl, apot Jezikri daprè kòmandman
Bondye sovè nou ak Jezikri espwa nou, pou Timote pitit nou renmen nan lafwa a.
Favè, kè sansib ak lapè sot nan Bondye Papa a ak Jezri Granmèt nou. Mwen gen
rekonesans pou sila a ki ban m’ fòs la, Jezikri Granmèt nou an, paske li
konsidere mwen merite konfyans, li mete m’ nan sèvis la, mwen menm ki te konn
derespekte Bondye lontan, ki t’ap pèsekite legliz la, ki t’ap fè l’afwon ; men
mwen resevwa kè sansib Bondye a, paske mwen pa t’ konnen sa m’ t’ap fè, lè m’
pa t’ gen lafwa a. Men favè Granmèt nou an te depase mezi, avèk lafwa ak renmen
ki nan Jezikri a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 11
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Granmèt, paske mwen
espere nan ou.
Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt
mwen ou ye, Granmèt,
pòsyon eritaj mwen avèk kalis
mwen:
se ou menm ki kenbe destine
mwen”.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
ki ban m’entelijans;
menm nan nuit ren m’ ban m’
leson.
Mwen te mete Granmèt la devan
fas mwen tout tan,
paske li adwat mwen, mwen p’ap
tranble.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo,
kè kontan k’ap debòde avèk fas ou,
plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Èske yon
avèg kapab kondui yon avèg?”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 39-42
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon parabòl pou disip
yo: “Èske yon avèg kapab kondui yon avèg? Èske yo tou de p’ap tonbe nan twou?
Disip la pa anlè mèt la; l’ap kòrèk nèt, si l’ tankou mèt li. Pouki sa
w’ap gade ti pay la nan je frè w’ la, men gwo bout bwa a ki nan je w’ la menm,
ou pa konsidere l’?
Oubyen kijan ou kapab di frè w’
la: “Frè m’, kite m’ wete ti pay la sot nan je ou”, epi gwo bout bwa a ki nan
je w’ la menm ou pa wè l’?
Ipokrit, wete gwo bout bwa a sot
nan je ou anvan, aprè sa, w’a wè klè pou w’ wete ti pay la sot nan je frè w’
la”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye, fòs
moun ki espere nan ou yo, ou menm ki te vle fè evèk Jan Krizostòm ki sen klere
avèk bèl prèch, avèk jan li te konn sipote pakèt tray, tanpri, fè nou favè pou,
antan nou jwenn fòmasyon nan ansèyman l’ yo, nou jwenn fòs nan ekzanp pasyans
li a ki pa janm febli a. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa
Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario