Koulè Wouj
EKZALTASYON LASENT KWA.
Fèt
PREMYE LEKTI
«Moun
sèpan yo te mòde yo, lè yo gade l’, yo geri»
LEkTI LIV
NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Pèp la kòmanse about anba redi
vwayaje, redi travay.
Li pale kont Bondye ak kont
Moyiz, li di: «Pouki ou te fè nou soti Ejip la, pou nou mouri nan dezè a? Pa
gen pen, pa gen dlo, nou kòmanse degoute avèk manje fad sa a».
Se pousa Granmèt la voye sèpan
ki mode-boule nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri,
anpil moun vin kot Moyiz, yo di: «Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la
ak kont ou menm: priye pou l’ wete sèpan sa yo sot kote nou». Moyiz priye pou
pèp la.
Granmèt
la pale ak li: «Fè yon sèpan ak kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun sèpan yo mòde,
lè l’ gade l’, l’ap viv». Moyiz fè sèpan avèk kuiv, li mete l’ kòm siy; kon
moun sèpan te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 1-2. 34-35. 36-37. 38 (r.: cf; 7b)
R/ Se pou nou pa bliye sa Granmèt la fè.
Pèp mwen, konsidere ansèyman m’
nan;
panche zòrèy ou sou pawòl yo
k’ap sòti nan bouch mwen an.
M’ap louvri bouch mwen nan
parabòl,
m’ap pale bagay ki te kache depi
lontan anpil.R.
Lè l’ t’ap touye yo a, yo te vin
ap chèche l’,
yo konvèti, yo vin kote l’
granmaten;
Yo vin sonje se Bondye k’ap pote
yo sekou;
Bondye ki anwo nèt la, se
redanmtè yo.R.
Men yo ba l’ desepsyon ak bouch
yo,
ak lang yo yo chèche twonpe l’;
Kè yo pa t’ dwat avèk li, yo pa
t’ fidèl nan alyans li a.R.
Li menm menm li te gen
mizerikòd,
li padonnen peche a, li pa gaye
yo.
Anpil fwa li vire kòlè l’, li pa
limen tout move san l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li rabese pwòp tèt li: se pou sa Bondye leve l’ anlè».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-11
Jezikri, malgre li te nan
kondisyon Bondye, egal li egal ak Bondye a, li pa t’ konsidere sa tankou yon
bagay li kenbe pou pwòp tèt pa l’, men li vide pwòp tèt li antan l’ pran
kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, epi daprè konpòtman l’, yo wè li se
yon moun. Li rabese pwòp tèt li, antan l’ obeyi jous nan lanmò, epi lanmò kwa
a. Se poutèt sa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ non an ki anlè tout non. Konsa, o
non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba tè yo, tout
lang pou deklare se Granmèt Jezikri ye nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«Yo gen
pou yo leve Pitit moun nan anlè»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 13-17
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
«Pèsòn pa monte nan syèl la, sof
sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan ki nan syèl la. Menm jan Moyiz
te leve sèpan an nan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Pitit moun nan, pou
tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an.
Reyèlman Bondye sitèlman renmen tè
a, li bay Pitit li a, Sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men
pou yo gen lavi tout tan an. Sèke Bondye pa voye Pitit li a sou tè a pou l’
jije tè a, men pou tè a kapab sove gras a li».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye, ou
menm ki te vle pou Sèl Pitit ou a sibi lanmò lakoua a, pou l’ sove ras moun yo,
tanpri, fè nou menm ki rekonèt mistè l’ sou tè a, nou rive merite rekonpans
sove l’ la nan syèl la. Pa pouvwa
Jezikri.
AKSYON: Kisa
Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario