VENNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE- C
PREMYE LEKTI
“Granmèt la kalme, li pa fè male a li te di li t’ap fè
a”.
NAN LIV EKZÒD 32, 7-11. 13-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
“Ale, desann; pèp la ou te kondui sot nan peyi Lejip la, li fè peche. Wout la ou te montre yo a, yo kite l’ vit, yo fè yon
ti bèf ak lò, yo fonn nan dife, epi yo
adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: “Sa yo se dye ou yo, Izrayèl, ki te fè
ou monte sot nan peyi Lejip la”.
Granmèt la
pale ak Moyiz ankò: “Mwen wè pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’, pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ detwi yo, men ou menm m’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon”.
Moyiz menm t’ap lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li t’ap di: “Poukisa, Granmèt,
pou kòlè ou boule kont pèp ou a, li
menm ou te kondui sot nan peyi Lejip la ak gran fòs ak men ki gen fòs? Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè w’ yo,
ou te fè yo sè- man sou pwòp tèt ou, ou te di:
“M’ap fè ras nou vin anpil tankou zetwal
syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a, m’ap bay ras nou an li, n’ap posede
l’ tout tan”.
Granmèt la
kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 12-13. 17 e
19
R/ M’ap leve, m’a pral lakay papa m’.
Pitye pou
mwen, Bondye, daprè kè sansib ou;
daprè
kantite kon kè ou, efase fot mwen an.
Leve m’ nèt
sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè
pwòp nan mwen,
Bondye, refè
yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan
mwen.R.
Granmèt,
louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze,
yon kè ki
kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Jezikri
vini pou l’ sove moun ki nan peche yo”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 12-17
Ou menm mwen
renmen anpil la: Sila a ki ban m’ asirans la, Jezikri Granmèt nou an, mwen di
l’ mèsi paske li fè m’ konfyans antan li mete
m’ nan sèvis sakre a: mwen menm
ki t’ap derespekte Bondye lontan, ki t’ap
pèsekite l’, ki t’ap fè l’ afwon; men
mwen jwenn kè sansib Bondye a, paske mwen pa t’ konnen sa m’ t’ap
fè, lè m’ pa t’ gen lafwa a. Men favè
Granmèt nou an depase mezi, avèk lafwa ak renmen ki nan Jezikri a.
Pawòl sa a merite konfyans, li
merite yo resevwa l’: sèke Jezikri vini sou
tè sa a pou l’ sove moun ki nan peche
yo, se mwen menm ki premye nan yo. Men mwen jwenn kè sansib, pou Jezikri te
kapab montre tout pasyans li nan mwen menm tou dabò, pou m’ sèvi modèl pou sila yo ki te gen pou yo
kwè nan li pou lavi tout tan an. Wa syèk
tan yo, ki p’ap mouri a, li menm yo pa kapab wè a, sèl Bondye a, konsiderasyon
ak bèlte pou li pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Ap gen kè
kontan nan syèl la pou yon sèl peche ki fè penitans”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ LIK KI SEN 15, 1-32
Lè sa a:
Pibliken yo ak
pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen yo ak pwofesè
yo t’ap babye, yo t’ap di: “Sila a resevwa pechè yo, li manje avèk yo”.
Li
bay parabòl sa a pou yo, li di: “Kilès nan nou, si l’ gen san mouton epi,
si l’ pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendisnèf yo nan savann nan pou l’ al chèche
sa k’ pèdi a joustan
li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li mete l’ sou zepòl li ak kè kontan,
li rive lakay li, li rasanble zanmi ak vwazen yo,
li di yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen,
paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
Mwen di nou ap gen plis kè kontan
nan syèl la pou yon pechè ki fè penitans, pase pou katrevendisnèf moun kòrèk ki pa bezwen penitans.
Oubyen kilès madanm, si l’ gen dis
pyès lajan, epi li pèdi youn ladan,
pou l’ pa limen lanp, mete kay la bouch
anba, chèche avèk swen, joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li rasan- ble zanmi ak vwaze l’, li di: “Fè
kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn
pyès lajan an mwen te pèdi a”. Se konsa, mwen di nou, ap gen kè kontan
devan mesaje Bondye yo pou yon sèl
pechè ki fè penitans.”
Li di ankò: “Te gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a di papa a: “Papa, ban m’ pòsyon eritaj ki
destine pou mwen an”. Li sepa- re eritaj
la ba yo. Pa gen anpil jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase
tout afè l’, li pati, l’al fè wout li nan yon
peyi byen lwen; lè l’ rive la, li gaspiye eritaj li a antan l’ap viv nan libètinaj. Lè l’ fin depanse tout ba- gay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon sa a, li menm li kòmanse nan bezwen. Li pati, l’al nan sèvis yon mesye nan peyi sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te
anvi plen vant li ak grenn bwa yo, sa
kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa
t’ ba li.
Li antre nan fon kè l’, li di:
“Konb- yen jounalye nan lakay papa m’ gen kont pen yo, kanta mwen menm menm
m’ap mouri grangou isit la! M’ap leve, m’a pral lakay papa m’, m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen deja pa
merite pou yo rele m’ pitit ou; trete m’ tankou youn nan jounalye ou yo'. Li
leve, li vin jwenn papa l’. Pandan li te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak sansibilite, li kouri, li
lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’.
Pitit la di l’: “Papa, mwen fè peche
nan syèl la ak devan ou: mwen deja pa merite pou yo rele m’ pitit ou”.
Papa a menm di sèvitè yo: “Fè vit,
pote pi bèl rad la, abiye l’; mete yon bag nan men l’, ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a, touye
l’, n’ap manje, n’ap fete; paske pitit
mwen sa a a ki te mouri a, li reviv, li
te peri, nou jwenn li”. Epi yo kòmanse fete.
Men pi gran pitit gason li a te nan jaden;
lè l’ rive, li pwoche bò kay la, li tande chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki kalite
bagay sa yo.
Sila a menm di l’: “Se frè w’ la ki
vini, papa ou te touye towo a yo t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an
sante”. Lòt la menm fache, li refize antre; papa l’ blije soti, li kòmanse
lapriyè l’.
Li menm menm li reponn, li di papa l’: “Men konbyen ane m’ap sèvi ou,
mwen pa janm dezobeyi yon kòmandman
ou, epoutan ou pa janm ban m’ yon ti
kabrit pou m’ fete avèk zanmi m’ yo; men pitit ou sa a ki fin
devore eritaj li a avèk fi move vi, kon l’ rive,
ou touye towo yo t’ap angrese
a, poutèt li”.
Li menm li
di l’: “Pitit mwen, ou toujou avèk
mwen, tout sa m’ genyen se pou ou. Sèlman se pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan,
paske frè w’ sa a te mouri,
li reviv, li te peri,
nou jwenn li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Jezi vle fè n’ konnen
ke l’ pa vle youn nan nou pèdi. Li
vini pou nou tout jwenn delivrans la. N’ap jwenn delivrans kè kontan Bondye si
nou kite l’antre nan lavi nou. Si
nou kite peche nou yo. Nan premye lekti a, nou wè kèk non peche yo: envante pòtre ki pa Bondye tout bon an, fè ti dye pa nou, bliye Bondye ki bay tèt li pou nou an, Bondye ki toujou avè n’ nan, ki pa janm lage nou
an. Ti dye sa yo ap mande n’ sa nou pa genyen,
se divizyon yo simen,
se rayisans yo simen. Ou ka fè ti dye
pa w’, lè w’ kwè se ou sèl ki sove, Bondye se pou ou sèl li ye, Bondye pa pou
pechè yo, li pa ka chèche yo ni frape
pòt kè yo.
Frè
mwen, Bondye pa nan patipri;
li vini pou tout moun, sitou sila yo
ki pi lwen an, mouton ki sòti nan pak
la. Jezi vle nou menm kretyen, sitou
nan ane lafwa sa a, chèche frè nou yo ki te batize nan menm lafwa nou ki, jodi a, byen lwen Bondye. Fòk nou levanjelize.
Jezi vle rekonsilye n’ ak Bondye.
Menm jan ak Moyiz nou dwe ransanble pèp la, rekonèt lavi Bondye nan nou. Se pou nou menm pechè Jezi vini, pou nou jwenn lapè, padon nan men Bondye. Jezi di nou se moun ki malad ki bezwen doktè, se pa moun ki gaya. Se gwo fèt lè n’ va retounen
tout bon vre vin jwenn Jezi, lè n’a kite sèvi zidòl, lè n’a pa bay lwa yo pi gwo plas nan lavi nou, lè n’a sispann
trennen kò devan gangan, devan lwa, lè
n’a sispan pase vye beny sou nou, lè
n’a benyen nan beny renmen Jezi pote
pou nou, beny Lespri Sen an. Se pou
Bondye lavi a, Bondye tout bon vre a,
ki pa mele nan idolatri a, Bondye
Abrahan, Isak, Jakòb, Moyiz ak Jezikri a, toujou avèk nou; se pou li beni nou
byen beni.
LAPRIYÈ:
Bondye, gade pitit ou yo, ou konnen nou, ou renmen nou; fè nou tout sèvi ou
menm sèl ak tout kè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Vizite yon zanmi, yon pwochen, fè l’ sonje jan Bondye renmen li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario