Páginas

LENDI 16-9-2019


Koulè Wouj
KÒNÈY, Pap, ak SIPRIYEN KI SIN, Evèk, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Se pou yo lapriyè pou tout moun kot Bondye, li menm ki vle pou tout moun sove".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 2, 1-8
Ou mnem mwen si tèlman renmen an:
Mwen mande tou dabò pou yo pèsiste kot Bondye, pou yo lapriyè, pou yo fè demann, pou yo di mèsi, pou tout moun: pou wa yo ak tout moun ki nan yon plas ki wo, dekwa pou nou kapab viv an pè, byen trankil, nan tout devwa relijyon an, antan nou serye. An verite, se sa ki bon, se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi, li menm ki vle pou tout moun sove, pou yo rive jwenn konesans verite a.
Sèke se yon sèl Bondye ki genyen, se yon sèl entèmedyè tou ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se moun sa a, ki Kris la, Jezi, li menm ki renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans pou tout moun, kòm temwayaj nan tan ki byen chwazi yo; se pou temwayaj sa a menm yo mete m’ kòm moun k’ap preche ak kòm apot (se laverite mwen di, mwen pa bay manti), kòm pwofesè nasyon yo nan lafwa ak laverite.
Konsa mwen vle pou moun yo lapriyè tout kote, antan yo leve men ki pwòp, san kòlè ni diskisyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 27, 2. 7. 8-9 (r.: 6)
R/Konpliman pou Granmèt la, paske li koute vwa lapriyè m’.
Koute vwa lapriyè m’, pandan m’ap rele kote ou,
pandan m’ap lonje men m’ kot kay sakre ou la. R.
Granmèt sekou m’ ak pwoteksyon m’, nan li kè m’ espere,
mwen jwenn sekou, kè m’ap fete, m’ap fè lwanj li ak kantik mwen.R.
Granmèt la se fòs pèp li a, se kachèt delivrans kris li a.
Sove pèp ou a, beni eritaj ou a, swen yo, pote yo sekou tout tan.R.
LEVANJIL
"Menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 7, 1-10
Lè sa a:
Lè Jezi fin pale tout pawòl li yo nan zòrèy pèp la, li antre Kafanawòm. Yon kapitèn te gen yon sèvitè ki te malad, ki te prèt pou mouri, li te renmen sèvitè a anpil. Lè l’ tande pale sou Jezi, li voye ansyen yo nan Juif yo kote l’, pou lapriyè l’, pou l’ vin sove sèvitè l’ la.
Yo menm, lè yo rive kot Jezi, yo lapriyè l’ avèk ensistans, yo di l’: "Li merite pou ou rann li sèvis sa a; li renmen nasyon nou an, se li menm ki bati kay reyinyon an pou nou". Jezi menm ta prale avèk yo.
Pandan li pa t’ lwen kay la, kapitèn nan voye zanmi l’ yo kote l’, li di: "Granmèt, pa fatige ou; sèke mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa t’ konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri; sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sila a: 'Ale', epi li ale; epi lòt la 'Vini', epi li vini; epi sèvitè m’ nan: 'Fè sa', epi li fè l’".
Lè Jezi tande sa, li sezi, li vire kot foul yo ki t’ap suiv li a, li di: "An verite mwen di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a".
Sila yo li te voye a, yo tounen lakay la, yo jwenn sèvitè a ki te malad la, li geri".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te bay pèp ou a Kònèy ak Sipriyen ki sen, kòm gadyen ki devwe, kòm mati ki pa febli, fè nou favè pou, gras a priyè yo, nou jwenn fòs nan lafwa avèk pèseverans, epi pou nou travay san konte pou legliz la fè yon sèl. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario