Páginas

MADI 17-9-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Yon responsab legliz dwe san repwòch; dyak yo tou dwe kenbe mèvèy sakre lafwa a nan yon konsyans ki nèt”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 3,1-13
Ou menm mwen renmen anpil la:
Men yon pawòl ki merite konfyans: si yon moun anvi responsab legliz, se yon bon bagay li anvi a. Responsab legliz la dwe san repwòch, mari yon sèl madanm, se pou l’ metrize kò l’, pou l’ gen sajès, pou l’ konn reflechi, pou l’ gen bon konduit, pou l’ konn resevwa moun, pou l’ konn bay lansèyman, pou l’ pa lage kò l’ nan bwason, pou l’ pa renmen batay, men pou l’ tou dou, pou l’ pa nan diskisyon, pou l’ pa renmen lajan, men pou l’ dirije kay li byen, pou l’ fè pitit li yo obeyi antan yo kenbe kò yo dwat. Si yon moun pa konn dirije kay li, kijan pou l’ fè okipe legliz Bondye a? Se pa yon moun ki fèk konvèti, pou l’ pa gonfle nan lògèy, pou l’ pa tonbe nan kondanasyon dyab la. Se pou moun deyò yo bay bon temwayaj sou li, pou l’ pa tonbe nan afwon ak nan pyèj dyab la.
Dyak yo tou se pou yo kenbe kò yo byen, pou yo pa gen de pawòl, pou yo pa lage kò yo nan anpil diven, pou yo pa chèche avantaj malonèt, pou yo kenbe mèvèy sakre lafwa a nan yon konsyans ki nèt. Se pou yo eseye yo anvan, epi y’a sèvi konsa, si pa gen okenn kritik kont yo. Medam yo tou, yo dwe kenbe kò yo byen, san yo pa pale moun mal, se pou yo metrize kò yo, pou yo fidèl nan tout bagay. Dyak yo dwe gen yon sèl madanm, yo dwe kondui pitit yo ak moun lakay yo byen. Moun ki fè sèvis yo byen, yo resevwa yon bon grad, yo gen anpil asirans nan lafwa nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 100, l-2ab. 2cd. 5.6
R/ M’ap mache nan inosans kè m’.
M’ap chante kè sansib ak jijman an; pou ou, Granmèt, m’ap chante.
M’ap chèche konprann nan chemen ki san tach la; kilè w’ap vini kote m’? R.
M’ap mache nan inosans kè m’, nan mitan kay mwen an.
Mwen p’ap mete bagay ki pa kòrèk devan je m’, mwen rayi moun k’ap fè peche yo.R.
Moun k’ap fè tripotaj an sekrè kont pwoche l’ nan, moun sa a mwen te fè l’ mouri;
Moun k’ap leve je l’, k’ap gonfle kè l’, mwen pa t’ sipòte l’.R.
Je l’ sou fidèl yo ki sou tè a, pou yo chita avèk mwen;
Moun k’ap mache nan chemen ki san tach, se li menm k’ap sèvi m’.R.
LEVANJIL
“Jenòm, mwen di ou, leve”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 11-17
Lè sa a:
Jezi t’a pral nan yon vil yo rele Nayim; disip li yo ak yon gran foul t’a pral avèk li tou. Pandan y’ap pwoche bò pòt lavil la, te gen yon mò yo t’ap pote, sèl pitit gason manman l’; madanm sa a te vèv, te gen anpil foul lavil la avèk li.
Lè Granmèt la wè sa, li pran pitye pou li, li di l’: “Pa kriye”. Li pwoche, li touche sèkèy la. Moun yo ki t’ap pote yo, yo kanpe. Li di: “Jenòm, mwen di ou, leve”. Mò a chita, li kòmanse pale; Jezi renmèt li bay manman l’.
Sezisman pran tout moun, yo fè lwanj Bondye, y’ap di: “Yon gran pwofèt leve nan pami nou, Bondye vizite pèp li a”. Pawòl sa a gaye nan tout Lajide sou li, ak nan tout rejyon alantou a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario