Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Sakreman
relijyon an gran”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TI MOTE 3, 14-16
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen ekri ou bagay sa yo antan
mwen espere vin kote ou byen vit; si m’ fè reta, se pou ou konnen kijan pou ou
kondui tèt ou nan lakay Bondye a, ki legliz Bondye vivan an, kolòn ak fondman
verite a.
Mèvèy kache relijyon an, li gran
vre; li parèt nan chè a, yo rann li jistis nan Lespri a, li parèt devan Mesaje
yo, yo preche l’ bay nasyon yo, yo kwè l’ sou tè a, li monte nan bèlte a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 110, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Yo gran, travay Granmèt yo.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout
kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak legliz la.
Travay Granmèt yo gran, yo
merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay li se bèlte ak grandè,
jistis li dire pou tout tan gen tan.
Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la
gen kè sansib, li pran pitye.R.
Li bay moun ki respekte l’ yo
manje; k’ap sonje contra l’ la pou tout tan.
Li anonse pouvwa travay li yo
bay pèp li a, pou l’ ba li eritaj nasyon yo.R.
LEVANJIL
“Nou
chante, nou menm nou pa danse; nou chante chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 31-35
Lè sa a:
Granmèt la di: “Ak ki sa mwen ta
konpare lèzòm jenerasyon sa a? ak ki sa yo sanble? Yo tankou ti moun ki chita
sou laplas, youn ap pale ak lòt, y’ap di: “Nou chante pou nou ak flit, nou menm
nou pa danse; nou chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
Reyèlman vre Jan Batis rive, li
pa manje pen, li pa bwè diven, epi nou di: “Se yon demon li genyen”.
Pitit moun nan rive, l’ap manje,
l’ap bwè, epi nou di: “Men yon moun k’ap manje anpil, k’ap bwè diven, ki zanmi
pibliken yo ak pechè yo”. Men sajès la jwenn jistis nan men
tout pitit li yo”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario