Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Fè atansyon pwòp tèt ou ak lansèyman an: konsa w’a sove pwòp tèt ou ni
sila yo k’ap koute w’ la».
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 4, 12-16
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Piga pèsòn
meprize ou poutèt ou jèn jan; men se pou ou sèvi modèl pou fidèl yo, nan pawòl,
nan konduit, nan charite, nan lafwa, nan fason ou kenbe kò ou san tach. An
atandan mwen rive, mete tout efò ou nan lekti, nan prèch ak nan lansèyman. Pa
neglije favè a ki nan ou a, sa yo te ba ou a gras a pawòl pwofèt yo, antan prèt
yo te poze men sou ou a. Kalkile sou sa, met atansyon ou nan bagay sa yo, pou
tout moun wè klè kijan ou fè pwogrè. Fè atansyon pwòp tèt ou ak lansèyman an,
ensiste nan yo; antan ou fè sa, w’ap sove pwòp tèt ou, ni sila yo k’ap koute w’
la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 7-8. 9. 10
R/ Travay
Granmèt yo gran.
Travay men
l’, se verite ak jijman; tout kòmandman l’ yo fidèl,
yo asire pou
tout tan gen tan, yo fèt nan verite ak jistis.R.
Li voye
delivrans pou pèp li a, li kòmande contra l’ la pou tout tan. Non l’ sen, li
terib.R.
Kòmansman
sajès la se respè Granmèt la, se bon entelijans pou tout moun ki fè l’;
lwanj li dire
pou tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
“Yo padonnen
l’ anpil peche, paske li renmen anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 7, 36-50
Lè sa a:
Youn nan farizyen yo mande Jezi pou l’ vin manje avèk li. Jezi antre lakay farizyen an,
l’al sou tab. Yon madanm ki t’ap mennen yon vi peche nan lavil la vin rive, lè
l’ konnen Jezi te sou tab nan lakay farizyen an, li pote yon boutèy losyon; li
kanpe dèyè bò pye l’, li kòmanse wouze pye l’ ak dlo k’ap sot nan je l’, li
souye yo ak cheve tèt li, li bo pye l’, li pase losyon sou yo.
Lè farizyen an ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l’: “Sila a, si
se te pwofèt li te ye, li ta konnen sètènman kilès epi ki kalite moun madanm sa
a ye, li menm k’ap touché l’ la: se yon fi k’ap viv nan peche”.
Jezi pran lapawòl, li di l’: “Simon, mwen gen kichòy pou m’ di ou”.
Simon di l’: “Mèt, pale”.
“De moun te dwe yon moun ki konn prete lajan; youn te dwe senksan goud,
lòt la senkant. Kòm yo pa t’ kapab renmèt li, li fè yo toulede kado lajan an.
Kilès k’ap renmen l’ pi plis?”
Simon reponn, li di: “Mwen konsidere se sa li fè kado plis la”.
Jezi di l’: “Ou fè bon rezònman”.
Li vire kot madanm nan, li di Simon: “Ou wè madanm sa a? Mwen antre
lakay ou, ou pa ban m’ dlo pou pye m’; li menm menm se ak dlo nan je l’ li
wouze pye m’, ak cheve l’ li souye yo. Ou pa bo m’; li menm menm, depi l’
antre, li pa sispann bo pye m’. Ou pa pase luil sou tèt mwen; li menm menm li
vide losyon sou pye m’. Se pousa mwen di ou: Pakèt peche l’ yo padonnen, paske
li renmen anpil. Moun yo padonnen ti kras, li renmen ti kras”.
Jezi di madanm nan: “Peche ou yo padonnen”. Moun ki te sou tab ansanm ak
li yo, yo kòmanse ap di anndan kè yo: “Kilès sila a, k’ap padonnen ata peche
yo?”
Jezi menm di madanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale ak lapè”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a:
kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario