Páginas

VANDREDI 20-9-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Kanta ou menm, moun Bondye, suiv jistis la”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 6, 2c-12
Ou menm mwen renmen anpil la:
Se bagay sa yo pou ou anseye, pou ou preche. Si yon moun anseye yon lòt fason, si l’ pa aksepte pawòl Granmèt nou Jezikri ki solid yo, ni lansèyman ki regle sou relijyon an, se moun k’ap leve tèt li, ki pa konn anyen, li gen maladi vire alantou kesyon ak batay mo; nan bagay sa yo se lanvi ki leve, ak diskisyon, joure, move dout, kont ki pa kapab fini ki sot nan moun ki gen lespri yo gate, ki pa gen laverite a, ki konsidere relijyon an tankou bagay k’ap rapòte lajan.
Gen gran avantaj nan relijyon an si nou kontante nou ak sa nou genyen. Nou pa t’ pote anyen sou tè sa a: konsa tou, pa gen dout sou sa, nou pa kapab pote anyen sot sou tè sa a. Si nou gen manje ak dekwa pou nou abiye, nou mèt satisfè avèk bagay sa yo. Sèke moun ki vle vin rich yo, yo tonbe nan tantasyon ak nan pyèj dyab la, ak yon pakèt lanvi ki pa sèvi anyen, ki pa bon, k’ap nwaye moun yo nan lanmò k’ap pèdi yo. Rasin tout mal yo, se renmen lajan, moun ki met lide yo sou sa, yo devye sot nan lafwa a, yo rale anpil soufrans sou pwòp tèt yo.
Kanta ou menm, moun Bondye, kouri lwen bagay sa yo; suiv jistis la okontrè, relijyon an, lafwa a, charite a, pasyans la, dousè a. Batay bon batay lafwa a, kenbe lavi tout tan an, kote yo rele w’ la, sa ou te fè bèl deklarasyon lafwa pou li a devan pakèt temwen yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 48, 6-7. 8-10. 17-18. 19-20
R/ Se chans pou sila yo ki pòv nan lespri a, paske se pou yo rèy syèl yo ye.
Pouki pou m’ pè jou malè yo, lè mechanste pwofitè yo ap antoure m’ nan?
Yo menm ki met konfyans nan fòs yo,
yo menm k’ap fè lwanj tèt yo poutèt pakèt richès yo? R.
Sèke yon moun pa delivre pwòp tèt li; li p’ap bay Bondye pri delivrans peche l’.
Pri delivrans nanm li twò chè: l’ap manke jous nan dènye bout,
pou l’ ta viv jouska lafen, pou l’ pa ta wè lanmò.R.
Pa pè, lè yon moun vin rich, lè richès lakay li ap vin anpil.
Sèke, lè l’ap mouri, li p’ap pote tout bagay sa yo, richès li p’ap desann avèk li.R.
Malgre li t’ap fè konpliman pou nanm li nan lavi l’:
“Y’ap fè lwanj ou, paske ou aji byen ak tèt ou”;
Malgre sa l’ a pral jwenn ras zansèt li yo, ki p’ap janm wè limyè.R.
LEVANJIL
“Medam yo te avèk Jezi, yo t’ap sèvi l’ ak byen yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8, 1-3
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz yo te avèk li, ni kèk medam li te geri sot anba pouvwa move lespri ak maladi: Mari, sa yo rele Madlèn nan, sa l’ te wete sèt demon sot nan li a, Ján, madanm Chouza a, minis Ewòd la, Sizán, avèk anpil lòt medam ki t’ap sèvi l’ ak byen yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario