Páginas

SAMDI 21-9-2019


Koulè Wouj
MATYE KI SEN, Apot e Levangelis.
Fèt.
PREMYE LEKTI
“Li bay kèk moun gras pou yo apot, dòt menm pou yo evanjelis”.
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 1-7. 11-13
Frè m’ yo:
Mwen priye nou, mwen menm prizonye nan Granmèt la, pou nou mache korèk daprè direksyon vwa ki rele nou an, antan nou rete nan pòv ti kondisyon moun nou an, antan nou tou dou, antan nou pran pasyans pou nou youn sipòte lòt nan charite a; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la nan chenn lapè a: yon sèl kò ak yon sèl lespri, menm jan yo rele nou nan yon sèl esperans ki nan bout chemen kote yo rele nou an; yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm; yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki nan tout bagay epi ki nan nou tout.
Chak moun nan nou jwenn kado gras la daprè sa Jezikri mezire pou li a. Se li menm ki bay kèk moun gras pou yo apot, kèk lòt menm se pwofèt, dòt ankò se sa k’ evanjelis, dòt yo menm se gadyen ak savan sakre: konsa sen yo kapab vin kòrèk nèt nan travay sèvis la, antan kò Jezikri a ap bati, joustan nou tout nou rive fè yon sèl nan lafwa a ak nan konesans Pitit Bondye a, pou nou tout ansanm nou vin sèl moun sa a ki kòrèk nèt la, nan mezi dènye devlopman Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3.4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou, nuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo.
Sou tout tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Suiv mwen. Li leve, li suiv li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 9-13
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pase, li wè yon mesye ki te chita nan biwo kontribisyon an, yo te rele l’ Matyte; li di l’: “Suiv mwen”. Li leve, li suiv li.
Rive antan li sou tab nan kay la, anpil kolèktè ak pechè te vini, yo te sou tab avèk Jezi ak disip li yo.
Lè farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: “Pouki sa mèt nou an ap manje avèk prepoze yo ak pechè yo?”
Jezi menm ki tande sa, li di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se sa ki malad. Al aprann sa sa vle di: “Se mizerikòd mwen vle, se pa sakrifis”; sèke mwen pa vini pou m’ rele moun ki kòrèk yo, men se pechè yo mwen vin rele”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye, poutèt mizerikòd ou ki san parèy, ou te aksepte chwazi Matye ki sen kòm Apot, sot nan ran pibliken, tanpri, fè nou favè, pou nou jwenn sekou nan ekzanp li ak priyè l’,  pou nou suiv ou, pou nou merite kole kò nou solid kote ou. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario