Koulè Vèt
VENNSENKYÈM
DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Kont sila yo k’ap “achte pòv yo ak lajan-an””.
NAN LIV PWOFÈT AMÒS 8, 4-7
Koute sa,
nou menm k’ap kraze pòv la, k’ap fè
malere yo tonbe nan peyi a, n’ap di: “Kilè pou mwa a pase, pou nou vann machandiz yo? Kilè pou Saba a pase, pou nou louvri depo ble yo, pou nou fè mezi a vin pi piti, pou nou monte pri a, pou nou deregle balans yo; konsa n’a achte pòv yo ak lajan ak malere yo pou yon pè sapat,
jous pay ble a n’ap van”.
Granmèt la
fè sèman sou logèy Jakòb: “Mwen pa gen dwa janm bliye tout aksyon yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 4-6. 7-8
R/ Fè lwanj Granmèt la, li menm
ki leve pòv la.
Fè lwanj, ti moun Granmèt la,
Fè lwanj pou non Granmèt la.R
Se pou non
Granmèt la beni depi koulye a e pou tout tan.R.
Granmèt la wo anlè tout nasyon, anlè
syèl yo bèlte l’ ye.R.
Kilès ki tankou Granmèt Bondye nou an, li menm ki abite
nan wotè yo,
ki voye je sou pòv yo nan syèl la ak
sou tè a? R.
Li leve pòv
la sot atè a, li leve malere a sot nan fatra a,
pou l’ fè 1’
chita avèk chèf yo, avèk chèf pèp li
yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou yo lapriyè pou tout moun kot Bondye, li menm
ki vle pou tout moun sove”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 2, 1-8
Ou menm mwen
renmen anpil la: Mwen mande tou dabò pou yo pèsiste kot Bondye, pou yo lapriyè,
pou yo fè demann, pou yo di mèsi, pou tout moun: pou wa yo ak tout moun ki nan yon plas ki wo, dekwa pou nou kapab viv
an pè, byen trankil, nan tout devwa
relijyon an, antan nou serye. An verite se sa ki bon, se sa ki fè Bondye
Sovè nou an plezi, li menm li vle pou tout moun sove, pou yo rive nan
konesans laverite a.
Sèke se yon
sèl Bondye ki genyen, se yon sèl entèmedyè tou ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se moun sa a, Kris la, li menm ki
renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans
pou tout moun, kòm temwayaj nan tan
ki byen chwazi yo; se pou temwayaj sa a menm yo mete m’ kòm moun
k’ap preche ak kòm apot (se laverite
mwen di, mwen pa
bay manti), kòm pwofesè nasyon yo
nan lafwa ak laverite.
Konsa mwen
vle pou moun yo lapriyè tout kote, antan yo leve men ki pwòp, san kòlè ni diskisyon.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Nou pa
kapab sèvi Bondye avèk lajan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 1-13
Lè sa a:
Jezi t’ap di disip li yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li te
gen yon jeran, yo denonse jeran an kote l’, yo di li t’ap gaspiye byen l’ yo. Li rele jeran an, li di l’: “Kisa m’ tande sou ou a? Rann kont sou sèvis
ou, paske ou p’ap kapab responsab byen yo ankò”.
Jeran an di
nan kè l’: “Kisa pou m’ fè, paske mèt
mwen wete plas la nan men m’? Travay
latè, mwen pa kapab; mande lacharite,
m’ap wont. Mwen konnen kisa m’ap fè, pou lè yo
revoke m’ nan travay la, mwen jwenn moun
ki resevwa m’ lakay yo”.
Li rele chak
moun ki dwe mèt li, apa, li di premye
a: “Konbyen ou dwe mèt mwen?” Li di: “San barik luil. Li di
l’: “Pran biye w’ la, chita vit: ekri senkant”. Aprè sa, li di yon lòt: “Ou
menm konbyen ou dwe?”' Li di: “San sak
farin”. Li di l’: “Pran biye w’ yo, ekri
katreven”. Mèt la fè lwanj jeran malonèt la, paske li te aji avèk ladrès;
sèke pitit syèk sa a yo gen plis ladrès avèk ras yo pase pitit limyè yo.
Mwen menm mwen di nou: “Fè zan-
mi avèk lajan malonèt la; pou lè nou pa
genyen, yo kapab resevwa nou nan
joupa tout tan yo.
Moun ki fidèl nan ti kras, li fidèl tou
nan anpil, moun ki malonèt nan ti kras,
li malonèt tou nan anpil. Konsa, si nou pa t’ fidèl nan lajan malonèt
la, kilès k’ap konfye nou sa k’ vre a? Si nou pa t’ fidèl nan bagay
moun, kilès k’ap ba nou pwòp afè pa
nou?
Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt:
oubyen l’ap rayi youn, l’ap renmin lòt la; oubyen l’ap kole kò l’ sou youn,
l’ap meprize lòt la.
Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«Fè lwanj Granmèt la, li leve pòv yo» (Sòm 112).
Nou menm pòv,
nou gen yon gwo avoka k’ap plede kòz nou. Se pa menm jan ak anpil avoka nou konnen ki di y’ap defann dwa moun epi se
piye y’ap piye pòv yo, se lajan y’ap fè sou tèt yo.
Pwofèt Amòs
mande n’ sispann piye pòv yo, sispann fè moun abi, sispann eksplwate moun.
Jezi vle
chanjman, li vle nou pran ka pòv yo. Yo se
moun, yo se pitit menm Papa ak nou. Jezi mande
tou, nan pawòl jodi a, pou nou ret fidèl ak li. Pa gaspiye byen l’ yo. Pa lontan
y’ap mande nou kont. Si tout konfyans
ou se sou lajan li ye w’ap soufri anpil. Pa bay lajan plas Bondye nan lavi w’. Nou pa kapab sèvi de
mèt alafwa. Swa nou ak Bondye, swa nou ak ènmi
Bondye a.
Sa k’ pa avè n’ li kont nou. Nou gen de pye, nou pa kab kouri nan
de chemen. Pwovèb kreyòl la di nou: «chen gen kat pye, li pa kapab kouri nan kat chemen». Jezi repran premye kòmandman pou nou ankò: Sèvi Bondye ak tout kè ou. Bay Jezi premye plas nan lavi ou. Si
se Jezi ki sant lavi w’, ou p’ap puije pòv yo, w’ap renmen yo, w’ap defann yo.
LAPRIYÈ: Bondye
pòv yo, pran ka nou. Pa kite lènmi
nou yo fin depafini ak nou, pale nan lespri yo, nan kè yo, pou yo konprann nou
se moun, nou se pitit ou, nou gen dwa pale, nou gen dwa mache, nou gen dwa
manje, nou gen dwa travay, nou gen
dwa al lekòl, nou gen dwa al lopital, nou gen dwa dòmi anndan yon kay, nou gen dwa viv ak diyite, nou gen
dwa touche byen pou travay nou fè yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Pa eksplwate moun: respekte valè ak diyite chak moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario