Páginas

LENDI 23-9-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Moun ki fè pati pèp Granmèt la, se pou l’ monte Jerizalèm, pou l’ bati kay Granmèt la".
KÒMANSMAN LIV ESDRAS 1, 1-6
Nan premye ane Siris, wa Pès yo, pou reyalize pawòl Granmèt la ki te sòti nan bouch Jeremi an, Granmèt la drese lespri Siris, wa Pès yo, li fè deklarasyon nan tout rèy li a, li menm voye lèt, li di:
"Men pawòl Siris, wa Pès yo: 'Tout rèy tè a, Granmèt Bondye syèl la ban mwen yo, se li menm ki pase m’ lòd pou m’ bati kay pou li nan Jerizalèm, ki nan peyi Jida a. Kilès nan nou ki fè pati tout pèp li a? Se pou Bondye l’ la avèk li: se pou l’ monte Jerizalèm, ki nan peyi Jida a, pou l’ bati kay Granmèt Bondye Izrayèl la: se li menm Bondye ki nan Jerizalèm. Tout lòt moun yo, nan nenpòt ki kote yo abite, se pou yo ba l’ konkou, chak moun kote l’ ye a, avèk lajan ak lò, ak pwovizyon, ak bèt, se pou yo ajoute kado pou yo ofri nan kay sakre Bondye a, kay sa a ki Jerizalèm nan' ".
Chèf fanmi Jida ak Benjamen yo leve, ni prèt yo ak levit yo, ak tout moun Bondye touche lespri yo, pou yo monte al bati kay sakre Granmèt la, kay sa a ki te Jerizalèm nan. Tout moun ki te alantou yo, yo ba yo kout-men, ak veso lajan ak lò, ak pwovizyon ak bèt, ak bijou, san konte kado yo t’ap ofri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r.: 3a)
R/ Granmèt la fè mèvèy avèk nou.
Lè Granmèt la te fè prizonye Siyon yo tounen an, nou te tankou nan rèv.
Lè sa a bouch nou te plen ak kè kontan, epi lang nou ak chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: "Granmèt la fè mèvèy avèk yo".
Granmèt la fè mèvèy avèk nou; nou vin gen kè kontan.R.
Granmèt, fè prizonye nou yo tounen tankou ravin nan sid yo.
Moun ki simen ak dlo nan je, yo ranmase ak chante fèt. R.
Yo t’a prale, yo t’ap kriye, antan y’ap pote semans pou simen an;
Y’ap vini sou wout la ak chante fèt, pandan y’ap pote zepi yo.R.
LEVANJIL
"Yo poze lanp sou etajè, pou moun k’ap antre yo wè limyè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8, 16-18
Lè sa a: Jezi di foul yo:
"Pèsònn pa limen yon lanp pou l’ kache l’ anba yon veso, oubyen pou l’ poze l’ anba kabann, men se sou yon etajè li poze l’, pou moun k’ap antre yo wè limyè a. Sèke pa gen anyen ki kache, ki p’ap parèt klè; pa gen anyen yo sere, pou yo pa konnen l’, pou l’ pa vin klè.
Gade byen kijan n’ap koute; paske moun ki genyen, y’ap ba li; tout moun ki pa genyen, menm sa l’ konprann li genyen an y’ap wete l’ nan men li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario