Páginas

MADI 24-9-2019

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Yo fini kay Bondye a, yo fè Pak la".
LEKTi LIV ESDRAS, 7-8. 12b. 14-20
     Jou sa yo: Wa Dariyis ekri chèf rejyon ki lòt bò larivyè a, li di:
"Kite chèf Juif yo ak ansyen yo bati kay sakre Bondye a, pou yo kapab bati kay Bondye sa a nan plas li. Mwen pase lòd tou pou nou kite chèf Juif yo bati kay Bondye a; nan richès wa a, sa vle di nan enpo rejyon lòt bò larivyè a bay yo, y’a pran pou yo bay mesye sa yo, pou travay la pa jwenn baryè. Mwen menm Dariyis, mwen deklare desizyon an, mwen vle pou yo reyalize l’ kòrèk".
Ansyen Juif yo t’ap bati kay la, yo t’ap fè pwogrè, daprè deklarasyon pwofèt Aje avèk Zakari pitit Ado te fè davans; yo bati, yo monte kay la, daprè lòd Bondye Izrayèl la avèk lòd Siris ak Dariyis avèk Ataksèsès, wa Pès yo, yo fini kay Bondye sa a jous twazyèm jou mwa Ada a, nan sizyèm ane rèy wa Dariyis.
Pitit Izrayèl yo, prèt yo ak levit yo ak tout rès pitit yo ki te tounen sot nan ekzil yo, yo fete konsekrasyon kay Bondye a avèk kè kontan; alokazyon konsekrasyon kay Bondye a, yo ofri san towo, de san kabrit, kat san mouton, douz bouk pou peche tout Izrayèl, daprè kantite fanmi Izrayèl la. Yo enstale prèt yo daprè klas yo ak levit yo daprè gwoup yo, pou aktivite Bondye yo nan Jerizalèm, daprè sa k’ ekri nan liv Moyiz la.
Pitit Izrayèl yo ki te vin sot an ekzil yo, yo fè Pak la sou katòzyèm jou premye mwa a. Prèt yo ak levit yo, yo pwòpte tankou yon sèl moun: yo tout yo pwòpte pou yo sakrifye Pak la pou tout pitit yo ki te vin sot an ekzil yo, ni pou frè yo, ni pou yo menm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121, 1-2. 3-4a. 4b-5 (r.: cf 1)
R/ Nan kay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen kontan poutèt yo di m’: "Nan kay Granmèt la n’a prale".
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Sèke se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la.
Sèke se la fotèy yo enstale pou jijman an, fotèy kay David la.R.
LEVANJIL
"Manman m’ ak frè m’, se sila yo ki koute pawòl Bondye a, k’ap fè li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8, 19-21
Lè sa a:
Manman Jezi ak frè l’ yo vin kote l’, men yo pa t’ kapab pwoche kote l’ akoz foul la.
Yo anonse l’: "Manman ou ak frè ou yo kanpe deyò a, yo vle wè ou".
Li reponn, li di yo: "Manman m’ an frè m’ yo, se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a, epi k’ap fè l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario