Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Nan
esklavaj nou an, Bondye pa t’ lage nou”.
NAN LIV
ESDRAS 9, 5-9
Mwen menm,
Esdras, nan sakrifis aswè a, mwen leve sot nan soufrans mwen an, mwen chire
manto m’ ak chemiz mwen, mwen met jenou m’ atè, mwen leve men m’ kot Granmèt
Bondye mwen, mwen di:
“Bondye
m’, mwen wont, mwen jennen pou m’ leve fas mwen kote ou, paske peche nou yo vin
anpil sou tèt nou, fot nou yo devlope jous nan syèl la, depi sou jou zansèt nou
yo. Men nou menm tou nou fè peche ki lou jous nan jou jodi a; pou peche nou yo
yo lage nou, ni nou menm ni wa nou yo ni prèt nou yo, nan men wa yo sou tè a,
nan epe, nan ekzil, nan piyay, ak nan lawont figi, tankou jodi a menm.
Koulye a,
tankou yon ti kras pou yon ti moman, lapriyè nou rive kot Granmèt Bondye nou
an, pou yo lage rès nou yo, pou yo ba nou yon ti pikèt joupa nan kote l’ ki sen
an, pou Bondye nou an klere je nou, pou l’ ba nou yon ti lavi nan esklavaj nou
an.
Sèke nou
se esklav, men nan esklavaj nou an Bondye nou an pa t’ lage nou; okontrè li fè
nou jwenn kè sansib devan wa Pès yo, pou l’ ba nou lavi, pou l’ fè kay Bondye
nou an vin bèl, pou l’ drese miray li yo ki te kraze yo, pou l’ ba nou yon
lantouraj nan Jida ak Jerizalèm”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS Tob 13, 2. 4. 6. 7. 8
R/ Granmèt, ou gran, pou tout tan.
Sèke se
ou menm ki pini, ki sove, ki kondui anba tè, ki ramne, pèsonn pa chape nan men
ou.R.
Sèke li
te gaye nou nan pami nasyon yo, ki pa rekonèt li yo, pou nou te kapab rakonte
mèvèy li yo, pou nou te kapab fè konnen yo, paske pa gen okenn Bondye ki gen
tout pouvwa sof li menm.R.
Konsidere
sa l’ fè nou, avèk respè ak krent se pou nou fè lwanj pou li,
fè lwanj wa syèk tan yo nan
aksyon nou yo.R.
Mwen menm nan tè kote m’ ekzile
a, m’ap fè lwanj li,
paske li montre bèlte l’ nan yon
nasyon ki nan peche.R.
Konsa se pou nou tounen, pechè
yo, fè sa ki korèk devan Bondye,
antan nou kwè l’ap fè kè l’
sansib pou nou.R.
LEVANJIL
“Li voye
yo preche rèy Bondye a, pou yo geri malad yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 1-6
Lè sa a:
Jezi rele douz Apot yo, li ba yo
fòs ak pouvwa sou tout demon yo, epi pou yo geri maladi yo. Li voye yo preche
rèy Bondye a, epi geri malad yo.
Li di yo: “Pa pran anyen sou
wout la, ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa gen de chemiz. Nan nenpòt ki
kay nou antre, rete la, epi se la pou nou deplase al yon lòt kote. Moun ki pa
resevwa nou, sòti nan lavil la, menm pousyè pye nou, souke l’ kòm temwayaj kont
yo”. Yo pati, yo fè tout tou a, nan bouk yo, y’ap preche levanjil la, y’ap fè gerizon
tout kote.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario