Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Bati kay la, m’ap jwenn plezi m’ nan li".
KÒMANSMAN LIV PWOFÈT AJE 1, 1-8
Nan dezyèm ane wa Dariyis la, sou sizyèm mwa a, nan premye
jou mwa a, pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje sou Zowobabèl, pitit
Salatyèl, chèf Jida, epi sou Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf la, li di:
"Men pawòl Granmèt lame yo, ki di: Pèp sa a di: «Li pa ko rive, tan pou
bati kay Granmèt la».
Pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje, li di:
«Èske tan an rive pou nou pou nou abite nan kay ki byen plafonnen, epi kay sa a
menm pèsòn pa okipe l’? Koulye a men pawòl Granmèt lame
yo: «Kalkile nan kè nou sou wout nou yo. Nou simen anpil, men nou rekòlte yon
ti kras; nou manje, men nou pa gen vant plen; nou bwè, men nou pa pase swaf
nou; nou abiye nou, men nou pa cho; moun ki ranmase pri travay li, li mete yo
nan yon bous ki gen twou».
Men pawòl
Granmèt lame yo: «Kalkile nan kè nou sou wout nou yo, monte sou mòn nan, pote
bwa, bati kay la, l’ap fè m’ plezi, m’ap jwenn bèlte m’ nan li», deklarasyon
Granmèt la".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante
pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo.
Se pou
Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou
yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske
Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a,
L’ap fè
pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
Se pou
sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj
Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Jan, mwen
te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen tande tout bagay sa yo sou li a? »
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 7-9
Lè sa a:
Ewòd, ki
te chèf ka peyi a, tande tout sa Jezi te fè; li t’ap ezite, paske gen kèk moun
ki t’ap di se Jan ki leve sot nan pami mò yo, dòt menm t’ap di se Eli ki parèt,
dòt ankò t’ap di se yon pwofèt nan sa lontan yo ki leve.
Ewòd menm
di: «Jan, mwen te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen tande tout bagay sa yo sou
li a?" Epi li t’ap chèche pou l’ wè l’.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario