Páginas

VANDREDI 27-9-2019


Koulè Blan.
VENSAN DE PÒL KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Yon ti moman ankò, m’ap plen kay sa a ak bèlte".
LEKTI LIV PWOFÈT AJE 2, lb-10
Nan dezyèm ane wa Dariyis, sou setyèm mwa a, venteyinyèm jou mwa a, pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje, li di: "Pale ak Zorobabèl, pitit Salatyèl, chèf Jida, ni ak Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf la, ni ak tout rès pèp la, w’a di: « Kilès ki rete nan pami nou, ki te wè kay sa a nan bèlte lontan l’ nan? Epi sa nou wè koulye a? Èske sa k’ la a koulye a se pa tankou si se pa t’ anyen, devan je nou? Koulye a pran kouraj, Zorobabèl, deklarasyon Granmèt la, pran kouraj, Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf, pran kouraj, tout pèp tè a, deklarasyon Granmèt lame yo; reyalize (paske mwen avèk nou, deklarasyon Granmèt lame yo), reyalize pawòl la mwen te angaje avèk nou an, lè nou t’ap kite peyi Lejip la; lespri m’ ap nan mitan nou: pa pè».
Paske men pawòl Granmèt lame yo: «Yon ti moman ankò, m’ap souke syèl la ak tè a ak lanmè a ak dezè a, m’ap souke tout nasyon yo; Sila a tout nasyon yo ap tann nan, l’ap rive, m’ap plen kay sa a ak bèlte, deklarasyon Granmèt lame yo. Lajan an se pou mwen, lò a se pou mwen, deklarasyon Granmèt lame yo. Bèlte dènye kay sa a ap pi gran pase premye a, deklarasyon Granmèt lame yo, nan kote sa a, m’ap bay lapè, deklarasyon Granmèt lame yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 42, 1. 2. 3. 4 (r.: cf 5bc)
R/ Espere nan Bondye; m’ap fè lwanj li, delivrans fas mwen ak Bondye mwen.
Jije m’, Bondye, ekzamine kòz mwen sot nan men nasyon ki pa sen;
anba men moun mechan an k’ap bay manti a, sove m’.R.
Paske ou se Bondye kachèt mwen; pouki sa ou te repouse m’ nan,
pouki sa m’ap mache tou tris, pandan lènmi m’ ap fè m’ pase tray? R.
Voye limyè ou ak verite ou; se yo menm k’ap kondui m’,
k’ap mennen m’ sou mòn ou a ki sen an, ak nan joupa ou la.R.
M’ap antre kot lotèl Bondye a, kot Bondye kè kontan m’ ak fèt mwen an.
M’ap fè lwanj ou sou gita, Bondye, Bondye m’.R.
LEVANJIL
"Ou se Kris Bondye a. Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 18-24
Lè sa a:
Jezi t’ap lapriyè pou kont li, disip yo te avèk li. Li poze yo kesyon, li di: "Kilès foul yo di mwen ye?"
Yo reponn, yo di: "Jan Batis; dòt menm Eli; dòt ankò se youn nan pwofèt lontan yo ki leve".
Men li di yo: "Nou menm menm kilès nou di mwen ye?"
Simon Pyè pran lapawòl, li di: "Kris Bondye a".
Jezi menm menase yo, li pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsònn sa, li di: "Sèke Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo rejte l’, ni chèf prèt yo, ni pwofesè yo, l’ap mouri, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan".
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te plen prèt Vensan ki sen avèk fòs apot yo pou sove pòv yo avèk fòmasyon prèt yo, tanpri, fè nou cho ak menm espri sa a, pou nou renmen sa l’ te renmen, pou nou reyalize sa l’ te anseye. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario