Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Men
m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou".
LEKTI LIV
PWOFÈT ZAKARI 2, 1-5. 10-lla
Mwen leve je m’, mwen wè; men yon
mesye, nan men l’ se yon kòd pou mezire, mwen di: "Ki kote w’a
prale?" Li di m’: "M’a pral mezire Jerizalèm epi m’a wè ki lajè l’,
ak ki longè l’".
Men Mesaje a ki t’ap pale avèk
mwen an vin ap sòti, yon lòt Mesaje pwoche devan fas li, li di l’: "Kouri,
pwoche pale ak ti gason sa a, w’a di: «Y’ap abite Jerizalèm san li pa gen
miray, poutèt kantite moun ak bèt ki nan mitan l’»."M’ap yon miray dife
pou li toutalantou l’, deklarasyon Granmèt la, m’ap yon bèlte nan mitan
l’".
"Fè lwanj, fè kè ou kontan,
pitit fi Siyon, paske men m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou, deklarasyon
Granmèt la. Anpil nasyon ap kole kò yo sou Granmèt la jou sa a,
y’ap pèp mwen, m’ap abite nan mitan ou".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS Jer 31, 10. ll-12ab. 13 (r.: lOd)
R/ Se pou Granmèt la
veye sou nou tankou yon gadyen sou bann mouton l’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon
yo, anonse l’ nan zile yo ki lwen yo,
di "Sila a ki te gaye
Izrayèl la, l’ap rasanble l’,
l’ap pwoteje l’, tankou yon
gadyen fè pou bann mouton l’".R.
Sèke Granmèt la delivre Jakòb, li
sove l’ sot nan men sa k’ pi fò a.
Y’ap vini, y’ap fè lwanj sou mòn
Siyon,
y’ap rasanble vin nan richès Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap fete nan
dans, ni jèn jan yo, ni granmoun yo tou;
m’ap fè dèy yo a vin tounen kè
kontan, m’ap konsole yo,
m’ap fè kè yo kontan, nan plas
soufrans yo a.R.
LEVANJIL
"Pitit
moun nan, yo gen pou yo renmèt li. Yo te pè poze l’ kesyon sou pawòl sa
a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 43b- 45
Lè sa a:
Tout moun te sezi poutèt tout
bagay Jezi t’ap fè, li di disip li yo: "Mete pawòl sa yo byen nan kè nou:
«Pitit moun nan, yo gen pou yo renmèt li nan men lèzòm».
Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl
sa a, li te ret vwale devan yo, pou yo pa konprann li, epi yo te pè poze l’
kesyon sou pawòl sa a.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye jodi
a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario